CHAPIT 7
“ Reflechi seryezman sou moun sa a ki te andire ” a
1-3. a) Jis nan ki pwen soufrans Jezi sibi nan jaden Jetsemane a rèd, e ki sa ki lakòz soufrans sa a ? b) Ki sa nou ka di konsènan egzanp andirans Jezi kite a, e ki kesyon ki soulve ?
PRESYON an wo anpil. Se premye fwa Jezi nan yon angwas mantal konsa, yon angwas ki boulvèse l konsa. Li nan dènye moman lavi l sou tè a. Ansanm avèk apot li yo, li vini nan jaden Jetsemane, yon zòn yo abitye vini. Byen souvan, li konn reyini nan zòn sa a ansanm avèk yo. Sepandan, nan nuit sa a, li bezwen pase yon ti tan poukont li. Li kite apot li yo, li antre pi fon nan jaden an, e li met ajenou, li kòmanse priye. Li tèlman priye ak tout kè l e li vin nan yon soufrans ki si terib, swè l vin “ tankou gout san k ap tonbe atè ”. — Lik 22:39-44.
2 Poukisa Jezi enkyete l konsa ? Se vre, li konnen talè konsa l ap gen pou l fè fas ak soufrans dènye limit, men se pa rezon sa a ki lakòz angwas li a. Gen yon seri bagay ki pi enpòtan toujou k ap peze sou li. Li enkyete l anpil konsènan non Papa l, e li rekonèt avni limanite depann de rete li t ap gen pou l rete fidèl. Jezi konnen nan ki pwen li esansyèl pou l andire. Si l ta echwe, li t ap rale gwo opwòb sou non Jewova. Men, Jezi pa echwe. Pita, nan jou sa a, kèk moman anvan l rann dènye souf li, Jezi, ki kite pi bèl egzanp andirans ki genyen sou tè a, pouse kri laviktwa sa a : “ Sa reyalize ! ” — Jan 19:30.
3 Bib la ankouraje nou pou nou “ reflechi seryezman sou egzanp moun sa a [Jezi] ki te andire ” a (Ebre 12:3). Konsa, gen kèk kesyon enpòtan ki soulve : Ki kalite eprèv konsa Jezi te andire ? Ki sa k te pèmèt li andire ? Ki jan nou ka suiv egzanp li ? Anvan nou reponn kesyon sa yo, annou egzamine ki sa andirans enplike.
Ki sa andirans ye ?
4, 5. a) Ki sa andirans siyifi ? b) Ki egzanp nou ka bay pou nou montre andirans enplike plis pase annik viv yon pwoblèm nou pa ka evite ?
4 Detanzantan, nou tout, nou “ gen lapenn nan divès eprèv ”. (1 Pyè 1:6.) Èske lefètke n ap sibi yon eprèv, sa vle di nesesèman se andire n ap andire eprèv sa a ? Non. Mo grèk yo mete “ andirans ” pou li a siyifi “ kapasite yon moun genyen pou l kenbe fèm, pou l rete djanm devan difikilte ”. Anrapò ak kalite andirans ekriven Labib yo mansyone a, gen yon biblis ki esplike : “ Se etadespri ki pèmèt yon moun sipòte yon seri bagay, san se pa reziyen li annik reziyen l, men li fè sa avèk yon espwa ki chofe l [...]. Se kalite ki pèmèt yon moun kanpe sou de pye l pou l fè fas ak pwoblèm nan. Se kalite ki ka fè eprèv ki pi di a tounen laglwa, paske li wè pi lwen pase soufrans lan, li wè objektif li gen pou l atenn nan. ”
5 Konsa, andirans se pa sèlman viv yon moun ap viv yon difikilte li pa ka evite. Nan sans biblik la, andirans enplike fidelite ak detèminasyon, li enplike kenbe etadespri ki kòrèk la ak yon pwennvi pozitif devan eprèv. Ann pran egzanp de mesye ki nan prizon : yo nan menm sitiyasyon, men yo pa nan prizon pou menm koz. Gen youn ladan yo, se yon moun ki te fè move zak, l ap pije pèn li ak de kè e se reziyen l reziyen l. Lòt la, yon vrè kretyen yo met nan prizon pou lafwa l, li rete fèm e li kenbe yon atitid pozitif paske li wè sitiyasyon l lan kòm yon opòtinite pou l demontre lafwa l. Se sèten nou pa ka pran moun ki fè move zak la kòm yon egzanp andirans, tandiske kretyen fidèl la se yon egzanp bèl kalite sa a. — Jak 1:2-4.
6. Ki jan nou ka devlope andirans ?
6 Si nou vle jwenn delivrans, li endispansab pou nou andire (Matye 24:13). Sepandan, nou pa fèt avèk kalite esansyèl sa a. Se kiltive pou nou kiltive l. Ki jan nou ka fè sa ? Women 5:3 di : “ Tribilasyon bay andirans. ” Wi, si nou vrèman vle devlope andirans, nou pa ka fè kapon pou n ap kouri pou tout eprèv lafwa nou rankontre. Okontrè, nou dwe fè fas ak yo. Nou vin gen andirans lè, jou apre jou, nou afwonte eprèv yo, piti kou gwo, e nou reyisi pote laviktwa sou yo. Chak eprèv nou pase fòtifye nou pou n kapab fè fas ak lòt eprèv k ap vini an. Natirèlman, se pa poukont nou nou devlope andirans. Nou “ depann de fòs Bondye bay ”. (1 Pyè 4:11.) Pou Jewova ede nou rete tennfas, li ban nou pi bon èd ki posib la : egzanp Pitit Gason l lan. Annou byen reflechi sou egzanp andirans san fay Jezi kite pou nou an.
Sa Jezi te andire
7, 8. Ki sa Jezi te andire nan finisman lavi terès li ?
7 Nan finisman lavi terès Jezi, se pa ni de ni twa gwo soufrans li te andire. Kalkile w, nonsèlman li te anba gwo presyon mantal nan dènye nuit li t ap pase a, men tou, li te soufri anba imilyasyon e li dwe te soufri anba desepsyon. Youn nan konpayon entim li yo te trayi l, zanmi l ki pi pwòch li yo te abandone l, li te sibi yon jijman ilegal kote manm pi gwo tribinal relijye nan peyi a te pase l nan rizib, yo te krache sou li, e yo te ba l kout pwen. Epoutan, avèk kalm, li te andire tout bagay sa yo avèk diyite e avèk fòs. — Matye 26:46-49, 56, 59-68.
8 Nan dènye moman lavi Jezi, li te andire kokenn soufrans fizik. Yo te bat li byen bat ak kout fwèt, e selon sa yo di, lè yo bat yon moun konsa, “ po l filange byen filange e li pèdi anpil san ”. Yo te kloure l sou yon poto, e fason sa a yo te egzekite l la te mennen nan “ yon lanmò ki lan, avèk pi gwo doulè ak soufrans posib ”. Reflechi sou gwosè doulè li dwe te santi etan gwo klou yo t ap travèse men l ak pye l pou kloure l sou poto a (Jan 19:1, 16-18). Imajine kokenn doulè li te viv nan moman yo t ap drese poto a epi pwa kò li vin pandye nan klou yo e do l ki tou filange ap fwote sou poto a. Epi li andire soufrans fizik ekstrèm sa a toutpandan li anba presyon nou te dekri nan kòmansman chapit sa a.
9. Ki sa sa enplike pou nou pran “ poto soufrans ” nou e pou nou suiv Jezi ?
9 Antanke moun k ap suiv Kris, ki sa nou ka oblije andire ? Jezi te di : “ Si yon moun vle mache dèyè m, [...] se pou l pran poto soufrans li e se pou l suiv mwen nètale. ” (Matye 16:24). Yo sèvi ak ekspresyon “ poto soufrans ” lan la a nan yon sans senbolik, pou deziyen soufrans, lawont oswa menm lanmò. Se pa yon bagay ki fasil pou nou suiv Kris. Prensip kretyen n ap suiv yo fè nou diferan. Monn sa a rayi nou paske nou pa fè pati l (Jan 15:18-20 ; 1 Pyè 4:4). Sepandan, nou dispoze pran poto soufrans nou, wi, nou prepare nou pou n soufri, pou nou menm mouri, pase pou n ta sispann suiv Modèl nou an. — 2 Timote 3:12.
10-12. a) Poukisa enpèfeksyon moun ki te antoure Jezi yo se te yon eprèv pou andirans li ? b) Bay kèk sitiyasyon difisil Jezi te andire.
10 Pandan ministè Jezi, li te fè fas ak lòt eprèv akoz enpèfeksyon moun ki te antoure l yo. Pa bliye, li te “ ouvriye abil ” Jewova te sèvi pou l kreye tè a ak tout sa ki gen lavi sou li (Pwovèb 8:22-31). Kidonk, Jezi te konnen objektif Jewova te genyen pou limanite, li te konnen lèzòm te dwe reflete kalite Bondye yo e yo te gen pou yo viv ak yon sante pafè (Jenèz 1:26-28). Lè Jezi te sou tè a, li te wè move rezilta peche lakòz sou yon lòt ang : li menm tou, li te yon òm, li te gen posiblite viv santiman ak emosyon ki lakay lèzòm. Ala sa dwe te fè l lapenn pou l wè pèsonèlman jis nan ki pwen enpèfeksyon mennen lòm lwen pèfeksyon Adan ak Èv te genyen okòmansman an ! Kidonk, Jezi te oblije andire. Èske li t ap dekouraje epi li abandone, kòmkwa li wè lèzòm pechè se yon ka pèdi ? Annou wè sa.
11 Endiferans Juif yo te tèlman fè Jezi lapenn, li te kriye an piblik. Èske l te kite endiferans yo a toufe zèl li oswa fè l sispann preche ? Okontrè, li “ te konn anseye nan tanp lan chak jou ”. (Lik 19:41-44, 47.) Li te “ vin tris anpil ” devan ensansiblite kè Farizyen yo ki t ap suiv deprè pou yo wè si l t ap geri yon mesye nan jou Saba. Èske l te kite opozan sa yo, ki te konsidere tèt yo kòm moun ki pi jis, fè l pè ? Jamè ! Li te rete fèm e li te geri mesye a nan mitan sinagòg la menm ! — Mak 3:1-5.
12 Yon lòt bagay ki dwe te yon eprèv pou Jezi, se feblès disip ki te pi pwòch li yo. Jan nou te aprann sa nan chapit 3 a, yo te demontre yo pèsistan nan dezi yo genyen pou yo domine (Matye 20:20-24 ; Lik 9:46). Jezi te ba yo konsèy plizyè fwa anrapò ak nesesite pou yo gen imilite (Matye 18:1-6 ; 20:25-28). Epoutan, yo te lan pou yo reyaji. Imajine sa, nan dènye nuit li te pase avèk yo a, yo antre nan “ yon gwo diskisyon ” konsènan kiyès pami yo ki te pi gran (Lik 22:24) ! Èske Jezi te dekouraje avèk yo pou l ta panse yo se ka pèdi ? Non. Li te toujou demontre pasyans, li te rete pozitif e li pa t pèdi espwa, li te kontinye chèche sa ki bon lakay yo. Li te konnen nan fon kè yo, yo renmen Jewova e yo te vrèman vle fè volonte L. — Lik 22:25-27.
13. Ki eprèv nou ka jwenn ki sanble ak sa Jezi te andire yo ?
13 Li posib pou nou fè fas ak eprèv ki sanble ak sa Jezi te andire yo. Pa egzanp, nou ka rankontre moun ki endiferan oswa menm ki opoze ak mesaj Wayòm nan. Èske n ap kite reyaksyon negatif sa yo dekouraje nou, oswa èske n ap kontinye preche avèk zèl (Tit 2:14) ? Enpèfeksyon frè nou yo ka yon eprèv pou nou. Yon pawòl yon moun di san reflechi oswa yon aksyon yon moun poze konsa konsa ka blese santiman nou (Pwovèb 12:18). Èske n ap kite defo ki lakay kwayan parèy nou yo fè nou dekouraje avèk yo oswa èske n ap kontinye tolere defo yo e èske n ap kontinye chèche sa ki bon lakay yo ? — Kolosyen 3:13.
Sa ki te ede Jezi andire
14. Ki de pwen ki te ede Jezi kenbe fèm ?
14 Ki sa ki te ede Jezi kenbe fèm e ki te ede l kenbe entegrite l malgre tout imilyasyon, desepsyon ak soufrans li te viv ? Gen de pwen esansyèl ki te ede Jezi. Premyèman, li te konn chèche direksyon ki sot nan syèl la lè l rele “ Bondye ki bay andirans ” lan (Women 15:5). Dezyèmman, Jezi te konn dirije atansyon l sou lavni, li te konsantre l sou rezilta andirans li an t ap pote. Annou egzamine pwen sa yo youn pa youn.
