BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 1 Timote 6:3-5
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 3 Si yon moun ap anseye yon lòt doktrin e li pa dakò ak bonjan ansèyman*+ ki soti nan Jezi Kris, Seyè nou an, oubyen li pa dakò ak ansèyman ki makònen ak atachman moun dwe genyen pou Bondye a+, 4 se yon moun ki gonfle ak ògèy, ki pa konprann anyen+. Sèl sa k nan tèt li se fè diskisyon ak deba sou mo+. Bagay sa yo lakòz jalouzi, kont ak medizans. Yo lakòz youn sispèk lòt pou anyen, 5 e yo fè moun ki gen lespri kòwonpi+ e ki pa gen laverite ankò ap fè gwo diskisyon sou bagay ki pa gen valè. Moun sa yo panse atachman pou Bondye se yon mwayen pou yon moun jwenn avantaj+.

  • Ebre 13:9
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 9 Pa kite divès kalite ansèyman etranj pote nou ale. Paske, li pi bon lè se favè san parèy la ki fè kè a fèm, olye pou se manje*, bagay ki pa pwofitab pou moun ki met lide yo sou li+.

  • 2 Pyè 3:17
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 17 Kidonk, nou menm byenneme, piske nou konn sa davans, veye pou nou pa kite erè moun sa yo ki pa respekte lalwa pote nou ale ansanm avèk yo epi fè nou pa rete fèm nan bon chemen an+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2027)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje