Travay
7 Men, gran prèt la di: “Èske sa yo di yo se vre?” 2 Etyèn reponn: “Frè m yo, papa m yo, tande. Bondye ki gen glwa a te parèt devan Abraram, zansèt nou an, pandan l te Mezopotami, anvan li t al ret Aran+, 3 epi li di l: ‘Kite peyi w, kite fanmi w pou w al nan peyi mwen pral montre w la+.’ 4 Se konsa, li kite peyi Kaldeyen yo epi l al ret Aran. Pandan l la, apre lanmò papa l+, Bondye te fè l kite kote l te rete a pou l vin nan peyi sa a, kote nou rete kounye a+. 5 Epoutan, li pa t ba l okenn byen nan peyi sa a, pa menm yon ti moso tè lajè yon pla pye. Men, li te pwomèt li l ap bay ni li menm ni desandans* li peyi a kòm byen yo+, alòske li potko menm gen pitit. 6 Mete sou sa, Bondye te di l desandans* li pral vin etranje nan yon peyi ki pa pou yo, e pèp nan peyi sa a pral fè yo vin esklav e y ap fè yo soufri* pandan 400 an+. 7 Men, Bondye di: ‘M ap jije+ nasyon sa a k ap fè yo vin esklav la, e apre sa, y ap kite peyi sa a e y ap vin ban mwen yon sèvis sakre isit la+.’
8 “Anplis de sa, li te fè yon alyans avè l ki gen rapò ak sikonsizyon+. Se konsa, Abraram vin fè Izarak+, e li sikonsi l sou uityèm jou apre l fin fèt+. Epi, Izarak vin fè* Jakòb, e Jakòb te fè 12 chèf fanmi yo*. 9 Epi, chèf fanmi yo te vin jalou sò Jozèf+, yo vann li nan peyi Ejip+. Men, Bondye te avè l+, 10 li te delivre l anba tout tribilasyon l yo, li te fè l jwenn favè Farawon, wa peyi Ejip la, e li te pèmèt li aji avèk sajès devan wa a. E Farawon vin mete l gouvène peyi Ejip ak tout kay li+. 11 Men, te vin gen yon grangou nan tout peyi Ejip ak nan peyi Kanaran, wi, se te yon gwo tribilasyon, e zansèt nou yo pa t ka jwenn anyen pou yo manje+. 12 Men, Jakòb te tande gen manje* nan peyi Ejip. Konsa, li voye zansèt nou yo al ann Ejip yon premye fwa+. 13 Lè yo t ale yon dezyèm fwa, Jozèf te fè frè l yo rekonèt li, e Farawon te vin konn fanmi Jozèf+. 14 Apre sa, Jozèf voye yon mesaj bay Jakòb, papa l, li voye chèche l, li menm ansanm ak tout fanmi l ki te Kanaran+. Yo te 75 moun* antou+. 15 Se konsa, Jakòb desann ann Ejip+ e se la li mouri+. Se menm bagay la ki te rive zansèt nou yo tou+. 16 Yo te pote zo yo al Sichèm, e yo depoze yo nan tonm Abraram te achte pou yon kantite pyès monnen ann ajan nan men pitit Amò yo nan Sichèm+.
17 “Ofiramezi tan an t ap pwoche pou pwomès Bondye te fè Abraram nan reyalize, pèp la t ap vin anpil, e li t ap vin pi plis chak jou nan peyi Ejip. 18 Apre sa, te vin gen yon lòt wa nan peyi Ejip, e wa sa a pa t konn Jozèf+. 19 Li pran pèp nou an nan pyèj, li fòse zansèt nou yo abandone tibebe yo, yon fason pou yo te ka mouri+. 20 Se nan epòk sa a Moyiz te fèt, e li te bèl anpil*. Paran l te pran swen l* lakay yo pandan twa mwa+. 21 Men, lè yo te oblije abandone l+, pitit fi Farawon an te pran l, e li te leve l kòm pwòp pitit pa l+. 22 Se konsa Moyiz te jwenn fòmasyon nan men Ejipsyen yo nan tout domèn*. Anfèt, li te pisan ni nan pawòl li ni nan aksyon l+.
23 “Twouve, lè l vin gen 40 an, li deside al vizite frè l yo*, anpalan de pitit Izrayèl yo+. 24 Lè l te wè yon Ejipsyen k ap maltrete youn ladan yo, li touye Ejipsyen an pou l defann frè l la Ejipsyen an t ap maltrete a e pou l tire revanj pou li. 25 Li te panse frè l yo t ap konprann se avè l Bondye ap sèvi pou l delivre yo, men yo pa t konprann sa. 26 Nan demen, li te parèt sou yo pandan te gen de nan yo ki t ap goumen, e li te eseye fè yo rekonsilye, li te di: ‘Mesye, se frè nou ye. Poukisa youn ap maltrete lòt?’ 27 Men, sa k t ap maltrete pwochen l lan repouse Moyiz, li di l: ‘Ki moun ki mete w chèf e ki mete w jij sou nou? 28 Ou genlè vle touye m, menm jan w te touye Ejipsyen an yè a?’ 29 Lè Moyiz tande sa, li kouri l ale, l al abite kòm etranje nan peyi Madyan. Pandan l la, li vin gen de pitit gason+.
