BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Jenèz 39:7-9
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 7 Annapre, madanm mèt Jozèf la te kòmanse gen je sou Jozèf, e li te di l: “Kouche avè m.” 8 Men, Jozèf pa t dakò e li te di madanm mèt li a: “Mèt mwen pa bay tèt li pwoblèm pou anyen k ap pase nan kay la e li ban m responsab tout sa l genyen. 9 Pa gen pèsonn ki gen plis otorite pase m nan kay sa a. Mèt mwen ban m pouvwa sou tout bagay, sof sou ou paske w se madanm li. Ki jan pou m ta ka fè gwosè mechanste sa a e pou m ta peche kont Bondye+?”

  • 1 Korentyen 6:9, 10
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 9 Èske se konnen nou pa konnen moun ki enjis yo pap benefisye* Wayòm Bondye a+? Pa twonpe tèt nou*. Moun k ap fè imoralite seksyèl*+, moun k ap adore zidòl+, moun k ap fè adiltè+, gason ki dakò lòt gason kouche yo+, gason k ap kouche ak gason*+, 10 moun k ap vòlè, moun ki ava+, moun ki bwasonyè+, moun k ap joure moun*, moun ki dechèpiyè pap benefisye Wayòm Bondye a+.

  • Efezyen 5:5
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 5 Paske, nou konn sa, nou rekonèt sa nou menm, ni moun k ap fè imoralite seksyèl*+, ni moun ki nan salte, ni moun ki ava+, sa vle di yon moun ki nan idolatri, pap gen eritaj nan Wayòm ki pou Kris ak Bondye a+.

  • Kolosyen 3:5
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 5 Se poutèt sa, fè manm kò nou+ ki sou tè a mouri anrapò ak imoralite seksyèl*, salte, dezi seksyèl san kontwòl+, anvi pou nou fè sa ki mal, e anrapò ak tanta, ki se idolatri.

  • 1 Tesalonisyen 4:3
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 3 Paske, volonte Bondye se pou nou vin sen+ e se pou nou evite imoralite seksyèl*+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje