Moman kote moun yo vin san moral
NAN ki moman w t ap di moun yo te vin san moral? Nan jenerasyon pa w la oubyen nan jenerasyon fanmi ak zanmi ki pi gran pase w? Gen moun ki di se Premye Gè mondyal la, ki te kòmanse nan ane 1914, ki lakòz moun yo vin pèdi moralite yo te genyen an jan yo pèdi l la. Men sa Robert Wohl, yon pwofesè istwa, te ekri nan liv li fè ki rele Jenerasyon 1914 la (anglè): “Moun ki te soti vivan nan gè sa a toujou kwè gen yon monn ki disparèt e gen yon lòt ki vin egziste nan mwa out 1914.”
Men sa yon istoryen ki rele Norman Cantor di: “Toupatou, moun yo te meprize prensip ki gen rapò ak fason moun dwe konpòte yo, yon seri prensip yo te deja kòmanse pa renmen. Si politisyen yo ak jeneral yo trete plizyè milyon moun ki souzòd yo tankou bèt yo voye labatwa, ki prensip relijye oubyen ki prensip nan sosyete a ki te ka anpeche moun trete youn lòt tankou bèt sovaj? . . . Lefètke te gen yon pakèt moun ki te mouri pandan Premye Gè mondyal la [1914-18], sa te vin fè lavi moun pa gen valè ditou ankò.”
Nan yon liv (The outline of History) H. G. Wells, yon istoryen anglè, te ekri, li te fè remake se apre moun yo fin aksepte teyori evolisyon an, yo vin pa suiv okenn prensip moral. Sa k fè sa? Gen moun ki te fè konnen lòm se yon bèt ki siperyè. Men sa Wells, ki te kwè nan teyori evolisyon an, te ekri an 1920: “Yo fè konnen lèzòm se yon gwoup bèt k ap viv ansanm, menm jan ak chen ki fè lachas ann End yo . . . , donk, li vin sanble nòmal pou yo panse gwo chen ki nan gwoup la gen dwa maltrete lòt yo epi aji antanke chèf sou yo.”
Vrèmanvre, jan Cantor te montre sa, Premye Gè mondyal la te gen yon move efè sou moralite moun yo. Men ki esplikasyon l bay: “Yo te rejte tout bagay ki gen rapò ak jenerasyon moun ki te pi gran yo. Yo te rejte fason yo fè politik, fason yo abiye ak fason yo konsidere sèks.” Legliz yo te jwe yon gwo wòl nan fè moun yo vin san moral paske yo te tòde ansèyman kretyen yo lè yo te aksepte teyori evolisyon an ak lè yo te ankouraje peyi yo fè lagè. Men sa Frank Crozier, ki jeneral de brigad nan lame ann Angletè, te ekri: “Se legliz kretyen yo ki pi fò nan fè moun anvi touye lòt moun epi fè vyolans.”
Yo vire do bay prensip moral yo
Pandan ane 20 yo, ki te vin apre Premye Gè mondyal la, yon peryòd ki te diferan nèt parapò ak peryòd lagè a, moun yo te jete ansyen prensip ak règ ki gen nan domèn moral e yo te ranplase yo ak yon etadespri kote moun santi yo ka fè sa yo vle. Men sa yon istoryen ki rele Frederick Lewis Allen fè konnen: “Nou ka rele peryòd dizan ki vin apre gè a epòk moun malelve yo […]. Ansyen epòk la te disparèt ansanm ak yon seri prensip ki te fè lavi a pi bèl e ki te fè l gen sans, men li pa t fasil pou w jwenn lòt prensip pou ranplase yo.”
Gwo kriz ekonomik ki te vin gen nan ane 30 yo te lage anpil moun nan mizè e sa te fè yo vin ranmase pye yo. Men, nan fen ane 30 yo, monn nan te vin antre nan yon lòt gè, ki te pi terib e ki fè plis dega toujou, se te Dezyèm Gè mondyal la. Nan yon tikras tan, nasyon yo te vin ap fè yon seri gwo zam ki ka touye anpil moun, yo te retire monn nan nan kriz ekonomik ki t ap ravaje l la, men yo te lage l nan plis pwoblèm ak soufrans moun pa t ap janm ka imajine. Anvan gè a fini, plizyè santèn vil te kraze. Nan peyi Japon, yo te detwi de vil, yo te detwi yo chak ak yon sèl bonm atomik. Plizyè milyon moun te soufri anpil e yo te mouri nan kan konsantrasyon. Antou, gè sa a te touye anviwon 50 milyon gason, fi ak timoun.
Pandan moman boulvès ki te gen nan Dezyèm Gè mondyal la, olye moun yo te kontinye suiv prensip yo te gen depi lontan anrapò ak sa ki bon, yo te vin adopte pwòp prensip pa yo. Gen yon liv ki rele Lanmou, sèks ak lagè — Prensip yo ap chanje, 1939-45 (anglè), ki fè konnen: “Sanble moun yo te pèdi metriz yo te genyen nan kesyon sèks la pandan epòk gè a, paske libètinaj ki te gen sou teren kote yo t ap fè gè yo te gen enfliyans sou sivil yo tou […]. Akoz moun yo te chofe pou yo fè gè a, nan yon tikras tan moun yo te pèdi tout ti moral yo te genyen an e lavi pami sivil yo te vin parèt san valè e li te parèt kout menm jan ak lavi sòlda ki t ap goumen yo.”
Lefètke tout moun te santi yo te ka mouri nenpòt lè, sa te fè yo santi yo bezwen gen relasyon santimantal, menm lè se te pou yon ti moman. Gen yon madan marye ann Angletè ki t ap eseye esplike rezon ki fè moun yo pa t bay tèt yo limit nan domèn seksyèl pandan ane tètchaje sa yo ki te di: “Nou pa t imoral, te gen yon gè nan moman an.” Men ki sa yon sòlda ameriken te admèt: “Nan je pifò moun, nou te imoral, men nou te jèn e nou te ka mouri nenpòt lè.”
Anpil moun ki chape anba gè sa a soufri akoz tout mechanste yo te viv yo. Jis jodi a gen moun, sa gen ladan l moun ki te timoun nan epòk la, ki konn santi y ap reviv moman terib sa yo. Anpil moun pèdi lafwa e yo pèdi prensip moral yo te genyen yo. Moun yo vin kòmanse wè tout bagay selon yo menm, san yo pa gen respè pou okenn otorite ki ta ka fikse règ anrapò ak sa ki byen ak sa ki mal.
Moun yo fikse nouvo règ konduit
Apre Dezyèm Gè mondyal la, gen rechèch ki te fèt ak rapò ki te bay sou konpòtman moun genyen nan domèn seksyèl. Youn nan rapò sa yo te parèt Ozetazini nan ane 1940 yo, se te Rapò Kinsey a, li te gen plis pase 800 paj. Kòm rezilta, anpil moun te kòmanse pale sou sèks san yo pa t jennen, yon bagay ki pa t konsa anvan. Menm lè chif yo bay nan rapò sa a konsènan moun k ap fè omoseksyalite ak moun ki nan lòt konduit seksyèl ki devègonde se chif yo te vin wè ki egzajere, rapò sa a te montre jan moun yo te vin desann ba nèt nan domèn moral apre gè sa a.
Pandan yon tan, moun yo te fè efò pou yo parèt gen moralite. Pa egzanp yo te konn retire sèn ki imoral yo nan sa y ap pase nan radyo, nan fim ak nan televizyon. Men, sa pa t dire lontan. William Bennett, ki te sekretè edikasyon Ozetazini, te esplike poukisa. Li di: “Men, distans pou ane 1960 yo rive, Etazini te vin ap degrengole desann nèt, moun yo vin pa sivilize.” E se konsa sa te ye nan yon pakèt lòt peyi. Poukisa moun yo te vin san moral konsa nan ane 60 yo?
Pandan ane 60 yo, gen plizyè mouvman ki te prèske fèt anmenmtan, te gen liberasyon fanm, gwo chanjman nan fason moun yo te konsidere sèks ak swadizan nouvo moralite a. Mete sou sa, yo te vin fè medikaman pou moun fè planing ki efikas. Lefètke moun yo te ka fè sèks san yo pa pè pou yon timoun vin fèt, anpil moun vin lage kò yo nan “lanmou lib” oswa “relasyon seksyèl san youn pa bezwen atann anyen nan men lòt”.
