-
Travay 15:7-9Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
7 Apre anpil gwo diskisyon*, Pyè leve kanpe, epi li di yo: “Frè m yo, nou konnen byen, depi nan kòmansman, Bondye te chwazi m pami nou pou l fè se nan bouch mwen moun ki nan nasyon yo tande pawòl bon nouvèl la pou yo ka kwè+. 8 Bondye, ki konnen kè moun+, te rann temwayaj lè l te ba yo lespri sen l+, menm jan li te fè sa pou nou tou. 9 Li pa t fè okenn diferans ant nou menm avèk yo+, men, piske yo te gen lafwa, li te pirifye kè yo+.
-