-
Matye 27:5-8Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
5 Lè sa a, li jete pyès monnen ann ajan yo anndan tanp lan. Apre sa, li soti l al pann tèt li+. 6 Men, prèt an chèf yo pran pyès monnen ann ajan yo, yo di: “Nou pa gen dwa pou n mete yo nan trezò sakre a, paske se lajan san yo ye.” 7 Apre yo fin pale youn ak lòt, yo sèvi ak lajan an pou yo achte teren atizan ki konn travay ak ajil la kòm yon kote pou yo antere etranje. 8 Se sa k fè, jis jodi a, yo rele teren sa a Teren San+.
-