BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 2 Samyèl 7:8
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 8 Kounye a, men sa pou w di David, sèvitè m nan: ‘Men sa Jewova, Chèf lame yo, di: “Se mwen menm ki te pran w nan patiraj kote w t ap pran swen mouton yo+ pou m fè w vin chèf sou Izrayèl, pèp mwen an+.

  • 2 Samyèl 7:12
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 12 Lè jou w yo rive nan bout yo+, e w al repoze bò kot zansèt ou yo, m ap fè yon desandan w*, pwòp pitit gason w*, ranplase w, e m ap fè wayòm li an byen chita+.

  • Sòm 132:11
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 11 Jewova te fè David sèman,

      E se sèten l ap respekte pawòl li. Li te di:

      “Gen youn nan desandan w* yo

      M ap mete chita sou twòn ou an+.

  • Ezayi 9:7
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    •  7 Gouvènman l lan ap kontinye gen plis pouvwa

      E lapè ap kontinye blayi nètale+

      Sou twòn David la+ e sou wayòm li an,

      Pou wayòm nan ka byen tabli+ e pou l ret djanm

      Grasa sa ki jis+ ak sa ki dwat+,

      Depi kounye a e pou toutan.

      Jewova, Chèf lame yo, byen deside fè sa.

  • Ezayi 11:1
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 11 Gen yon ti branch+ k ap pouse nan chouk Jese a+,

      Gen yon boujon+ k ap soti nan rasin li e k ap bay fwi.

  • Ezayi 11:10
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 10 Jou sa a, rasin Jese a+ ap kanpe tankou yon siy pou pèp yo+.

      Nasyon yo ap chèche direksyon nan men l*+,

      E kote l rete a ap vin gen anpil glwa.

  • Jeremi 23:5
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 5 “Tande sa! Gen yon lè k ap vini”, se sa Jewova di, “kote m ap fè yon boujon* soti nan David, e boujon sa a ap renmen sa ki dwat+. Wi, gen yon wa ki pral dirije+ k ap montre li gen bon konprann, k ap fè sa ki dwat e k ap fè moun jwenn jistis nan peyi a+.

  • Matye 1:1
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 1 Liv sa a rakonte istwa lavi* Jezi Kris*, pitit David+, pitit Abraram+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje