7 “Arawon+ ap boule lansan ki santi bon+ sou lotèl la+. L ap fè lansan an fè lafimen sou lotèl la chak maten lè l ap netwaye lanp yo+. 8 Epitou, Arawon ap boule lansan lè l ap limen lanp yo nan aswè anvan l fin fè nwa. Se pou nou toujou fè ofrann lansan sa a pou Jewova jenerasyon apre jenerasyon.