15, 16. a) Ki sa k montre Jezi pa t apiye sou pwòp fòs li pou l andire ? b) Ki konfyans Jezi te gen nan Papa l, e poukisa ?
15 Malgre Jezi se te Pitit Gason pafè Bondye a, li pa t apiye sou pwòp fòs li pou l andire. Okontrè, li te vire bò kote Papa li ki nan syèl la e li te konn priye l pou l jwenn èd nan men l. Men sa apot Pòl te ekri : “ Se avèk gwo rèl, ak dlo nan je, [Kris] fè siplikasyon ansanm ak demann nan pye Sila a ki te ka sove l anba lanmò. ” (Ebre 5:7). N ap remake Jezi pa t sèlman ‘ fè demann ’, li te “ fè siplikasyon ” tou. Mo “ siplikasyon ” an deziyen yon demann espesyal ki fèt ak tout kè, yon demann sensè ki fèt avèk ensistans, wi, yon apèl osekou. Lefètke yo mete “ siplikasyon ” o pliryèl, sa montre Jezi te enplore Jewova plis pase yon fwa. Anfèt, nan jaden Jetsemane a, Jezi te priye plizyè fwa avèk anpil santiman. — Matye 26:36-44.
16 Jezi te gen yon konfyans total Jewova t ap reponn siplikasyon l yo, paske li te konnen Papa l se Sila “ ki konn tande priyè ” a (Sòm 65:2). Nan moman li t ap viv anvan l te vin sou tè a, Premye Pitit Gason Bondye fè a te wè ki jan Papa l reponn priyè adoratè fidèl yo. Pa egzanp, etan Pitit Gason an te nan syèl la, li te wè lè Jewova te voye yon zanj pou L reponn priyè pwofèt Dànyèl te fè ak tout kè l, alòske Dànyèl potko menm fin priye (Dànyèl 9:20, 21). Nan ka sa a, kòman pou Papa a pa ta reponn, lè sèl Pitit Gason li fè a vide kè l ba li, “ avèk gwo rèl, ak dlo nan je ” ? Wi, Jewova te reponn siplikasyon Pitit Gason l lan e li te voye yon zanj vin fòtifye l pou l ka kenbe anba eprèv la. — Lik 22:43.
17. Poukisa nou dwe chèche direksyon ki sot nan syèl la pou nou andire, e ki jan nou ka fè sa ?
17 Nou menm tou, pou n andire, nou dwe chèche direksyon ki sot nan syèl la, nou dwe vire kot Bondye ‘ ki bay pisans lan ’. (Filipyen 4:13.) Si Pitit Gason pafè Bondye a te santi li nesesè pou l sipliye Jewova pou l jwenn èd, nou pa bezwen mande jan nou menm nou ta dwe sipliye Jewova plis toujou ! Menm jan ak Jezi, nou ka bezwen enplore Jewova plizyè fwa (Matye 7:7). Menmsi nou pa atann nou n ap resevwa vizit yon zanj, gen yon bagay nou mèt sèten : Bondye nou ki renmen nou an ap reponn demann kretyen fidèl yo fè avèk ensistans, yo menm k ap “ pèsevere nan siplikasyon ak lapriyè lannuit kou lajounen ”. (1 Timote 5:5.) Kèlkeswa eprèv nou ka rankontre, kit se pwoblèm sante, lanmò yon moun ki chè pou nou, oswa pèsekisyon nan men opozan, Jewova ap reponn priyè nou fè ak tout kè nou yo pou nou jwenn sajès, kouraj ak fòs pou nou andire. — 2 Korentyen 4:7-11 ; Jak 1:5.
18. Nan ki sans Jezi te wè pi lwen pase soufrans ki te devan l ?
18 Dezyèm bagay ki te pèmèt Jezi andire a sèke li te wè pi lwen pase soufrans ki te devan l lan. Se konsènan Jezi, Labib di : “ Poutèt jwa ki t ap tann li, li te andire yon poto soufrans. ” (Ebre 12:2). Egzanp Jezi a montre nan ki pwen esperans, lajwa ak andirans mache ansanm. Nou ta ka rezime l konsa : Esperans mennen nan lajwa e lajwa mennen nan andirans (Women 15:13 ; Kolosyen 1:11). Jezi te gen bèl avni devan l. Li te konnen fidelite l t ap ede l defann dwa Papa l genyen antanke Souvren, e sa t ap pèmèt li rachte limanite anba peche ak lanmò. Epitou, Jezi te gen espwa li pral reye antanke Wa e l ap sèvi kòm Gran Prèt, pou l pèmèt moun ki obeyisan yo jwenn plis benediksyon toujou (Matye 20:28 ; Ebre 7:23-26). Lefètke Jezi te konsantre l sou esperans ki te devan l lan, li te jwenn yon jwa san parèy, e jwa sa a anretou te ede l andire.
19. Lè nou devan eprèv ki teste lafwa nou, ki jan nou ka kite esperans, lajwa ak andirans travay ansanm an favè nou ?
19 Menm jan ak Jezi, nou bezwen kite esperans, lajwa ak andirans travay ansanm an favè nou. Apot Pòl te di : “ Rejwi nan esperans lan. ” Apre sa, li ajoute : “ Andire anba tribilasyon. ” (Women 12:12). Èske pou kounye a, lafwa w ap pase anba yon gwo eprèv ? Ebyen, sonje gade pi devan. Pa bliye pwen sa a : andirans ou ap pote louwanj pou non Jewova. Kenbe bèl esperans Wayòm nan klè nan lespri w. Wè tèt ou ki nan monn nouvo Bondye a epi imajine w k ap viv benediksyon k ap gen nan Paradi a. Lè w viv alavans reyalizasyon bèl bagay Jewova pwomèt yo, tankou jistifye dwa l genyen antanke Souvren, retire l ap retire mechanste sou tè a e elimine l ap elimine maladi ak lanmò, sa ap ranpli kè w ak lajwa, e lajwa sa a ka ede w andire kèlkeswa eprèv ki ta ka tonbe sou ou. Kèlkeswa soufrans ki genyen nan sistèm sa a, lè w konpare l ak reyalizasyon esperans Wayòm nan, an verite, soufrans sa a la “ pou yon ti tan e li lejè ”. — 2 Korentyen 4:17.
“ Suiv tras li fidèlman ”
20, 21. Anrapò ak andirans, ki sa Jewova atann de nou, e ki ta dwe detèminasyon nou ?
20 Jezi te konnen vin disip li pa t ap fasil, li te konnen sa t ap mande andirans (Jan 15:20). Li te prepare l pou l bay egzanp lan, piske l konnen sa t apral fòtifye lòt moun (Jan 16:33). Se vre, Jezi te bay yon egzanp andirans ki san fay, men nou menm nou poko prèt pou n pafè. Ki sa Jewova atann de nou ? Pyè esplike : “ Kris te soufri pou nou, li kite yon modèl pou nou, pou nou ka suiv tras li fidèlman. ” (1 Pyè 2:21). Nan fason Jezi te boule ak eprèv yo, li kite “ yon modèl ” pou nou kopyea. Nou ka konpare andirans li bati ofiramezi a ak “ pa ” oswa ak anprent pye kite. Nou pa ka suiv pa sa yo pafètman, men nou ka suiv yo “ fidèlman ”.
21 Kidonk, annou pran detèminasyon pou nou fè tout sa nou kapab pou nou suiv egzanp Jezi. Annou pa janm bliye plis nou suiv tras Jezi fidèlman, se plis n ap byen ekipe pou nou andire “ jiska lafen ”, swa lafen sistèm sa a, swa lafen lavi n ap viv kounye a. Nou pa konnen kiyès k ap rive anvan lòt, men gen yon bagay nou konnen : Pou tout letènite, Jewova ap rekonpanse nou pou andirans nou. — Matye 24:13.
a Mo grèk lè yo tradui l yo mete “ modèl ” pou li a vle di literalman “ ekri anba ”. Apot Pyè se sèl ekriven nan Ekriti grèk kretyen an ki sèvi ak mo sa a, e dapre sa yo di, mo sa a siyifi “ ‘ yon ekriti pou w kopye ’ nan yon liv egzèsis pou timoun, yon modèl ekriti pafè timoun nan dwe imite avèk presizyon otan l kapab ”.