-
Women 4:11, 12Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
11 Li te resevwa yon siy+, anpalan de sikonsizyon an, tankou yon etanp* ki montre li jis grasa lafwa li te genyen pandan l potko sikonsi a. E li te resevwa siy sa a pou l te ka vin papa tout moun ki gen lafwa+ alòske yo pa sikonsi, dekwa pou yo ka konsidere yo kòm moun ki jis. 12 E Abraram te resevwa siy sa a pou l te ka vin papa desandan l yo ki sikonsi, e se pa sèlman pou sila yo ki rete kole sou sikonsizyon, men tou pou sila yo k ap suiv egzanp lafwa papa nou Abraram pazapa+, lafwa li te genyen anvan menm li te sikonsi.
-