16 “Paske, Bondye tèlman renmen monn nan, li bay sèl Pitit Gason li fè a pou li+, dekwa pou nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan li pa detwi, men pou l gen lavi ki pap janm fini an+.
19 Se sa k fè, Jezi reponn, li di yo: “Anverite m ap di nou sa: Pitit la pa ka deside poukont li pou l fè anyen, men se sèlman sa l wè Papa a fè li fè+. Paske, kèlkeswa sa Papa a fè, Pitit la fè yo menm jan an tou.
30 Mwen pa ka deside poukont mwen pou m fè anyen. Mwen jije selon sa Papa m di m*, e jijman mwen fè a jis+, paske se pa volonte pa m m ap chèche fè, men se volonte Sila a ki voye m nan+.