Mèkredi 5 desanm
Tout sa ki nan Ekriti yo se Bondye ki enspire yo, e yo itil. — 2 Tim. 3:16.
Gen kèk pati nan Bib la yo te ekri pou kèk moun an patikilye oswa pou yon gwoup moun. Pou rezon sa a, anvan nou li Bib la, Pawòl Bondye a, nou bezwen mande Jewova pou l ouvri lespri nou e pou l ban nou sajès pou n rive wè leson li vle nou aprann yo (Esd. 7:10; Jak 1:5). Lè w ap li Bib la, fè yon ti poz epi poze tèt ou kesyon tankou kesyon ki vin apre yo: ‘Ki sa enfòmasyon sa a aprann mwen sou Jewova? Ki jan m ka itilize l nan lavi m? Ki jan m ka itilize l pou m ede lòt moun?’ Lè n medite sou kesyon sa yo, se sèten n ap pi byen pwofite lekti Labib nou. Ann pran yon egzanp. Bib la pale sou kèk kondisyon yon moun dwe ranpli pou l vin ansyen (1 Tim. 3:2-7). Epoutan, pifò nan nou pa ansyen, sa ka fè n panse enfòmasyon sa a pap itil nou anyen. Men, lis kondisyon sa yo kapab itil nou tout plizyè fason. w16.05 5:7, 8.
3-9 desanm
TRAVAY 9-11
Kantik 115 ak priyè
Pawòl entwodiksyon (3 minit oubyen mwens)
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A
“Yon pèsekitè ki vyolan vin yon temwen ki zele”: (10 min.)
Tr 9:1, 2 — Sòl te pèsekite disip Jezi yo avèk raj (bt 60 § 1-2)
Tr 9:15, 16 — Yo te chwazi Sòl pou l bay temwayaj sou Jezi (w16.06 4 § 4)
Tr 9:20-22 — Sòl te vin yon Temwen ki zele (bt 64 § 15)
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl: (8 min.)
Tr 9:4 — Poukisa Jezi te mande Sòl: “Poukisa w ap pèsekite m?” (bt 60-61 § 5-6)
Tr 10:6 — Ki jan sa te ede apot Pyè lefètke l te desann lakay yon bòs tanè? (nwtsty nòt etid pou Tr 10:6)
Ki sa w te aprann sou Jewova nan lekti Labib pou semèn sa a?
Ki lòt trezò espirityèl ou te jwenn nan lekti Labib pou semèn sa a?
Lekti Labib: (4 minit oubyen mwens) Tr 9:10-22
BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN
Videyo pou premye rankont lan: (4 min.) Pase videyo a epi mande moun yo fè kòmantè sou li.
Premye nouvèl vizit: (3 minit oubyen mwens) Sèvi ak modèl konvèsasyon an.
Etid biblik: (6 minit oubyen mwens) jl leson 6
LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Bezwen kongregasyon an: (8 min.)
Sa òganizasyon an akonpli: (7 min.) Pase videyo Sa òganizasyon an akonpli ki pou mwa desanm nan.
Etid biblik kongregasyon an: (30 min.) jy chap. 44
Sa n wè semèn sa a ak sa n ap wè lòt semèn (3 min.)
Kantik 59 ak priyè