BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Matye 9:3, 4
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 3 Twouve, gen kèk espè nan Lalwa ki t ap di youn lòt: “Mesye sa a ap blasfeme.” 4 Kòm Jezi te konn sa k nan panse yo, li di: “Poukisa nou gen move lide nan kè nou+?

  • Mak 2:6-8
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 6 Twouve, gen kèk espè nan Lalwa ki te chita la ki t ap di nan kè yo+: 7 “Poukisa mesye sa a ap pale konsa? L ap blasfeme. Èske se pa Bondye sèlman ki ka padone peche+?” 8 Men, menm moman an, Jezi te wè ki rezònman yo t ap fè nan kè yo. Se sa k fè li di yo: “Poukisa n ap fè rezònman sa yo nan kè nou+?

  • Jan 1:47, 48
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 47 Jezi wè Natanayèl k ap vin kote l, epi li di: “Gade! Men yon Izrayelit ki vrèman pa gen riz nan li+.” 48 Natanayèl di l: “Ki jan w fè konnen m?” Jezi reponn, li di l: “Mwen te wè w depi anvan Filip te rele w, lè w te anba pye fig frans lan.”

  • Jan 6:64
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 64 Men, gen kèk nan nou ki pa kwè.” Paske, depi okòmansman, Jezi te konnen moun ki pa t kwè yo, e li te konnen moun ki t apral trayi l la+.

  • Revelasyon 2:23
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 23 M ap touye pitit li yo ak yon epidemi mòtèl. Konsa, tout kongregasyon yo ap konnen se mwen menm ki egzamine panse ki pwofon* e ki egzamine kè. E m ap ban nou chak sa nou merite, selon sa nou fè+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje