BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Sòm 22:15
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 15 Mwen pa gen fòs ankò, mwen tankou yon moso veso ann ajil+,

      Lang mwen kole nan jansiv mwen+.

      Ou desann mwen byen ba nan pousyè pou m mouri+.

  • Ezayi 53:8
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    •  8 Yo te maltrete l* e yo te retire lavi l* san yo pa t jije l kòmsadwa.

      Ki moun ki pral enterese nan detay ki montre nan ki fanmi l* soti?

      Paske, yo te retire l pami moun ki vivan yo+.

      Se pou peche pèp mwen an yo te frape* l+.

  • Ezayi 53:12
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 12 Se pou rezon sa a, m ap ba l yon pòsyon bò kot anpil moun,

      E l ap pataje sa l pran nan lagè ak sòlda ki vanyan yo,

      Paske li te bay lavi l*+,

      E yo te konsidere l menm jan ak moun k ap fè peche yo+.

      Li te pot peche anpil moun+,

      E li te plede kòz moun ki peche yo+.

  • Dànyèl 9:26
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 26 “Apre 62 semèn yo, y ap retire* Mesi a+, e pap ret anyen pou li+.

      “Epi, gen yon chèf k ap vini ak tout lame l, l ap detwi vil la ansanm ak kote ki sakre a+. Gwo dlo ap detwi kote ki sakre a. Ap gen lagè san rete jiska lafen. Bondye deside pou ravaj fèt+.

  • 1 Pyè 2:24
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 24 Li te pote peche nou yo+ nan pwòp kò li sou poto a*+, yon fason pou nou mouri anrapò ak* peche, e pou nou viv pou sa ki jis. E “grasa blese li yo, nou geri+”.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje