Ou ka lite ak Satan — E w ka genyen!
“Kenbe tèt ak [Satan], rete fèm nan lafwa.” — 1 PYÈ. 5:9.
1. a) Ki sa k fè lit n ap mennen kont Satan an sitou enpòtan kounye a? b) Ki jan n fè konnen l posib pou n genyen nan lit n ap mennen kont Satan an?
SATAN ap fè lagè kont rès moun Bondye chwazi pou al nan syèl la ansanm ak “lòt mouton” yo (Jan 10:16). Objektif Dyab la se devore sèvitè Jewova yo otank posib nan ti tan tou kout li rete a. (Li Revelasyon 12:9, 12.) Èske n ka genyen nan lit n ap mennen kont Satan an? Wi, nou kapab! Bib la di: “Opoze ak Dyab la, e l ap kouri kite nou.” — Jak 4:7.
2, 3. a) Nan ki sans ide ki fè kwè Satan pa egziste a se yon ide ki soutni objektif Dyab la? b) Ki jan w fè konnen Satan egziste?
2 Gen anpil moun ki panse Satan pa egziste vre. Pou yo menm, Satan ak demon yo se yon seri moun imajinè ki parèt nan woman, nan fim dyab ak nan jwèt videyo. Moun sa yo met nan tèt yo pa gen okenn moun ki entèlijan k ap kwè nan espri mechan yo. Kounye a, èske w panse sa bay Satan pwoblèm dèske moun yo panse li menm ak patizan envizib li yo pa reyèl? Nou pa kwè sa! Dayè, li fasil pou Satan bouche lespri moun ki pa kwè l egziste yo (2 Kor. 4:4). Pwopagann ki fè kwè kreyati espirityèl yo pa egziste a se youn nan pakèt mwayen Satan itilize pou l twonpe moun.
3 Antanke sèvitè Jewova, nou pa pami moun Satan ap twonpe yo. Nou konnen Dyab la egziste paske l se Satan, sila a ki te sèvi ak yon sèpan pou l pale ak Èv la (Jen. 3:1-5). Satan te pwovoke Jewova nan kesyon ki te gen rapò ak Jòb la (Jòb 1:9-12). Se Satan ki te eseye tante Jezi (Mat. 4:1-10). Epitou, apre Wayòm Bondye a te fin tabli nan ane 1914, se Satan ki te kòmanse “fè lagè” kont rès moun Bondye chwazi pou al nan syèl la (Rev. 12:17). Gè sa a toujou la etandone Satan ap chèche detwi lafwa rès 144 000 moun yo ansanm ak lòt mouton yo. Pou n genyen batay la, nou bezwen kenbe tèt ak Satan epi n bezwen rete fèm nan lafwa. Atik sa a pral pale konsènan twa fason nou kapab fè sa.
EVITE FYÈTE KI DEPASE LIMIT
4. Ki jan Satan montre l fyè depase limit?
4 Satan pa gen okenn imilite. Anfèt, sa mande yon fyète ak tout yon awogans ki depase limit pou yon kreyati espirityèl rive gen odas pou l kanpe kont dwa Jewova genyen pou l dirije a epi pou l fè tèt li vin yon dye ki opoze ak Jewova. Kidonk, youn nan fason nou ka kenbe tèt ak Satan se lè n evite montre n fyè depase limit epi n aprann demontre imilite. (Li 1 Pyè 5:5.) Men, ki sa fyète ye? Èske l toujou mal?
5, 6. a) Èske l toujou mal pou yon moun fyè? Esplike. b) Ki kalite fyète ki pa bon, e ki egzanp nou jwenn nan Ekriti yo ki montre sa?
5 Gen yon diksyonè ki defini fyète kòm yon “santiman ki fè yon moun santi l gen enpòtans, ki fè l kwè nan tèt li” e kòm “yon santiman ki bay yon moun satisfaksyon paske li menm oswa yon moun ki pwòch avè l te fè yon bon bagay oswa l vin posede yon bon bagay”. Pa gen anyen ki mal pou yon moun santi l fyè. Men sa apot Pòl te di Tesalonisyen yo: “Nou menm, nou fyè de nou pami kongregasyon Bondye yo, paske, nan tout pèsekisyon nou jwenn ak nan tribilasyon n ap sipòte, nou andire e nou demontre lafwa.” (2 Tes. 1:4). Anfèt, lè yon moun santi l kontan pou travay lòt moun fè oswa l menm montre l fyè de tèt li nan yon nivo ki rezonab, sa kapab bon pou li. Nou pa dwe wont fanmi nou, kilti nou oswa kote n grandi a. — Tra. 21:39.
6 Yon lòt bò, gen yon lòt kalite fyète ki kapab minen relasyon nou gen ak lòt moun e ki kapab kraze relasyon nou gen ak Jewova a. Yon fyète konsa ka lakòz nou vin gen rankin epi l ka lakòz nou rejte yon konsèy yo ban nou olye n aksepte l avèk imilite (Sòm 141:5). Yo defini kalite fyète sa a kòm “yon konfyans depase limit yon moun gen nan tèt li” oswa kòm “yon etadespri ògeye moun ki kwè yo pi bon pase lòt moun yo konn demontre, alòske byen souvan yo pa gen okenn rezon valab pou sa”. Jewova rayi ògèy (Eze. 33:28; Amòs 6:8). Men, Satan dwe kontan lè l wè jan lèzòm ap aji ak ògèy paske sa reflete menm ògèy li genyen an. Se pa ti kontan Satan dwe te santi l kontan lè l te wè jan kèk moun tankou Nimwòd, Farawon ak Absalòm te konn ap vante tèt yo, e yo tout te vin fyè depase limit (Jen. 10:8, 9; Egz. 5:1, 2; 2 Sam. 15:4-6)! Twòp fyète tou te jwe yon wòl nan tonbe Kayen te tonbe a. Se Bondye an pèsòn ki te ba l konsèy, men, lefètke l te twò fyè de tèt li li pa t aksepte disiplin nan. Li te pito rejte avètisman Jewova te ba l la epi l te lage kò l nan pwoblèm. — Jen. 4:6-8.
7, 8. a) Ki sa rasis ye, e ki fason l ka fè yon moun vin fyè depase limit? b) Esplike kòman fyète ki depase limit ka kraze lapè nan yon kongregasyon.
7 Jodi a, moun yo montre yo fyè nan plizyè fason ki pa bon menm. Pafwa, fyète mache men nan men ak rasis. Gen yon diksyonè ki defini rasis kòm “prejije oswa lahèn yo demontre kont moun ki soti nan lòt ras” epi l di rasis se “ide ki fè kwè moun ki pa gen menm ras yo gen kalite ak kapasite ki diferan, epi gen kèk ras ki tou natirèlman siperyè oswa enferyè parapò ak lòt yo”. Fyète ki gen rapò ak ras lakòz anpil dezòd ak lagè e l menm lakòz anpil moun mouri.
8 Nòmalman, bagay sa yo pa dwe gen plas yo nan kongregasyon kretyen an. Sepandan, lè kwayan yo ap diskite youn ak lòt e pafwa akoz yo twò fyè de tèt yo, sa ka lakòz yo pèdi kontwòl sitiyasyon an. Gen kèk kretyen ki t ap viv nan premye syèk la ki te nan sitiyasyon sa a e Jak te poze yon kesyon ki te touche yo anpil, li te mande yo: “Ki kote lit ak goumen ki gen nan mitan nou yo soti?” (Jak 4:1). Vrèmanvre, si lahèn ak ide kòmkwa n siperyè lòt moun byen anrasinen nan kè nou, sa ka gen efè sou pawòl nou ak aksyon nou e sa ka lakòz nou fè lòt moun soufri anpil (Pwo. 12:18). Sa klè, fyète ki depase limit ka kraze lapè nan yon kongregasyon.
9. Ki fason Bib la ede n konbat rasis ak ògèy? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)
9 Si pèsonèlman nou wè n gen tandans santi n siperyè lòt moun, nou bezwen sonje “nenpòt moun ki gen ògèy nan kè l, li se bagay detestab pou Jewova”. (Pwo. 16:5, NW.) L ap bon tou pou n egzamine pwennvi n genyen sou moun ki soti nan lòt ras, lòt kilti, oswa ki gen lòt nasyonalite yo. Si n santi n gen tandans rasis oswa patriyotik konnen n bliye Bondye te “sèvi ak yon sèl moun pou l fè moun tout nasyon”. (Tra. 17:26.) Nan sans sa a, se sèlman yon sèl ras ki genyen paske tout moun nèt gen yon sèl zansèt anpalan de Adan. Donk, sa pa t ap fè sans menm pou n ta kwè gen kèk ras ki tou natirèlman siperyè oswa enferyè parapò ak lòt yo. Yon refleksyon konsa t ap kore objektif Satan genyen pou l kraze lanmou ak inite nou genyen antanke kretyen an (Jan 13:35). Pou n lite kont Satan epi pou n genyen nou dwe reziste kont tout kalite ògèy. — Pwo. 16:18.
EVITE MATERYALIS AK LANMOU POU MONN NAN
10, 11. a) Ki sa k fè l gendwa fasil pou yon moun vin gen lanmou pou monn nan? b) Ki sa petèt ki te fè Demas vin gen lanmou pou monn nan?
10 Se Satan ki “chèf monn nan” e monn nan anba pouvwa l (Jan 12:31; 1 Jan 5:19). Kidonk, pifò nan bagay monn nan ap fè pwopagann pou yo a depaman ak prensip nou jwenn nan Bib la. Nòmalman, se pa tout bagay nan monn nan ki pa bon. Sepandan, nou dwe atann nou Satan ap sèvi ak monn li an pou l eksplwate dezi nou epi pou l eseye fè n peche oswa fè n vin renmen monn li an yon fason pou n vire do bay adorasyon n ap bay Jewova a. — Li 1 Jan 2:15, 16.
11 Gen kèk kretyen nan premye syèk la ki te vin gen lanmou pou monn nan. Pa egzanp, apot Pòl te di: “Demas abandone m paske li renmen sistèm ki la kounye a.” (2 Tim. 4:10). Bib la pa di egzakteman ki bagay nan monn nan Demas te renmen ki fè l te abandone Pòl la. Sanble Demas te kòmanse vin gen plis lanmou pou bagay materyèl pase bagay espirityèl yo. Si se te sa vre, konnen Demas te pèdi yon pakèt bèl privilèj nan domèn espirityèl. E poukisa atò? Èske monn nan te ka bay Demas yon bagay ki pi enpòtan pase privilèj Jewova te ka ba li pou l vin konpayon travay Pòl la? — Pwo. 10:22.
12. Nan ki sans “pouvwa richès genyen pou l twonpe moun” nan kapab pran nou nan pyèj?
12 Yon bagay konsa ka rive n tou. Antanke kretyen, li toutafè nòmal pou n anvi pran swen tèt nou oswa fanmi nou nan domèn materyèl (1 Tim. 5:8). Jewova vle pou n viv alèz e n wè sa byen klè lè n konsidere bèl anviwònman li te kreye pou Adan ak Èv la (Jen. 2:9). Sepandan, Satan ka sèvi ak “pouvwa richès genyen pou l twonpe moun” nan pou l eksplwate dezi nou yo (Mat. 13:22). Gen anpil moun ki panse lajan ka fè yo kontan oswa ki panse y ap reyisi lè yo gen anpil byen materyèl. Kalite panse sa a se yon manti kri e l ka fè n pèdi byen nou genyen ki pi enpòtan an ki se amitye n gen ak Jewova a. Men ki avètisman Jezi te bay disip li yo: “Pèsonn pa ka esklav de mèt anmenmtan. Paske, swa l ap rayi youn e l ap renmen lòt la, oubyen l ap atache ak youn e l ap meprize lòt la. Nou pa ka esklav Bondye ak Lajan anmenmtan.” (Mat. 6:24). Si se lajan nou esklav konnen n sispann sèvi Jewova, e se egzakteman sa Satan ta renmen nou fè! Pinga n janm bay lajan oswa bagay lajan ka achte yo plis enpòtans pase amitye nou gen ak Jewova a. Pou n lite kont Satan, nou dwe kontinye gen yon pwennvi ekilibre sou bagay materyèl. — Li 1 Timote 6:6-10.
KOURI POU FÒNIKASYON
13. Ki fason monn sa a ankouraje moun gen yon move pwennvi sou maryaj ak relasyon seksyèl?
13 Fònikasyon se yon lòt pyèj ki gen nan monn Satan an. Jodi a, gen anpil moun ki konsidere maryaj ak fidelite nan maryaj kòm bagay ki pase mòd e ki retire sou libète moun. Pa egzanp, gen yon aktris selèb ki te di: “Li enposib pou ni gason ni fi gen yon sèl patnè. M pa konn yon moun ki fidèl oswa ki vle vin fidèl.” Gen yon aktè ki te di: “M pa fin sèten si sa nan nou vre pou n ret ak yon moun pandan tout rès vi nou.” Satan dwe kontan lè l wè jan gen moun ki gen anpil enfliyans k ap di move bagay sou maryaj ki se yon kado Bondye ban nou. Se sèten Dyab la pa gen okenn enterè pou l soutni dispozisyon sa a oswa pou l wè l reyisi. Kidonk, pou n lite kont Satan epi pou n genyen, nou dwe soutni maryaj ki se yon dispozisyon Bondye pran.
14, 15. Ki jan n ka kouri pou fònikasyon?
14 Kit nou marye kit nou selibatè, nou dwe fè tout sa n kapab pou n kouri pou fònikasyon sou kèlkeswa fòm nan. Èske lit sa a fasil? Non l pa fasil! Pa egzanp, si w se yon jèn, ou gendwa konn tande kamarad lekòl ou k ap vante tèt yo pou di yo konn fè sèks pou plezi oswa yo konn voye mesaj ki gen rapò ak sèks ki se yon pratik moun anpil kote konsidere kòm yon bagay ki nan menm kategori ak abi seksyèl sou timoun. Bib la fè konnen: “Yon moun k ap pratike fònikasyon peche kont pwòp kò li.” (1 Kor. 6:18). Maladi moun pran nan relasyon seksyèl lakòz ni soufrans ni lanmò. Epi, pifò jèn selibatè ki te pèdi vijinite yo fè konnen yo regrèt sa yo te fè a. Nan kesyon fònikasyon, reyalite a diferan lontan ak sa medya yo ap montre pou fè n kwè lè yon moun vyole lwa Bondye yo li pap sibi okenn konsekans. Kalite panse sa yo fè moun tonbe anba “pouvwa peche genyen pou l twonpe moun”. — Ebre 3:13.
15 Ki sa w ka fè si w ap lite ak tantasyon pou w fè fònikasyon? Ou bezwen rekonèt ou gen feblès sa a lakay ou (Wom. 7:22, 23). Ou bezwen priye Bondye pou l ba w fòs (Flp. 4:6, 7, 13). Ou bezwen evite tout sitiyasyon ki ka mennen w nan fònikasyon (Pwo. 22:3). Epi, lè tantasyon an vini, ou bezwen rejte l san pèdi tan. — Jen. 39:12.
16. Ki fason Jezi te reyaji devan tantasyon Satan yo, e ki sa n ka aprann nan egzanp sa a?
16 Jezi kite yon kokennchenn egzanp pou nou nan fason l te reziste devan tantasyon. Li pa t kite Satan twonpe l ak pwomès li yo ni l pa t ret ap reflechi ak bon kote oswa move kote pwomès sa yo genyen. Olye de sa, san pèdi tan li te reponn: “Men sa ki ekri.” (Li Matye 4:4-10.) Etandone Jezi te konn Pawòl Bondye a, li te ka aji byen vit epi l te ka site kèk vèsè lè l t ap fè fas ak tantasyon. Pou n lite kont Satan epi pou n genyen, nou dwe evite tout tantasyon k ap fè n tonbe nan fònikasyon. — 1 Kor. 6:9, 10.
ANDIRE POU W KA GENYEN NAN LIT LA
17, 18. a) Ki lòt zam Satan gen nan djakout li, e ki sa k fè sa pa ta dwe fè n sezi? b) Ki sa k ap tann Satan, e ki jan sa ankouraje n kontinye andire?
17 Fyète ki depase limit, materyalis ak fònikasyon se sèlman twa nan zam Satan ap itilize yo. Gen anpil lòt ankò. Pa egzanp, gen kèk kretyen k ap fè fas ak opozisyon nan fanmi yo, genyen kamarad lekòl yo ap pase yo nan rizib e gen lòt ankò otorite yo menm entèdi yo preche. Eprèv sa yo pa fè n sezi paske men ki avètisman Jezi te bay disip li yo: “Tout moun ap rayi nou poutèt non mwen. Men, moun ki andire jiska lafen an, se moun sa a k ap sove.” — Mat. 10:22.
18 Ki jan n ka lite kont Satan epi pou n genyen? Jezi te di disip li yo: “Grasa andirans nou, n ap gen lavi.” (Lik 21:19). Pa gen anyen kèlkeswa moun nan ka fè ki ka lakòz nou soufri pou toutan. Pèsonn pa ka fè n pèdi bèl amitye nou gen ak Bondye a anwetan nou menm (Wom. 8:38, 39). Menm lè sèvitè Jewova yo ta mouri sa pap yon viktwa pou Satan paske Jewova ap asire l sèvitè sa yo resisite (Jan 5:28, 29)! Yon lòt bò, wè pa wè, sa ap fini mal pou Satan. Apre Jewova fin detwi sistèm Satan an ki san respè pou Jewova, yo pral lage Satan nan twou san fon an pou 1 000 an (Rev. 20:1-3). Nan fen Rèy mil an Jezi a, yo pral “libere Satan nan prizon an” pou yon tikras tan yon fason pou l eseye twonpe limanite ki vin pafè yon dènye fwa. Apre sa, y ap detwi Dyab la (Rev. 20:7-10). Satan gen pou l detwi kanmenm, men, se pa ka pa w! Kidonk, kenbe tèt ak Satan epi rete fèm nan lafwa paske w ka lite ak Satan e w ka genyen!