ATIK ETID 51
Èske w byen konn Jewova?
“Moun ki konn non w ap met konfyans yo nan ou. Ou pap janm abandone moun k ap chèche w yo, o Jewova.” — SÒM 9:10.
KANTIK 56 Viv ak verite
SA NOU PRAL WÈa
1-2. Jan egzanp Angelito montre sa, ki sa nou chak dwe fè?
ÈSKE paran w Temwen Jewova? Si se wi, ou dwe sonje ou pap ka vin zanmi Jewova senpleman paske paran w se zanmi l. Kit paran nou ap sèvi Bondye, kit yo pap sèvi Bondye, nou chak dwe chèche gen relasyon pa nou avèk Jewova.
2 Ann pran egzanp yon frè ki rele Angelito. Li te leve nan yon fanmi Temwen Jewova. Men, lè l te pi jèn, li pa t santi l twò pwòch ak Bondye. Men sa l di: “M t ap sèvi Jewova paske m te vle fè sa fanmi m t ap fè.” Men, Angelito te deside pran tan pou l li Pawòl Bondye a e pou l medite sou li, epi li te kòmanse priye Jewova pi souvan. Ki rezilta sa te bay? Men sa Angelito di: “Mwen te aprann sèl fason pou m vin pwòch ak Jewova, Papa m mwen renmen anpil la, se lè mwen menm mwen aprann konnen l.” Egzanp Angelito kapab fè nou poze kèk kesyon ki enpòtan tankou: Ki diferans ki genyen ant konn kèk bagay sou Jewova ak konnen l byen? E ki jan nou ka vin konn Jewova?
3. Ki diferans ki genyen ant konnen kèk bagay sou Jewova ak konnen l byen?
3 Nou ka panse nou konnen Bondye lè n konnen non l oubyen lè n konnen kèk bagay li di oswa li fè. Men, pou nou konnen Jewova byen, sa mande plis toujou. Nou bezwen pran tan pou n aprann konnen Jewova ak bèl kalite li genyen yo. Se sèl fason sa a n ap kòmanse konprann ki sa k pouse l pale ak ki sa k pouse l aji. Sa ap ede nou chèche konprann si li dakò ak fason nou panse, ak desizyon nou pran ak fason nou aji. Yonfwa nou vin konprann sa Jewova vle nou fè, nou bezwen aji ann amoni ak sa nou aprann nan.
4. Lè n egzamine egzanp kèk moun Bib la pale de yo, ki jan sa ap ede nou?
4 Kèk moun ka pase nou nan jwèt paske n ap sèvi Jewova. E yo ka pa dakò avè n sitou lè nou kòmanse asiste reyinyon sèvitè Jewova yo òganize. Epoutan, si nou met konfyans nou nan Jewova, li pap janm abandone nou. N ap kapab vin zanmi Bondye, e zanmitay sa a ap dire pou toutan. Èske l posib pou nou konn Jewova byen konsa? Wi, li posib. Egzanp kèk moun ki te enpafè, tankou Moyiz ak wa David, montre sa posib. Pandan n ap egzamine sa yo te fè, n ap jwenn repons de kesyon ki vin annapre yo: Ki jan yo te fè konn Jewova? Ki leson nou ka aprann nan egzanp yo?
MOYIZ TE WÈ “SILA A KI ENVIZIB LA”
5. Ki sa Moyiz te chwazi fè?
5 Moyiz te aji ann amoni ak sa l te aprann yo. Lè Moyiz te gen anviwon 40 an, li te chwazi fè pati pèp Bondye a, anpalan de Ebre yo, olye pou yo te konnen l kòm “pitit gason pitit fi Farawon an”. (Ebre 11:24.) Moyiz te abandone yon gwo pozisyon. Lè l te pran pozisyon pou Ebre yo ki te esklav ann Ejip, li te konnen Farawon, ki te yon dirijan ki gen anpil pouvwa moun te konsidere kòm yon dye, t ap fache anpil. Aksyon sa a li te fè a te montre li gen anpil lafwa! Moyiz te met konfyans li nan Jewova. Konfyans sa a li te genyen an se te yon baz solid pou l gen yon bon relasyon ak Jewova pandan tout vi l. — Pwo. 3:5.
6. Ki sa nou ka aprann nan egzanp Moyiz?
6 Ki leson nou aprann? Menm jan ak Moyiz, nou tout gen yon desizyon pou n pran: Èske n ap chwazi sèvi Bondye epi fè pati pèp li a? Nou ka oblije fè sakrifis pou n sèvi Bondye, e gen moun ki pa renmen Jewova ki ka opoze ak nou. Men, si nou met konfyans nou nan Papa nou ki nan syèl la, se sèten l ap ede nou!
7-8. Ki sa Moyiz te kontinye aprann?
7 Moyiz te kontinye aprann konnen kalite Jewova yo e l te kontinye fè volonte L. Pa egzanp, lè Jewova te mande Moyiz pou l fè nasyon Izrayèl la kite peyi Ejip, Moyiz te manke konfyans nan tèt li, e plizyè fwa li te fè Jewova konnen li santi l pa kalifye. Bondye te montre li gen bonjan konpasyon pou Moyiz, e li te ede l (Egz. 4:10-16). Se sa k fè, Moyiz te kapab bay Farawon yon seri mesaj jijman ki pisan. Lè sa a, Moyiz te wè fason Jewova sèvi ak pisans li genyen an pou l sove Izrayelit yo, men l te detwi Farawon ak lame l la nan Lanmè Wouj. — Egz. 14:26-31; Sòm 136:15.
8 Apre Moyiz te fin fè Izrayelit yo soti ann Ejip, yo te toujou ap plenyen. Malgre pèp la te aji konsa, Moyiz te wè jan Jewova gen anpil pasyans nan fason l t ap boule ak pèp Li te retire nan esklavaj la (Sòm 78:40-43). Mete sou sa, Moyiz te wè jan Jewova te demontre imilite yon fason estrawòdinè lè l te chanje lide apre Moyiz te fin mande l sa. — Egz. 32:9-14.
9. Selon Ebre 11:27, jis nan ki pwen Moyiz te pwòch ak Jewova?
9 Apre Izrayelit yo te fin kite Ejip, Moyiz te tèlman vin pwòch ak Jewova, se kòmsi li te ka wè Papa l ki nan syèl la. (Li Ebre 11:27.) Men sa Bib la di pou montre jan Moyiz te pwòch ak Jewova: “Jewova te pale fasafas ak Moyiz tankou se te de moun k ap pale youn ak lòt.” — Egz. 33:11.
10. Ki sa nou dwe fè pou nou byen konn Jewova?
10 Ki leson nou aprann? Pou nou byen konn Jewova, nonsèlman nou dwe aprann konnen kalite l yo, men tou, nou dwe fè volonte l. Volonte Jewova nan epòk nou an se pou “tout kalite moun sove e [pou] yo gen yon konesans egzak sou laverite”. (1 Tim. 2:3, 4.) Youn nan fason n ap fè volonte Bondye se lè nou aprann lòt moun konnen Jewova.
11. Ki jan nou vin konn Jewova pi byen pandan n ap aprann lòt moun konnen l?
11 Byen souvan, se lè n ap aprann lòt moun konn Jewova nou vin pi byen konnen l. Pa egzanp, nou wè prèv klè ki montre Jewova gen konpasyon lè li ede nou jwenn moun ki gen kè yo byen dispoze (Jan 6:44; Tra. 13:48). Nou wè jan Pawòl Bondye a gen pisans lè nou wè moun n ap etidye Labib avèk yo kite yon seri vye abitid yo te genyen epi yo kòmanse abiye ak nouvo pèsonalite a (Kol. 3:9, 10). E nou wè prèv ki montre Bondye gen pasyans lefètke l bay anpil moun nan tèritwa n ap preche a anpil okazyon pou yo aprann konnen l e pou yo sove. — Wom. 10:13-15.
12. Jan sa parèt nan Egzòd 33:13, ki sa Moyiz te mande, e poukisa?
12 Moyiz te bay relasyon l gen ak Jewova anpil valè. Menm apre Moyiz fin fè gwo mirak nan non Jewova, avèk respè, li te mande Jewova pou l ede l konnen l pi byen. (Li Egzòd 33:13.) Moyiz te gen plis pase 80 an lè l te mande Jewova sa, men li te konnen li te gen anpil bagay pou l aprann toujou sou Papa l ki nan syèl la ki chaje lanmou.
13. Bay youn nan fason nou ka montre nou bay relasyon nou gen ak Bondye a valè.
13 Ki leson nou aprann? Kèlkeswa kantite tan nou genyen depi n ap sèvi Jewova, nou dwe toujou bay relasyon nou gen avè l anpil valè. Youn nan pi bon fason nou ka montre nou bay amitye nou gen ak Bondye a valè se lè nou priye l.
14. Sa k fè lapriyè enpòtan anpil pou nou aprann konnen Bondye pi byen?
14 Si w vle bon zanmi yon moun, ou dwe pale avè l souvan. Kidonk, pou w vin pwòch ak Bondye, ou dwe priye l souvan, ou pa dwe janm pè di l sa k nan panse w (Efe. 6:18). Men sa Krista k ap viv nan peyi Tiki di: “Lanmou m gen pou Jewova ak konfyans mwen gen nan li vin pi plis chak fwa mwen priye l pou m di l sa k nan panse m e lè m wè jan l ede m. Lè m wè fason Jewova reponn priyè m sa fè m vin wè Jewova tankou yon Papa ak yon Zanmi.”
YON MOUN KI FÈ JEWOVA PLEZI
15. Ki sa Jewova te di konsènan wa David?
15 Wa David te fèt nan yon nasyon ki t ap adore Jewova Dye. Men, David pa t annik suiv tradisyon fanmi l t ap suiv yo. Li te chèche gen relasyon pa l ak Jewova, e Jewova te renmen l anpil pou sa. Se Jewova menm ki te di David se “yon moun ki fè [l] plezi”. (Tra. 13:22.) Ki jan David te fè vin pwòch ak Jewova konsa?
16. Ki sa David te aprann sou Jewova lè l t ap gade kreyasyon an?
16 David te aprann konnen Jewova grasa kreyasyon an. Lè David te jèn, li te pase anpil tan deyò ap pran swen mouton papa l yo. Petèt se te lè sa a li te kòmanse medite sou bagay Jewova fè yo. Pa egzanp, pandan David te leve je l ap gade syèl la nan nuit, li pa t annik wè yon pakèt zetwal, men, li te wè tou kalite ki gen lakay Sila a ki te fè yo a. Sa te pouse David ekri pawòl ki vin annapre yo: “Syèl la fè konnen glwa Bondye genyen, syèl la montre travay li fè ak men l.” (Sòm 19:1, 2). Lè David t ap reflechi sou fason lèzòm fèt, li te wè jan Jewova gen anpil sajès (Sòm 139:14). Pandan David t ap eseye konprann travay Jewova fè yo, li te santi l toupiti devan Jewova. — Sòm 139:6.
17. Ki sa nou ka aprann lè nou medite sou sa Jewova kreye yo?
17 Ki leson nou aprann? Se pou w enterese nan kreyasyon an. Pran tan pou w gade bèl bagay Jewova kreye yo, admire yo! Chak jou, medite sou sa kreyasyon an, anpalan de plant yo, bèt yo ak moun, aprann nou sou Jewova. Konsa, chak jou nou leve, n ap gen anpil bagay pou n aprann sou Papa nou an ki chaje lanmou (Wom. 1:20). E chak jou, w ap wè jan w ap vin pi renmen l.
18. Selon Sòm 18, ki sa David te konnen?
18 David te konnen se Jewova ki t ap ede l. Pa egzanp, lè David t ap defann mouton papa l yo anba pat yon lyon ak yon lous, li te konnen se Jewova ki te ede l pot laviktwa sou bèt sovaj sa yo ki te gen anpil fòs. Lè David te pot laviktwa sou Golyat, yon jeyan ki te konn fè lagè, li te wè aklè se Jewova ki t ap gide l (1 Sam. 17:37). E lè David te chape anba men wa Sayil, ki te jalou sò l, li te konnen se Jewova ki te sove l (Sòm 18, pawòl ki anlè tèt chapit la). Si David te gen ògèy, li ta gendwa di se li menm ki te fè tout sa poukont li. Men David te gen imilite, se sa k fè li te ka wè fason Jewova ede l. — Sòm 138:6.
19. Ki sa n ka aprann nan egzanp David?
19 Ki leson nou aprann? Nou bezwen fè plis pase annik mande Jewova ede nou. Nou dwe fè efò pou n konprann ki lè li ede n ak fason l fè sa. Si nou rekonèt limit nou avèk imilite, n ap ka wè aklè Jewova ede nou fè sa nou pa ka fè. E chak fwa nou wè Jewova ede nou, relasyon nou gen avè l ap vin pi solid. Isaac, yon frè ki nan zile Fiji yo, k ap sèvi Jewova depi lontan, te viv sa. Men sa l di: “Lè m fè yon ti reflechi sou lavi m, mwen wè jan Jewova ede m depi lè m te kòmanse etidye Bib la rive jis jodi a. Sa fè Jewova reyèl toutbon pou mwen.”
20 Ki sa nou ka aprann nan relasyon David te gen ak Bondye?
20 David te imite kalite Jewova yo. Jewova kreye nou avèk kapasite pou nou imite kalite l yo (Jen. 1:26). Plis nou aprann konnen kalite ki gen nan pèsonalite Jewova, se plis n ap kapab imite l. David te aprann konnen Papa l ki nan syèl la byen, se sa k fè li te kapab imite L nan relasyon l te gen ak lòt moun. Ann pran yon sèl egzanp. David te peche kont Jewova lè l te fè adiltè ak Batcheba, e annapre li te fè touye mari l (2 Sam. 11:1-4, 15). Men, Jewova te chwazi fè David mizèrikòd, paske David te konn fè lòt moun mizèrikòd. Lefètke David te gen yon bon relasyon konsa ak Jewova, li te vin youn nan wa moun yo te pi renmen ann Izrayèl e Jewova te sèvi avè l kòm modèl pou lòt wa Izrayèl yo. — 1 Wa 15:11; 2 Wa 14:1-3.
21. Selon Efezyen 4:24 ak 5:1, ki rezilta n ap jwenn lè nou “imite Bondye”?
21 Ki leson nou aprann? Nou bezwen “imite Bondye”. Lè nou fè sa, nonsèlman sa ap bon pou nou, men tou, sa ap ede n aprann konnen l. Lè nou imite kalite Bondye yo, nou montre nou se pitit li. — Li Efezyen 4:24; 5:1.
CHÈCHE KONN JEWOVA PI BYEN
22-23. Ki sa k ap rive si nou aplike sa nou aprann sou Jewova?
22 Jan nou te wè sa, Jewova fè nou konnen kiyès li ye pa mwayen kreyasyon an e pa mwayen Pawòl li a, Labib. Liv san parèy sa a chaje ak egzanp sèvitè Bondye fidèl nou ka imite, tankou Moyiz ak David. Jewova fè pati pa l la. Kounye a, se nou menm ki pou ouvri zòrèy nou ak kè nou ba li.
23 Nou pap janm fin konn tout bagay sou Jewova (Ekl. 3:11). Se pa kantite bagay nou konnen sou li ki pi enpòtan, men se sa nou fè ak sa nou konnen yo. Si nou aplike sa nou aprann yo e nou fè efò pou nou imite Papa nou an ki renmen nou, l ap kontinye pwoche bò kote nou (Jak 4:8). Pa mwayen Pawòl li a, li ban nou asirans li pap janm abandone moun k ap chèche l yo.
KANTIK 80 “Goute e n a wè jan Jewova bon”
a Anpil moun kwè Bondye egziste, men yo pa vrèman konnen l. Ki sa konnen Jewova vle di, e ki sa nou ka aprann nan egzanp Moyiz ak wa David sou fason pou nou chèche gen yon relasyon solid avè l? N ap jwenn repons kesyon sa yo nan atik sa a.