BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Jowèl 2:28-32
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 28 Apre sa, m ap vide lespri m sou tout kalite moun+.

      Pitit gason nou yo ak pitit fi nou yo ap pwofetize*,

      Granmoun nou yo ap fè rèv,

      E jèn moun nou yo ap fè vizyon+.

      29 Epi, nan jou sa yo, m ap vide lespri m

      Ata sou esklav mwen yo, gason kou fi.

      30 M ap fè yon seri mèvèy* nan syèl la ak sou tè a.

      Ap gen san, dife ak anpil lafimen k ap monte+.

      31 Solèy la ap vin tou nwa e lalin nan ap tounen san+,

      Anvan gran jou Jewova a rive, yon jou ki bay laperèz+.

      32 E tout moun ki met konfyans yo nan* non Jewova ap sove+.

      Paske, moun k ap sove yo ap sou tout Mòn Siyon ak Jerizalèm+, jan Jewova di sa,

      Yo se moun Jewova rele e y ap chape.”

  • Women 10:13
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 13 Paske, “tout moun ki met konfyans yo nan non Jewova ap sove+”.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje