1 Samyèl
17 Epi, moun Filisti yo+ te rasanble lame* yo pou y al nan lagè. Yo te reyini nan Soko+ ki nan tèritwa Jida e yo te tabli kan yo ant Soko ak Azeka+, nan Efèsdamim+. 2 Sayil ak mesye Izrayèl yo te rasanble nan Vale Ela+, yo te tabli kan yo la e yo t ap prepare yo pou y al fè lagè ak moun Filisti yo. 3 Moun Filisti yo te pran yon bò mòn nan pou yo e Izrayelit yo te rete lòt bò mòn nan, e se plèn nan ki te separe yo.
4 Twouve, te gen yon sòlda ki te reprezante lame Filisti a ki moun Gat+ e ki te rele Golyat+. Li te mezire sis koude wotè plis lajè yon men*. 5 Li te gen yon kas an kuiv nan tèt li e li te gen yon jile ki gen yon seri ti plak an metal ki tankou kal pwason+. Jile a te peze 5 000 chekèl*. 6 Li te gen yon pwotèj nan janm li ki fèt an kuiv e li te gen yon lans+ an kuiv sou do l. 7 Manch an bwa lans li a te tankou gwo bwa moun k ap fè twal yo konn woule twal sou yo a+. Pwent lans lan ki te an fè te peze anviwon 600 chekèl*. Moun ki t ap pote boukliye l la t ap mache devan l. 8 Epi, Golyat kanpe, li pale byen fò ak sòlda ki nan lame Izrayèl la+, li di yo: “Poukisa nou soti vin batay la a? Mwen menm ki la a, mwen se sòlda ki pi fò nan lame Filisti a. Nou menm se esklav Sayil nou ye. Kounye a, chwazi yon moun pami nou e fè l desann vin jwenn mwen isit la. 9 Si l kapab batay avè m e li rive touye m, n ap vin esklav nou. Men, si se mwen menm ki bat li e mwen touye l, n ap vin esklav nou.” 10 Epi, sòlda Filisti a di: “Mwen bay lame Izrayèl la defi jodi a+. Se pou yo ban m yon gason pou batay avè m!”
11 Lè Sayil ak tout pèp Izrayèl la tande sa sòlda Filisti a di yo, yo vin panike e yo vin pè anpil.
12 Twouve, David se te pitit gason Jese, moun Efrata+ nan Betleyèm+ ki nan peyi Jida. Jese+ te gen uit pitit gason+ e nan epòk Sayil la, li te deja fin granmoun. 13 Twa pi gran pitit gason Jese yo t al nan lagè ansanm ak Sayil+. Men non twa pitit gason l yo ki t al nan lagè a: Premye a te rele Elyab+, dezyèm nan te rele Abinadab+ e twazyèm nan te rele Chama+. 14 Se David ki te dènye pitit gason l+, e twa pi gran yo te ansanm ak Sayil.
15 David te konn fè ale vini, li te konn al kot Sayil e li te konn al pran swen mouton+ papa l yo nan Betleyèm. 16 Pandan tan sa a, chak maten e chak swa, pandan 40 jou, sòlda Filisti a te konn vin kanpe toupre kan Izrayèl la pou l ba yo defi.
17 Epi, Jese di David, pitit gason l: “Tanpri, pran yon efa* grenn tou griye ak dis pen sa yo pote bay frè w yo nan kan an tousuit. 18 Epi, pran dis pòsyon fwomaj* pote pou chèf ki alatèt gwoup sòlda* frè w yo ladan l lan. Lèfini, gade ki jan frè w yo ye, epi vin ban m nouvèl yo.” 19 Sayil ak tout lòt sòlda Izrayèl yo te nan Vale* Ela+ e yo te pare pou y al fè lagè ak moun Filisti yo+.
20 Konsa, David leve granmmaten, li kite yon moun veye mouton yo pou li. Epi, li pran pwovizyon yo li ale, jan Jese te mande l fè a. Lè l rive nan kan an, lame a t ap prepare pou l al kanpe kote lagè a pral fèt la e yo te fè yon gwo rèl pou montre yo pare pou batay la. 21 Lame Izrayèl la ak lame Filisti a te avanse jiskaske youn te vin anfas lòt. 22 Lapoula, David kite afè l yo sou kont moun k ap veye bagay sòlda yo e li kouri al kote lagè a ap fèt la. Lè l rive, li chèche konnen ki jan frè l yo ye+.
23 Pandan l t ap pale avèk yo, sòlda ki te reprezante lame Filisti a yo rele Golyat+ ki moun Gat la vin parèt. Li sot nan kan moun Filisti yo epi li di menm pawòl li te di anvan yo+, e David tande sa l di a. 24 Lè tout sòlda Izrayèl yo wè misye, yo kouri pou li paske yo te pè anpil+. 25 Mesye Izrayèl yo t ap di: “Èske nou wè mesye sa a k ap vini an? Se defi li vin bay lame Izrayèl la+. Wa a ap bay gason ki touye l la anpil byen, l ap ba l pitit fi l+ pou vin madanm li e li pap kite fanmi papa moun sa a peye okenn taks, ni peye pou okenn lòt sèvis ann Izrayèl.”
26 David te mande mesye ki te kanpe bò kote l yo: “Ki sa y ap fè pou moun ki touye sòlda Filisti sa a e ki retire wont sa a sou pèp Izrayèl la? Paske, kiyès sòlda Filisti ki pa sikonsi sa a ye pou l ap bay lame Bondye vivan an defi+?” 27 Lè sa a, sòlda yo di l menm sa yo te di anvan an, epi yo di l: “Se sa y ap fè pou gason ki touye l la.” 28 Lè Elyab, pi gran frè David la+, te tande l k ap pale ak mesye yo, li te fache anpil sou li. Li te di l: “Sa w desann vin fè la a? Ak kiyès ou kite kèk ti grenn mouton yo nan dezè a+? Mwen konnen w renmen pran dwa ki pa pou ou e ou gen move lide nan kè w. Se batay la ou jis desann vin gade.” 29 Lè sa a, David di: “Kot sa m fè la a? Se yon kesyon m annik poze!” 30 Epi, David vire kite l, l al pale ak yon lòt moun. Li poze menm kesyon an+. Sòlda yo te ba l menm repons lan+.
31 Gen moun ki te tande sa David di a e ki t al di Sayil sa. Konsa, li voye rele David. 32 David di Sayil: “Pinga pèsonn pèdi kouraj* akoz sòlda Filisti sa a. Mwen menm, sèvitè w la, mwen pral batay avè l+.” 33 Men, Sayil di David: “Ou pap ka batay ak sòlda Filisti sa a paske se yon timoun ou ye+, e li menm li se yon sòlda* depi l tou jèn.” 34 Epi, David di Sayil: “Mwen menm, sèvitè w la, mwen se gadò mouton papa m yo. Yon lè, te gen yon lyon+ ki te vini, li pran yon mouton nan twoupo a l ale. Yon lòt lè, yon lous te vini, li fè menm bagay la. 35 Mwen te kouri dèyè yo e m te ba yo yon kou, epi m te pran bèt la nan bouch yo. Lè yo te kanpe pou yo atake m, mwen te pran yo nan gagann*, mwen frape yo atè, epi m touye yo. 36 Mwen menm, sèvitè w la, mwen te touye ni lyon an ni lous la. Sòlda Filisti ki pa sikonsi sa a ap vin menm jan ak youn nan yo, paske li bay lame Bondye vivan an defi+.” 37 Apre sa, David di: “Jewova ki te sove m anba pat lyon an ak anba pat lous la se li menm k ap sove m anba men sòlda Filisti sa a+.” Lè sa a, Sayil di David: “Ou mèt ale. Mwen swete pou Jewova avè w!”
38 Epi, Sayil mete rad li yo sou David. Li mete yon kas an kuiv nan tèt li, apre sa, li mete yon jile ki gen yon seri ti plak an metal sou li. 39 Apre sa, David mete epe Sayil la nan senti l, epi li eseye mache avèk yo, men li pa t kapab, paske li pa t abitye ak yo. David di Sayil: “Mwen pa kapab mache ak bagay sa yo, paske m pa abitye ak yo.” Epi, David retire yo sou li. 40 Apre sa, li pran baton l lan, epi l al chwazi senk wòch byen lis anndan rivyè a, li mete yo nan ti pòch sak li genyen pou l gade mouton yo, epi li kenbe flonn+ li nan men l. Li te kòmanse avanse sou sòlda Filisti a.
41 Sòlda Filisti a li menm t ap avanse vin pi pre David, e moun ki t ap pote boukliye sòlda a te devan l. 42 Lè sòlda Filisti a gade li wè David, li pase l nan rizib, paske David te yon bèl tigason ak ti po l byen woz+. 43 Lè sa a, sòlda Filisti a di David: “Se yon chen m ye+ ki fè w ap vin sou mwen ak baton an?” Menm moman an, sòlda Filisti a mande dye l yo pou yo lage malediksyon sou David. 44 Sòlda Filisti a di David: “Ou mèt vini, m ap fè zwazo nan syèl la ak bèt ki nan savann yo manje kadav ou.”
45 David reponn sòlda Filisti a: “W ap vin sou mwen ak yon epe ak de lans+, men mwen menm, m ap vin sou ou nan non Jewova, Chèf lame yo+, Bondye lame Izrayèl la, w ap bay defi a+. 46 Jodi a menm, Jewova ap lage w nan men m+, m ap vide w atè e m ap koupe tèt ou. Wi, jodi a m ap bay zwazo nan syèl la ak bèt bwa sou tè a kadav sòlda Filisti yo pou yo manje. Tout moun sou tè a ap konnen gen yon Dye ann Izrayèl+. 47 Epi, tout moun ki rasanble la a* ap konnen se pa ak ni epe ni lans Jewova sove moun+, paske batay la se batay Jewova+, epi l ap lage nou tout nan men nou+.”
48 Apre sa, sòlda Filisti a avanse byen deside sou David pou l al kontre ak li, men David kouri byen vit al kote batay la ap fèt la pou l kontre ak sòlda Filisti a. 49 David foure men l nan sak li a, li pran yon wòch e li tire l ak flonn nan. Wòch la pran sòlda Filisti a nan fwon, wòch la antre nan zo tèt li, epi sòlda a tonbe fas atè+. 50 Se konsa, David te pot laviktwa sou sòlda Filisti a ak yon flonn ak yon wòch. Li vide l atè e li touye l san l pa t gen epe nan men l+. 51 David kontinye kouri e l al kanpe bò kote l. Apre sa, li rale epe sòlda Filisti a+ te gen nan fouwo l la, li koupe tèt li pou l sèten li mouri. Lè moun Filisti yo wè sòlda vanyan yo a mouri, yo pran kouri+.
52 Menm kote a, sòlda Izrayèl yo ak sòlda Jida yo fè yon gwo rèl epi yo kouri dèyè moun Filisti yo sou tout wout la depi nan vale a+ rive nan pòtay vil Ekwon+. Sòlda Filisti yo te touye yo te blayi sou tout wout la, soti Chaarayim+ rive jis Gat ak Ekwon. 53 Apre Izrayelit yo te retounen sot kouri dèyè moun Filisti yo, yo te piye kan yo te genyen yo.
54 Apre sa, David pran tèt sòlda Filisti a, li pote l Jerizalèm, men li te met zam sòlda Filisti a nan tant pa l la+.
55 Lè Sayil te wè David ki t apral rankontre ak sòlda Filisti a, li mande Abnè+, chèf lame a: “Pitit kiyès tigason sa a ye+, Abnè?” Abnè reponn li: “Menm jan li klè ou vivan, mwen fè sèman*, monwa, mwen pa konnen!” 56 Wa a di l: “Chèche konn pitit kiyès jennonm nan ye.” 57 Konsa, kou David retounen apre l fin touye sòlda Filisti a, Abnè al chèche l mennen bay Sayil, e tèt sòlda Filisti a+ te nan men David. 58 Sayil mande David: “Pitit kiyès ou ye, gason m?” Epi, David reponn li: “Mwen se pitit Jese+, sèvitè w la, ki moun Betleyèm+.”