Anmenmtan tou, laprès, sinema ak televizyon vin gen mwens prensip moral. Men sa Zbigniew Brzezinski, yon ansyen chèf Konsèy sekirite nasyonal Ozetazini te vin fè konnen annapre konsènan fason televizyon yo te konn prezante yon seri pwogram: “Yo montre aklè se yon bon bagay pou moun satisfè dezi egoyis yo, yo montre gwo vyolans ak aksyon ki sovaj se bagay nòmal, [e] yo ankouraje moun fè sèks ak plizyè moun.”
Nan ane 1970 yo, te vin gen anpil aparèy pou pase kasèt videyo. Sa ki vin fè moun te ka gade bagay ki imoral, ki montre sèks, pandan yo anndan lakay yo, alòske yo pa t ap janm renmen moun wè yo k ap antre nan yon sal sinema pou y al gade bagay sa yo. Sa pa gen twò lontan, pònografi sou fòm ki pi lèd ki ka genyen vin disponib pou kèlkeswa moun ki gen yon òdinatè nan tout peyi sou tè a sou Entènèt.
Tout jan, konsekans yo grav. Sa pa gen lontan, gen yon chèf prizon Ozetazini ki te di: “Sa gen dizan, lè jèn yo te konn vin bò isit la, mwen te ka pale avèk yo konsènan sa k bon ak sa k mal. Men, jèn k ap vin nan prizon kounye a pa menm konprann sa m ap di yo a.”
Ki kote pou moun jwenn direksyon?
Nou pa ka al chèche direksyon nan men legliz ki nan monn nan. Olye legliz yo suiv prensip jis yo menm jan ak Jezi ak disip li yo nan premye syèk la, yo vin fè pati monn nan e y ap fè sa k mal. Gen yon ekriven ki te mande: “Ki gè yo janm fè kote moun yo pap di Bondye ap soutni chak kan?” Men sa yon chèf relijye nan Nouyòk te di sa gen kèk ane konsènan suiv prensip moral yo: “Legliz se sèl òganizasyon nan monn nan ki mande mwens bagay pou yon moun antre ladan l pase sa yo mande pou yon moun antre nan yon bis.”
Sa klè, moralite moun ki nan monn nan desann ba anpil, e gen yon bagay ki dwe fèt pou sa. Men, ki sa k dwe fèt? Ki chanjman ki bezwen fèt? Kiyès ki ka fè chanjman sa a e ki jan sa pral fèt?
[Antrefilè]
“Lefètke te gen yon pakèt moun ki te mouri pandan Premye Gè mondyal la [1914-18], sa te vin fè lavi moun pa gen valè ditou ankò.”
[Kare]
KALITE AK PRENSIP
An jeneral, yo te ka wè bèl kalite yo byen klè lakay moun. Se swa yon moun te onèt, fidèl, pwòp oswa dwat, se swa li pa t konsa. Jodi a, yo mete mo “prensip” nan plas “kalite”. Men, gen yon pwoblèm. Jan Gertrude Himmelfarb, yon istoryen, fè konn sa nan yon liv (The De-Moralization of Society) li ekri: “Yon moun pa ka di menm bagay la pou kalite ak prensip, . . . yon moun pa ka di chak moun chwazi kalite pa l.”
Epi li di prensip yo “kapab kwayans, opinyon, konpòtman, santiman, abitid, règ, preferans, prejije, e menm mani. Se nenpòt bagay yon moun, yon gwoup moun oswa yon sosyete bay valè nan nenpòt epòk oubyen pou nenpòt rezon”. Nan sosyete liberal n ap viv jodi a, moun yo santi y alèz pou yo chwazi prensip pa yo, menm jan yo konn fè lè y al achte nan yon mache. Men, lè sa a, ki sa k pase bèl kalite ak bonjan moralite moun dwe genyen?
[Foto]
De jou an jou li vin pi fasil pou moun jwenn detant ki imoral.