30 “Apre 40 an, pandan Moyiz te nan dezè ki toupre Mòn Sinayi a, yon zanj parèt devan l nan yon flanm dife ki nan yon pye pikan+. 31 Lè Moyiz wè sa, li sezi. Men, pandan l ap pwoche pou l gade, li tande vwa Jewova* ki di: 32 ‘Mwen se Bondye zansèt ou yo, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb+.’ Moyiz pran tranble, e li pa t pran chans kontinye gade. 33 Jewova* di l: ‘Retire sandal nan pye w, paske kote w kanpe a se yon kote ki sakre. 34 Vrèmanvre, mwen wè abi y ap fè pèp mwen an nan peyi Ejip, mwen tande yo k ap plenn+, e mwen desann pou m vin delivre yo. Kounye a, vini m voye w ann Ejip.’ 35 Se Moyiz sa a Bondye te voye kòm chèf pèp la e kòm sovè pèp la. Pou l fè sa, li te sèvi ak zanj ki te parèt devan Moyiz nan pye pikan an. E se menm Moyiz sa a yo te rejte lè yo te di: ‘Ki moun ki mete w chèf e ki mete w jij+?’ 36 Se li menm ki te fè yo soti kite peyi Ejip+, e ki te fè anpil mèvèy* ak anpil mirak ann Ejip+, nan Lanmè Wouj+ ak nan dezè a pandan 40 an+.
37 “Se Moyiz sa a ki te di pitit Izrayèl yo: ‘Bondye ap ban nou yon pwofèt menm jan avèk mwen k ap soti nan mitan pèp nou an+.’ 38 Se li menm ki te vin nan mitan kongregasyon an nan dezè a avèk zanj+ ki te pale avè l+ nan Mòn Sinayi a, e se li menm ki te avèk zansèt nou yo, e ki te resevwa deklarasyon ki sakre e ki vivan pou l transmèt nou+. 39 Zansèt nou yo te refize obeyi l, yo te repouse l, e nan kè yo+, yo te anvi retounen ann Ejip+. 40 Yo te di Arawon: ‘Fè kèk dye pou dirije nou. Paske, nou pa konn sa k rive nonm ki rele Moyiz la ki fin fè nou soti kite peyi Ejip la+.’ 41 Se konsa, nan jou sa yo, yo fè yon zidòl, yon ti towo bèf, yo ofri yon sakrifis ba li e yo te rejwi pou travay yo te fè ak men yo a+. 42 Se sa k fè Bondye vire do ba yo, e li kite yo adore lame ki nan syèl la+, jan sa parèt nan pawòl pwofèt yo te ekri yo: ‘O nou menm pèp Izrayèl, èske se pou mwen nou te fè ofrann ak sakrifis nan dezè a pandan 40 an? 43 Men, se tant Molòk+ la ak zetwal dye Refan an nou te pote avèk nou. Se imaj dye sa yo nou te fè pou nou adore. Se poutèt sa m ap egzile nou pi lwen pase Babilòn+.’
44 “Nan dezè a, zansèt nou yo te gen tant ki te sèvi yo temwayaj la*, jan Bondye te bay Moyiz lòd lè l te di l pou l fè l selon modèl li te wè a+. 45 E lè pitit zansèt nou yo ki te vin resevwa tant sa a te ale ansanm ak Jozye, yo te pote l tou nan peyi ki te pou nasyon+ Bondye te chase devan yo+. Tant lan te rete la jis nan epòk David la. 46 David te jwenn favè Bondye, e li te mande l privilèj pou l fè yon kay pou li, li menm ki Bondye Jakòb la+. 47 Men, se Salomon ki te bati kay la pou li+. 48 Sepandan, Sila a ki nan pi gwo pozisyon an pa abite nan kay ki fèt ak men lèzòm+. Se menm jan pwofèt la di l la: 49 ‘Jewova* di: Syèl la se twòn mwen+, e tè a se ti ban kote m met pye m+. Ki kalite kay n ap bati pou mwen? Oswa ki kote nou ka ban m pou m repoze? 50 Èske se pa mwen menm ki fè tout bagay sa yo ak men m+?’
51 “Nou se yon bann rebèl, nou fèmen kè nou ak zòrèy nou, nou toujou ap kenbe tèt ak lespri sen. Nou fè menm jan ak zansèt nou yo+. 52 Kiyès nan pwofèt yo zansèt nou yo pa t pèsekite+? Wi, yo touye pwofèt ki te anonse davans sila a ki jis ki gen pou l vini an+, sila a nou trayi e nou touye a+, 53 nou menm ki te resevwa Lalwa zanj te transmèt la+, men ki pa obeyi l.”
54 Ebyen, lè yo tande bagay sa yo, yo vin fache anpil nan kè yo*, e yo kòmanse manje dan. 55 Men li menm, ki te ranpli ak lespri sen, li fikse syèl la, li wè glwa Bondye, e li wè Jezi ki kanpe adwat Bondye+. 56 Epi li di: “Gade! Mwen wè syèl la ouvè, e mwen wè Pitit lòm nan+ ki kanpe adwat Bondye+.” 57 Lè yo tande sa, yo rele ak tout fòs yo, yo bouche zòrèy yo avèk men yo, e yo tout ansanm fonse sou li. 58 Lè yo fin trennen l sot pa deyò vil la, yo kòmanse kalonnen l ak kout wòch+. Epi, moun ki te temwaye+ kont li yo depoze rad yo bò pye yon jennonm ki rele Sòl+. 59 Pandan yo t ap kalonnen Etyèn ak kout wòch, li rele Jezi, li di: “Seyè Jezi, resevwa lespri m.” 60 Apre sa, li met ajenou, li rele byen fò, li di: “Jewova*, pa konte peche sa a pou yo+.” E apre li fin di sa, li dòmi nan lanmò.