BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Matye 12:1-8
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 12 Nan epòk sa a, Jezi t ap pase nan mitan kèk jaden ble yon jou saba. Disip li yo te grangou e yo kòmanse kase kèk grap ble pou yo manje+. 2 Lè Farizyen yo wè sa, yo di l: “Apa disip ou yo ap fè yon bagay yo pa gen dwa fè nan jou saba a+!” 3 Li di yo: “Èske nou pa li ki sa David te fè lè li menm ak mesye ki te ansanm avè l yo te grangou+, 4 jan li te antre nan kay Bondye a e yo te manje pen yo konn prezante devan Bondye yo+, yon bagay ni li menm ni moun ki te avè l yo pa t gen dwa manje, alòske se prèt yo sèlman ki gen dwa manje yo+? 5 Oswa, èske nou pa li nan Lalwa, nan jou saba a, prèt yo fè sèvis nan tanp lan, epoutan yo pa koupab poutèt sa+? 6 Ebyen, m ap di nou sa: Gen yon moun la a ki pi enpòtan pase tanp lan+. 7 Men, si nou te konprann sa sa vle di: ‘Se mizèrikòd mwen vle+, se pa sakrifis+’, nou pa t ap kondane moun ki inosan. 8 Paske, Pitit lòm nan se Seyè saba a+.”

  • Lik 6:1-5
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 6 Twouve, yon jou saba, pandan li t ap pase nan mitan kèk jaden ble, disip li yo kase kèk grap ble+, yo fwote yo nan men yo e yo manje yo+. 2 Gen kèk Farizyen, lè yo wè sa, yo di: “Poukisa n ap fè yon bagay moun pa gen dwa fè nan jou saba a+?” 3 Men, Jezi reponn yo: “Nou pa janm li sa David te fè lè li menm ak mesye ki te ansanm avè l yo te grangou+? 4 Li te antre nan kay Bondye a, yo te ba l pen yo te konn prezante devan Bondye yo, li te manje e li te bay mesye ki te avè l yo kèk ladan yo, alòske se prèt yo sèlman ki gen dwa manje yo+.” 5 Apre sa, Jezi di yo: “Pitit lòm nan se Seyè saba a+.”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje