Byografi
Jewova te aprann mwen ki jan pou m fè volonte l
Dapre Max Lloyd
Nan ane 1955, byen ta nan aswè, mwen menm ak yon lòt misyonè te nan peyi Paragwe, ann Amerik disid, kote nou t ap sèvi a lè yon foul moun byen move te ansèkle kay kote nou te ye a e yo t ap di byen fò: “Dye n ap sèvi a renmen san, li vle san blan yo!” Ki jan de blan (oswa etranje) sa yo te fè rive nan peyi Paragwe?
NAN ka pa m, tout bagay te kòmanse nan peyi Ostrali sa gen plizyè ane. Se nan peyi sa a mwen te grandi e se la Jewova te kòmanse aprann mwen ki jan pou m fè volonte l. An 1938, papa m te aksepte yon liv (Ennemis) nan men yon Temwen Jewova. Li menm ak manman m te deja bouke ak manm klèje ki te nan zòn nan, ki te fè konnen gen kèk pòsyon nan Bib la se lejann yo ye. Anviwon ennan apre, yo te batize pou yo montre yo te vwe vi yo bay Jewova. Depi lè sa a, bagay ki te pi enpòtan pou fanmi nou, se fè volonte Jewova. Apre manman m ak papa m te fin batize, Lesley, sè m nan ki te gen senk an anplis mwen, te vin batize. Mwen menm, mwen te batize nan ane 1940. Lè sa a mwen te gen nevan.
Tousuit apre Dezyèm Gè mondyal la, gouvènman peyi Ostrali a te bay lòd pou yo pa ni enprime piblikasyon Temwen Jewova yo ni distribye yo nan peyi a. Se sa k fè lè m te timoun mwen te aprann defann fwa m ak Bib la sèlman. Mwen te pran abitid pote Bib la nan lekòl mwen pou m te ka montre rezon ki fè mwen pa t vle salye drapo ak rezon ki fè m pa t fè anyen pou m soutni gè a. — Egz. 20:4, 5; Mat. 4:10; Jan 17:16; 1 Jan 5:21.
Anpil nan elèv yo pa t vle vin zanmi m paske yo te di m se “yon espyon alman”. Nan epòk sa a, yo te konn pase fim nan lekòl la. Men, anvan yo te konn pase yon fim, tout moun te dwe leve kanpe pou yo chante im nasyonal peyi a. Mwen te konn ret chita, lè konsa gen de oswa twa ti mesye ki te konn pran m nan cheve pou yo eseye fè m kanpe. Finalman, yo te mete m deyò lekòl la paske mwen te kontinye kenbe kwayans mwen ki chita sou Bib la byen fèm. Sepandan, mwen te rive pran kou pa korespondans detan m lakay mwen.
YON OBJEKTIF MWEN TE RIVE ATENN
Mwen te gen objektif pou m antre nan sèvis aplentan lè m gen 14 an. Donk, se pa ti desi m te desi lè manman m ak papa m te di fòk mwen travay anvan m pran sèvis la. Yo te ensiste pou m bay yon ti kòb nan kay la pou manje ak chanm kote m dòmi an, e yo te pwomèt mwen lè m gen 18 an mwen t ap ka kòmanse preche aplentan. Detanzantan, nou te konn gen konvèsasyon konsènan kòb mwen t ap touche a. Mwen te konn di yo mwen vle sere kòb la pou m pyonye, men yo menm se pran y ap pran l nan men m.
Lè lè a te rive pou m pran sèvis la, manman m ak papa m te mete m chita e yo te di m yo te depoze kòb mwen te konn ba yo a labank. Yo te remèt mwen tout kòb la san manke yon penich pou m te ka achte rad ak lòt bagay mwen t ap gen bezwen nan sèvis la. Yo te vle aprann mwen jan sa enpòtan pou m pran swen tèt mwen e pou m pa konte sou lòt moun. Lè m reflechi ak lavi m, mwen rann mwen kont leson sa a te ede m anpil.
Pandan Lesley avè m t ap grandi, byen souvan, anpil pyonye te konn rete lakay nou e nou te konn kontan patisipe nan travay fè disip la ansanm ak yo. Nou te konn pase tout wikenn nou ap preche kay an kay, bay temwayaj nan lari e nou te konn fè etid. Alepòk, pwoklamatè yo te gen objektif pou yo pase 60 èdtan chak mwa ap preche. Manman m te prèske toujou atenn objektif sa a, sa ki te yon bèl egzanp pou Lesley avè m.
SÈVIS PYONYE NAN TASMANI
Premye asiyasyon m te resevwa se te nan zile Tasmani, ann Ostrali. Mwen t al jwenn sè m nan ak mari l ki te deja ap sèvi kote sa a. Men, yon ti tan annapre, yo te jwenn envitasyon pou y al asiste 15yèm klas Lekòl Gileyad la. Mwen te timid anpil e se premye fwa m te lwen lakay mwen. Gen moun ki te panse mwen pa t ap fè plis pase twa mwa nan sèvis la. Sepandan, an 1950, mwen te prèske gen ennan nan sèvis la lè yo te nome m sèvitè kongregasyon, jan yo te konn rele kowòdonatè gwoup ansyen an. Annapre, yo te nome m pyonye espesyal, e yo te ban m yon jèn frè kòm konpayon sèvis.
Yo te voye nou al sèvi nan yon tèritwa ki izole, nan yon vil kote moun yo t ap travay nan min kuiv, e pa t gen okenn Temwen Jewova ki t ap viv la. Nou te pran bis pou n al kote sa a e nou te rive byen ta nan aprèmidi. Nou te pase premye nuit la nan yon ansyen otèl. Nan demen, pandan nou t ap fè pòt an pòt, nou te mande moun yo si yo konnen yon kote nou ka jwenn yon chanm pou nou lwe. Lè jounen an te prèske fini, gen yon mesye ki te di nou kay ki toupre legliz presbiteryen an vid e nou ta dwe pale ak dyak la sou sa. Dyak la te amikal e li te pèmèt nou ret nan kay la. Sa te parèt dwòl pou chak jou n ap soti nan kay yon manm klèje pou n al preche.
Nou te jwenn bonjan rezilta nan tèritwa nou an. Nou te gen konvèsasyon enteresan ak moun yo e nou te kòmanse anpil etid. Lè otorite Legliz la ki nan kapital la te aprann gen Temwen Jewova k ap viv nan kay manm klèje a, yo te bay dyak la lòd pou yo mete nou deyò san pèdi tan. Yon lòt fwa ankò, nou pa t gen kote pou nou rete.
Nan demen, apre nou te fin pase yon pati nan jounen an ap preche, nou te chèche yon kote pou nou pase nuit lan. Pi bon kote nou te jwenn se te graden yon stad kote yo te konn fè spò. Nou te kache malèt nou yo nan stad la e nou te rekòmanse preche. Li te kòmanse fènwa, men nou te vle fè kèk lòt pòt pou nou te ka fin preche dènye kay ki nan ri a. Nan youn nan kay yo, nou te rankontre yon mesye ki te ofri nou lojman pa dèyè lakay li a, nan yon ti kay ki te gen de pyès.
SÈVIS SIKONSKRIPSYON AK LEKÒL GILEYAD
Lè m te gen anviwon uimwa nan tèritwa a, biwo filyal ki Ostrali a te mande m al sèvi kòm siveyan sikonskripsyon. Mwen te sezi anpil paske mwen te gen 20 an sèlman lè sa a. Apre m te fin pase kèk semèn ap pran fòmasyon, mwen te kòmanse vizite kèk kongregasyon regilyèman pou m te ka ankouraje frè yo. Prèske tout frè yo te pi gran pase m, men, yo te montre yo gen respè pou mwen poutèt travay mwen t ap fè a. Yo pa t janm meprize m malgre m te jèn.
Pou m te sot nan yon kongregasyon al nan yon lòt, mwen te konn itilize diferan mwayen pou m deplase. Yon semèn mwen te pran bis, yon lòt semèn mwen te pran tren, pafwa tou mwen te konn pran moto toutpandan m te konn kenbe yon malèt ak valiz predikasyon m nan men m. Se te yon veritab plezi pou m te desann lakay frè ak sè yo. Te gen yon sèvitè kongregasyon ki te chofe pou m te ret lakay li aktout kay la potko fin bati. Pandan tout semèn nan, yo te ranje kabann pou mwen nan yon benywa. Men, se te yon bèl semèn.
