BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 1 Timote 4:1
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 4 Sepandan, pawòl Bondye enspire a* di aklè, nan tan k ap vini yo, kèk moun ap abandone lafwa, y ap koute pawòl blòf ki sanble soti nan Bondye*+ ak ansèyman demon,

  • 2 Timote 2:16-18
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 16 Men, evite pawòl san valè ki opoze ak sa ki sen+, paske moun k ap di pawòl sa yo ap vin pi pa gen respè pou Bondye, 17 e pawòl yo ap gaye tankou gangrenn. Pami moun sa yo, gen Imene ak Filèt+. 18 Mesye sa yo kite laverite, yo di rezirèksyon an fèt deja+, e y ap kraze lafwa kèk moun.

  • 2 Timote 4:3
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 3 Paske, gen yon tan k ap rive kote yo pap sipòte ansèyman ki pwofitab la+, men, selon pwòp dezi yo, yo pral chèche gen yon bann anseyan toutotou yo pou fè zòrèy yo dous*+.

  • 2 Pyè 2:1
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 2 Sepandan, te vin gen fo pwofèt tou pami pèp la, menm jan pral gen fo anseyan tou pami nou+. Moun sa yo ap vini anba anba ak fo ansèyman ki ka lakòz divizyon e y ap nye ata mèt ki te achte yo a+. Konsa, y ap rale yon destriksyon rapid sou tèt yo.

  • 1 Jan 2:18, 19
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 18 Timoun mwen yo, se nan dènye èdtan an nou ye, e kòm nou te tande antikris* la ap vini+, ebyen depi kounye a gen anpil antikris ki parèt+. Se sa k fè nou konnen se nan dènye èdtan an nou ye. 19 Yo soti nan mitan nou, men yo pa t menm jan avèk nou*+. Paske si yo te menm jan avèk nou, yo t ap rete ansanm avèk nou. Men yo soti pou sa ka parèt aklè se pa tout moun ki menm jan avèk nou+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2027)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje