BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Matye 26:47-50
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 47 Li potko menm fin pale, Jida, youn nan 12 apot yo, vini ak yon gwo foul moun ki te gen epe ak baton nan men yo. Se prèt an chèf yo ak ansyen yo ki te voye yo+.

      48 Twouve, moun ki t ap livre l la te ba yo yon siy, li te di: “Moun mwen bo a, se li menm. Arete l.” 49 Epi, li mache dwat sou Jezi, li di: “Bonjou, Anseyan!”, epi li bo l. 50 Men, Jezi di l: “Zanmi, sa w vin fè la a+?” Epi, moun yo avanse, yo met men sou Jezi, yo arete l.

  • Mak 14:43-46
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 43 Menm kote a, li potko menm fin pale, Jida, youn nan 12 apot yo, parèt avèk yon foul moun ki te gen epe ak baton nan men yo, e se prèt an chèf yo, espè nan Lalwa yo ak ansyen yo ki te voye yo+. 44 Twouve, moun ki t ap livre l la te met ansanm avèk yo e li ba yo yon siy, li te di: “Moun mwen bo a, se li menm. Arete l, epi veye l pandan n pral avè l.” 45 Epi, li mache dwat sou Jezi, li pwoche kote l, li di: “Anseyan*!” Epi, li bo l. 46 Konsa, yo met men sou li, yo arete l.

  • Jan 18:2, 3
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 2 Twouve, Jida, moun ki t apral livre l la, te konn kote sa a tou, paske Jezi t al la plizyè fwa ak disip li yo. 3 Se konsa, Jida akonpaye yon gwoup sòlda ansanm ak gad ki te souzòd prèt an chèf yo ak Farizyen yo, li vin avèk yo nan jaden an avèk tòch ak lanp ak zam+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2027)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje