-
Matye 7:13, 14Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
13 “Pase nan pòt ki jis la+. Paske, pòt ki mennen nan destriksyon an se yon pòt ki laj, e wout ki mennen nan destriksyon an se yon wout ki gran, e anpil moun pase ladan l. 14 Men, pòt ki mennen nan lavi a se yon pòt ki jis, e wout ki mennen nan lavi a se yon wout ki jennen, e se kèk grenn moun ki jwenn li+.
-
-
Filipyen 3:12-14Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
12 Sa pa vle di mwen deja jwenn rekonpans lan oswa mwen deja vin pafè, men m ap kontinye kouri+ pou m wè si mwen menm tou m a met men sou sa Kris Jezi te chwazi m pou li a*+. 13 Frè m yo, mwen poko konsidere mwen met men sou li. Men, gen yon bagay mwen sèten: Mwen bliye bagay ki dèyè yo+ e mwen lanse dèyè bagay ki devan yo+, 14 m ap kouri pou m ka jwenn rekonpans lan+. Rekonpans sa a se lavi nan syèl la Bondye ap bay moun li rele+ pa mwayen Kris Jezi yo.
-
-
1 Timote 6:12Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
12 Konbat nan bèl konba lafwa a. Kenbe lavi ki pap janm fini an fèm, lavi yo te rele w pou li a, lavi ou te fè bèl deklarasyon pou li devan anpil temwen an.
-