12 Moun Madyan yo, moun Amalèk yo ak moun ki te soti nan zòn Lès yo+ te toupatou nan vale a, tankou yon bann krikèt. Moun pa t ka konte kantite chamo yo te genyen+. Yo te anpil tankou grenn sab bò lanmè.
22 Tout 300 mesye yo te kontinye sonnen kòn yo e Jewova te fè tout moun ki nan kan an rale epe yo pou yo goumen youn ak lòt+. Tout sòlda yo te kouri jis Bètchita, nan direksyon Serera, rive jis bò Abèlmewola+ ki toupre Tabat.