An 1953, mwen te fè yon lòt sezisman lè m te resevwa yon envitasyon pou m al asiste 22yèm klas Lekòl Gileyad la. Byenke m te kontan, mwen te enkyè anmenmtan. Jou ki te 30 jiyè 1950 lan, sè m nan ak mari l te gradye Gileyad e yo te voye yo al sèvi kòm misyonè nan peyi Pakistan. Yo potko menm gen ennan lòtbò a lè Lesley te vin malad e li te mouri. Donk, mwen t ap mande tèt mwen ki jan manman m ak papa m t ap santi yo si m t al sèvi nan yon lòt peyi, alòske yo te fèk pèdi Lesley. Yo te di m: “Al sèvi Jewova kèlkeswa kote l voye w la.” Mwen pa t janm rewè papa m ankò. Li te mouri nan fen ane 1950 yo.
Sa pa t pran lontan pou mwen menm ak senk lòt frè ostralyen te anbake nan yon bato ki t apral fè sis semèn sou lanmè anvan l rive Nouyòk. Nou te pwofite moman nou te nan bato a pou nou li Labib, pou nou etidye e pou nou preche lòt pasaje yo. Anvan nou te monte South Lansing pou n al lekòl la, nou te asiste kongrè entènasyonal ki te fèt nan Yankee Stadium an jiyè 1953 a. Te gen yon maksimòm 165 829 moun nan asistans lan.
Klas nou an te gen 120 elèv ki te soti tout kote sou tè a. Se jou nou t ap gradye nan lekòl la yo te di nou ki kote nou pral sèvi. Lè n te jwenn yon ti tan, nou te kouri al nan bibliyotèk Gileyad la pou n al fè plis rechèch sou peyi kote yo te voye nou yo. Mwen te aprann, Paragwe, kote yo te voye m nan, se yon peyi ki te toujou gen soulèvman. Pandan m te nan peyi a, yon jou maten, mwen te mande misyonè yo ki fèt sa a m te tande nan nuit lan. Yo te souri e yo te di m: “Ou te viv premye soulèvman w. Gad nan pòt devan an pou wè.” Deyò a te chaje ak sòlda.
YON EKSPERYANS MWEN PA GEN DWA JANM BLIYE
Yon lè, mwen te akonpaye siveyan sikonskripsyon an pou n te ka al vizite yon kongregasyon ki te nan yon tèritwa izole e pou n te ka pase fim La Société du Monde Nouveau en action an. Nou te fè anviwon uit oswa nevèdtan ap vwayaje. Pou kòmanse, nou te pran yon tren, apre sa, nou te monte cheval, nou pran yon ti charyo yon cheval t ap rale e finalman nou te pran yon lòt charyo bèf t ap rale. Nou te pote yon dèlko ak yon pwojektè pou fim nan. Nan jou apre nou te fin rive a, nou te pase jounen an ap vizite kiltivatè yo e nou te envite tout moun vin gade fim nan nan menm sware a. Te gen 15 moun ki te vini.
Apre n te fin pase anviwon 20 minit ap gade fim nan, yo te mande nou pou nou antre nan kay la san pèdi tan. Nou te pran pwojektè a e nou te fè sa yo te di nou an. Apre n fin antre, nou tande yon ekip mesye k ap rele byen fò e k ap tire toutpandan y ap chante. Yo t ap di: “Dye n ap sèvi a renmen san, li vle san blan yo.” Te gen de blan sèlman nan zòn nan, e m te youn nan yo. Moun ki te vin gade fim nan te anpeche foul la antre nan kay la. Men, vè twazè dimaten, opozan yo te retounen, yo t ap tire e yo te pwomèt nou y ap pran nou pi ta nan jounen an lè n sou wout pou n tounen.
Frè yo te rele chèf lapolis la e li te vini nan aprèmidi ak de cheval pou l te ka mennen nou nan vil la. Lè nou t ap retounen, chak fwa nou te rive toupre yon raje oswa yon kote ki te gen yon bann pyebwa, li te rale zam li e li te pran devan pou l al fè yon koudèy. Mwen te vin rann mwen kont, cheval se yon bon mwayen pou moun deplase. Se sa k fè, mwen te achte youn.
PLIS MISYONÈ TE VINI
Aktout manm klèje yo te konn pèsekite nou regilyèman, nou te kontinye jwenn bon rezilta nan travay predikasyon an. An 1955, te gen senk lòt misyonè ki te vini. Pami yo, te gen yon jèn sè ki soti Kanada ki rele Elsie Swanson ki te gradye nan 25yèm klas Lekòl Gileyad la. Nou te nan biwo filyal la ansanm pandan yon tan, men, annapre, yo te voye l al sèvi nan yon lòt vil. Li te bay tout vi l nan sèvis Jewova a byenke paran l yo pa t vrèman ede l. Dayè, yo pa t janm aksepte laverite. Mwen te marye ak Elsie 31 desanm 1957. Annapre, nou t al viv poukont nou nan yon mezon misyonè ki te nan sid peyi Paragwe.
Pa t gen tiyo nan kay la, men, te gen yon pi nan lakou a. Nou pa t gen ni douch, ni twalèt anndan kay la, nou pa t gen machin a lave e menm yon frijidè nou pa t genyen. Nou te konn fè pwovizyon chak jou. Sepandan, se te yon peryòd ki te pote anpil kè kontan nan maryaj nou paske nou te gen yon vi ki senp e nou te gen bonjan relasyon ak frè ak sè yo.
An 1963, yon ti tan apre nou te tounen ann Ostrali pou n al vizite manman m, li te fè yon kriz kadyak. Sanble se paske li te twò kontan wè pitit gason l lan apre dizan. Kòm moman pou n te retounen Paragwe a t ap pwoche, nou te gen pou n pran youn nan desizyon ki te pi difisil nan lavi nou: Èske nou ta dwe kite manman m lopital la ak espwa nou t ap jwenn yon moun pou pran swen l, oswa èske nou ta dwe retounen nan asiyasyon nou te renmen an? Apre mwen menm ak Elsie te priye Jewova plizyè fwa sou sa, nou te deside n ap rete pou n pran swen manman m. Nou te pran swen l toutpandan nou te nan sèvis aplentan. Nou te kontinye fè sa jiskaske l te mouri nan ane 1966.
Pandan m te Ostrali, mwen te gen privilèj pandan plizyè ane pou m sèvi antanke siveyan sikonskripsyon, antanke siveyan distri, e pou m anseye nan Lekòl ministè Wayòm yo fè pou ansyen yo. Men, nou te vin oblije fè yon lòt ajisteman nan lavi nou. Mwen te jwenn privilèj tou pou m vin manm premye Komite filyal ki t apral genyen nan peyi sa a. Annapre, lè yo t ap konstwi yon lòt biwo filyal, yo te mete m siveyan komite konstriksyon an. Nou te rive konstwi yon bèl filyal grasa kolaborasyon yon pakèt frè ak sè ki te gen eksperyans.
Annapre, yo te mete m nan Biwo sèvis, biwo ki sipèvize travay predikasyon k ap fèt nan peyi a. Mwen te gen privilèj tou pou m vizite lòt filyal toupatou sou tè a antanke siveyan zòn, yon fason pou m te ka ede frè yo epi ankouraje yo. Mwen te konn vizite kèk peyi kote frè ak sè yo te konn pase plizyè ane nan prizon ak nan kan konsantrasyon poutèt yo te vle obeyi Jewova fidèlman. Genyen nan yo ki te konn pase menm plizyè dizèn ane nan prizon ak nan kan konsantrasyon. Vizit sa yo te vrèman fè lafwa m vin pi solid!
ASIYASYON NOU GENYEN JODI A
An 2001, apre m te retounen sot nan yon vwayaj mwen te fè nan kad travay mwen antanke siveyan zòn, mwen te jwenn yon envitasyon pou m al Bwouklin, nan Nouyòk, pou m te ka vin manm Komite filyal peyi Etazini an ki te fèk fòme. Elsie avè m te priye sou sa e nou te aksepte asiyasyon an ak kè kontan. Kounye a, nou gen plis pase 11 an depi n ap sèvi Bwouklin.
Mwen kontan anpil lefètke mwen gen yon madanm ki toujou kontan fè sa Jewova mande. Elsie avè m gen yon ti kras plis pase 80 an e sante nou plizoumwen anfòm toujou. Nou pa ka tann pou nou resevwa ansèyman nou pral jwenn nan men Jewova pou tout tan gen tan e pou nou jwenn benediksyon li pral vide sou moun ki kontinye fè volonte l yo!
[Antrefilè nan paj 19]
Yon semèn mwen te pran bis, yon lòt semèn mwen te pran tren, pafwa tou mwen te konn pran moto toutpandan m te konn kenbe yon malèt ak valiz predikasyon m nan men m.
[Antrefilè nan paj 21]
Nou pa ka tann pou nou resevwa ansèyman nou pral jwenn nan men Jewova pou tout tan gen tan!
[Foto nan paj 18]
Agoch: Pandan m te nan sèvis sikonskripsyon an ann Ostrali.
Adwat: Mwen menm ansanm ak paran m.
[Foto nan paj 20]
31 desanm 1957, jou nou te marye a.