17 Paske, Jewova, Bondye nou an, se Dye ki anlè tout lòt dye yo+, se Seyè ki sou tèt tout seyè yo, se Bondye ki gran an, ki gen pouvwa a, ki merite respè a, Bondye ki pa gen patipri a+ e ki pa kite moun achte l.
7 Kidonk, se pou nou gen lakrentif pou Jewova+. Veye kò nou nan travay n ap fè a, paske Jewova, Bondye nou an, pa konn fè enjistis+, li pa gen patipri+ e moun pa ka achte l+.”
34 Lè sa a, Pyè kòmanse pale, li di: “Vrèmanvre, mwen rann mwen kont Bondye pa gen patipri+. 35 Nan tout nasyon, yon moun ki gen lakrentif pou li e k ap pratike sa ki jis, moun sa a fè l plezi+.