-
Women 4:9, 10Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
9 Bon, èske se moun ki sikonsi sèlman k ap jwenn kè kontan sa a, oswa èske moun ki pa sikonsi ap jwenn li tou+? Paske, nou di: “Lafwa Abraram te fè Bondye konsidere l kòm yon moun ki jis+.” 10 Ki lè lafwa l te fè yo konsidere l konsa a? Lè l te sikonsi oubyen lè l potko sikonsi? Se pa t lè l te sikonsi, men se lè l potko sikonsi.
-