BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 1 Kwonik 29:11
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 11 O Jewova, ou gran+, ou gen anpil pisans+, ou gen glwa e ou gen anpil pouvwa*+. Paske, tout sa ki nan syèl la ak tout sa ki sou tè a se pou ou+. Wayòm nan se pou ou, o Jewova+. Ou mete tèt ou pi wo pase tout bagay.

  • Sòm 22:28
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 28 Paske se Jewova ki Wa+,

      L ap domine sou nasyon yo.

  • Dànyèl 4:17
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 17 Se dekrè mesaje* yo bay+, se mesaje ki sen yo ki anonse desizyon sa a pou moun k ap viv yo ka konnen se Sila a ki nan pi gwo pozisyon an ki Chèf nan wayòm lèzòm nan+ e li bay moun li vle l. Se moun ki pi ba nèt pami lèzòm nan li met dirije l.”

  • Dànyèl 4:34
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 34 “Lè tan sa yo fin pase+, mwen menm, Nebikadneza, mwen te leve je m gad syèl la e mwen te retounen nan bonsans mwen. Mwen te fè louwanj pou Sila a ki nan pi gwo pozisyon an, mwen te bay Sila a k ap viv pou toutan an glwa ak louwanj, paske l ap dirije pou tout tan gen tan, e wayòm li an ap la jenerasyon apre jenerasyon+.

  • Revelasyon 12:10
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 10 Mwen tande yon vwa nan syèl la ki di byen fò:

      “Kounye a, delivrans Bondye nou an bay la rive+, pisans li pote laviktwa, Wayòm li an tabli+, e Kris li a kòmanse egzèse otorite l, paske moun ki t ap akize frè nou yo lajounen kou lannuit devan Bondye nou an, yo pimpe l sou tè a+!

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2027)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje