Jenèz
24 Abraram te vin granmoun, li te gen yon bon ti laj, e Jewova te beni l nan tout bagay+. 2 Abraram te di sèvitè l la, sa ki te pi granmoun ki lakay li a e ki te responsab tout byen l yo+: “Tanpri, mete men w anba kuis* mwen, 3 m ap fè w fè sèman devan Jewova, Bondye k ap dirije nan syèl la e ki gen pouvwa sou tè a, pou w pa chwazi yon madanm pou pitit mwen an pami medam Kanaran yo, moun peyi kote m abite a+. 4 Okontrè, ou dwe al nan peyi m, kot fanmi m+, pou w chwazi yon madanm pou Izarak, pitit mwen an.”
5 Men, sèvitè a di l: “Bon, e si fi a pa vle vin avè m isit la? Èske m dwe fè pitit ou a retounen nan peyi kote w soti a+?” 6 Epi, Abraram di l: “Veye pou w pa pran pitit mwen mennen lòtbò a+. 7 Jewova, Bondye k ap dirije nan syèl la, ki te pran m lakay papa m, nan peyi fanmi m+, ki te pale avè m e ki te fè sèman ban mwen, lè l te di m+: ‘M ap bay desandan w yo*+ peyi sa a+’, li menm l ap voye zanj li devan w+ e san mank w ap chwazi yon madanm nan zòn sa a pou pitit mwen an+. 8 Men, si fi a pa vle vin avè w, sèman sa a pap sou do w ankò. Men, pinga w mennen pitit mwen an lòtbò a!” 9 Lè sa a, sèvitè a mete men l anba kuis Abraram, mèt li, e li fè sèman ba li l ap fè sa l di l la+.
10 Apre sa, sèvitè a pran dis chamo nan chamo mèt li genyen yo, e li derape. Li ale ak tout kalite bon bagay mèt li ba li. Epi l al Mezopotami, nan vil kote Nawò abite a. 11 Li fè chamo yo met ajenou bò yon pi ki pa deyò vil la. Lè sa a, li t apral aswè, se te nan moman medam yo te konn soti al pran dlo. 12 Epi, li di: “Jewova, Bondye Abraram nan, Bondye mèt mwen an, tanpri, fè sa mache pou mwen jodi a, epi montre lanmou ki fidèl ou gen pou Abraram, mèt mwen an. 13 Men m kanpe toupre yon sous dlo e pitit fi mesye yo nan vil la ap vin pran dlo. 14 Jèn fi mwen di: ‘Tanpri, desann krich ou a pou m bwè yon ti dlo’, epi ki reponn mwen: ‘Ou mèt bwè, e m pral bay chamo w yo dlo tou’, konnen se li menm ou chwazi pou Izarak, sèvitè w la, e konsa w ap montre m ou gen lanmou ki fidèl pou mèt mwen an.”
15 Li potko menm fin pale lè Rebeka ki pitit fi Betwèl+ te sot nan vil la ak yon krich sou zepòl li. Betwèl se te yon pitit gason Milka+ ki te madanm Nawò+, frè Abraram. 16 Twouve, jèn fi a te bèl anpil, li te vyèj, e pa t gen okenn gason ki te antre nan relasyon avè l. Li desann nan sous la, li plen krich la, lèfini li monte. 17 Lè sa a, sèvitè Abraram nan kouri al kote l, li di l: “Tanpri, ban m yon ti dlo nan krich ou a pou m bwè.” 18 Li reponn: “Bwè non, mèt mwen.” Menm kote a, li kouri desann krich li a sou men l, e li ba l bwè. 19 Lè l fin ba l bwè, li di: “Mwen pral pran dlo pou chamo w yo tou jiskaske yo fin bwè.” 20 Epi, li vide krich dlo a byen vit nan yon ti basen e li kouri al pran dlo nan sous la plizyè fwa e li kontinye al pran dlo pou l bay tout chamo yo. 21 Pandan tout tan sa a, misye ret ap gade l san l pa di anyen, tèlman l sezi. L ap mande tèt li si se konsa Jewova beni vwayaj li a.
22 Lè chamo yo fin bwè, mesye a rale yon zanno lò pou moun met nan nen ki peze prèske mwatye yon chekèl* ak de braslè lò ki peze dis chekèl bay jèn fi a, 23 epi li di: “Tanpri, di m non, pitit kiyès ou ye? Èske gen plas lakay papa w pou n pase nuit lan?” 24 Li reponn li: “Mwen se pitit fi Betwèl+, yon pitit gason Milka fè ak Nawò+.” 25 Ansuit, li di: “Nou gen pay ak anpil manje bèt, epitou nou gen kote pou w pase nuit lan.” 26 Lè sa a, misye bese atè e li koube byen ba devan Jewova. 27 Epi, li di: “Louwanj pou Jewova, Bondye Abraram nan, Bondye mèt mwen an, paske li pa janm sispann montre lanmou* pou mèt mwen an e li toujou fidèl ak li. Jewova gide m pou m vin lakay frè mèt mwen an.”
28 Apre sa, jèn fi a kouri al rakonte moun lakay manman l sa k rive a. 29 Twouve, Rebeka te gen yon frè l ki rele Laban+. Laban te kouri al kot mesye a ki te ret deyò a bò sous la. 30 Lè l wè zanno moun konn met nan nen yo a ak braslè yo nan men Rebeka, sè l la, e li tande pawòl sè l la rakonte l yo, lè l te di l: “Men sa mesye a te di m”, l al rankontre mesye a ki te ret kanpe bò kote chamo yo toupre sous la. 31 Lè sa a, li di: “Vini! Ou menm Jewova beni. Poukisa w ret kanpe la a? Mwen prepare kay la pou ou e mwen prepare yon kote pou chamo w yo.” 32 Konsa, misye antre nan kay la, epi Laban debarase chamo yo, li bay chamo yo pay ak manje e li bay mesye a dlo pou li menm ak moun ki avè l yo lave pye yo. 33 Men, lè yo pote manje ba li pou l manje, li di: “Mwen pap manje toutotan m pa di sa m gen pou m di a.” Epi, Laban di: “Ou mèt pale.”
34 Lè sa a, li di: “Mwen se sèvitè Abraram+. 35 Jewova beni mèt mwen an anpil. Li fè l rich anpil. Li ba l mouton ak bèf, ajan ak lò, sèvitè ak sèvant e li ba l chamo ak bourik+. 36 Mete sou sa, Sara, madanm mèt mwen an, fè yon pitit gason pou mèt mwen an nan vyeyès li+, e mèt mwen an pral bay pitit la tout sa l posede+. 37 Epi, mèt mwen an fè m fè sèman, li di m: ‘Ou pa dwe chwazi yon madanm pou pitit mwen an pami medam Kanaran yo, moun peyi kote m abite a+. 38 Non, men ou dwe ale lakay papa m, kot fanmi m+, e se la ou dwe chwazi yon madanm pou pitit mwen an+.’ 39 Men, mwen te di mèt mwen an: ‘E si fi a pa vle vin avè m+?’ 40 Li di m: ‘Jewova, Bondye m ap mache avè l la+, ap voye zanj li+ avè w e l ap beni vwayaj ou a san mank. Ou dwe chwazi yon madanm pou pitit mwen an nan fanmi m, lakay papa m+. 41 E sèman ou te fè ban mwen an pap sou do w ankò si w ale lakay fanmi m epi yo pa ba w fi a. Konsa, ou pap gen okenn chay sou do w pou sèman w te fè a+.’
42 “Lè m te rive bò sous la jodi a, men sa m te di: ‘Jewova, Bondye Abraram nan, Bondye mèt mwen an, si w ap beni vwayaj mwen an, 43 men m kanpe la a bò yon sous, men sa k dwe rive lè yon jèn fi+ sot lakay li vin pran dlo. M ap di l: “Tanpri, ban m yon ti dlo nan krich ou a pou m bwè”, 44 li menm l ap di m: “Ou mèt bwè, e m pral pran dlo pou chamo w yo tou.” Ebyen, se fi sa a Jewova chwazi pou pitit mèt mwen an+.’
45 “Mwen potko menm fin di sa nan kè m, men Rebeka ki sot lakay li ak krich li sou zepòl li. Li desann pou l al pran dlo nan sous la. Lè sa a, mwen di l: ‘Tanpri, ban m yon ti dlo pou m bwè+.’ 46 Li kouri desann krich li a sou zepòl li, epi li di: ‘Ou mèt bwè+, e mwen pral bay chamo w yo dlo tou.’ Lè sa a, mwen bwè, apre sa li bay chamo yo dlo tou. 47 Annapre, mwen mande l: ‘Pitit fi kiyès ou ye?’ Li reponn: ‘Pitit fi Betwèl, yon pitit gason Nawò fè ak Milka.’ Lè sa a, mwen met zanno pou moun met nan nen yo a nan nen l, epi mwen met braslè yo nan bra l+. 48 Annapre, mwen bese atè e mwen koube byen ba devan Jewova, mwen fè louwanj pou Jewova, Bondye Abraram nan+, Bondye mèt mwen an, ki te mennen m nan bon chemen an pou m jwenn pitit fi frè mèt mwen an pou vin madanm pitit gason l lan. 49 Kounye a, di m si nou vle montre nou gen lanmou* pou mèt mwen e si nou vle montre n fidèl ak li. Men, si nou pa vle, fè m konnen, pou m konn sa pou m fè*+.”
50 Lè sa a, Laban ak Betwèl reponn: “Piske se Jewova ki fè bagay yo rive konsa, nou pa ka di w ni wi ni non. 51 Men Rebeka devan w lan, pran l al avè l pou l ka vin madanm pitit mèt ou a, jan Jewova di l la.” 52 Lè sèvitè Abraram nan tande sa yo di a, menm kote a li bese jis atè devan Jewova. 53 Epi, li rale bijou ann ajan ak bijou annò ansanm ak rad li te pote, li bay Rebeka yo. Li bay frè Rebeka a ak manman Rebeka yon pakèt bagay ki gen anpil valè. 54 Apre sa, li menm ak mesye ki te avè l yo manje epi yo bwè, yo pase nuit lan la.
Lè l leve demen maten, li di: “Voye m al jwenn mèt mwen.” 55 Lè sa a, frè Rebeka a ak manman Rebeka di: “Kite matmwazèl la rete pou omwen dis jou avèk nou. Apre sa, li mèt ale.” 56 Men, li di yo: “Pa bloke m, piske nou wè Jewova beni vwayaj mwen an. Voye m ale pou m al jwenn mèt mwen.” 57 Konsa, yo di: “Ann rele matmwazèl la pou n mande l sa l panse.” 58 Lè sa a, yo rele Rebeka, epi yo mande l: “Èske w vle ale ak mesye a?” Li reponn: “Wi, mwen vle ale.”
59 Konsa, yo voye Rebeka, sè yo a+, ansanm ak sèvant+ ki te konn okipe l lè l te tibebe a ale ak sèvitè Abraram nan ak mesye ki te avè l yo. 60 Epi, yo beni Rebeka e yo di l: “Sè nou, nou swete pou w vin gen plizyè milyon pitit*, e se pou desandan w yo* pran vil* moun ki rayi yo kòm byen pa yo+.” 61 Apre sa, Rebeka ak sèvant li yo leve, yo monte chamo yo, mesye a devan epi yo dèyè l. Konsa, sèvitè Abraram nan pran Rebeka l al avè l.
62 Twouve, Izarak te sot nan direksyon Beyèlarayiwòy+, paske se Negèb li te rete+. 63 Lè l pral aswè, Izarak t al fè yon ti mache nan savann nan pou l medite+. Lè l leve je l gade, li wè yon seri chamo k ap vini. 64 Kou Rebeka leve je l, li wè Izarak, li kouri desann chamo l te sou li a. 65 Epi, li mande sèvitè Abraram nan: “Ki mesye sa a ki lòtbò a k ap mache nan savann nan pou vin rankontre nou an?” Sèvitè a di l: “Se mèt mwen an.” Lè sa a, Rebeka pran yon vwal li kouvri figi l. 66 Annapre, sèvitè a rakonte Izarak tout sa l te fè. 67 Apre sa, Izarak mennen Rebeka nan tant Sara a, tant manman l lan+. Konsa, Rebeka te vin madanm li. Izarak te tonbe damou l+ e Izarak te jwenn konsolasyon apre l te fin pèdi manman l+.