-
Ki sa repo Bondye a ye?Toudegad — 2011 | 15 jiyè
-
-
3. Esplike ki jan pawòl Jezi nou jwenn nan Jan 5:16, 17 yo montre setyèm jou a t ap kontinye nan premye syèk la.
3 Gen de prèv ki montre setyèm jou a t ap kontinye toujou nan premye syèk epòk nou an. Premye prèv la se pawòl Jezi te di moun ki t ap kritike l paske li te geri yon moun yon jou saba. Pou opozan sa yo, geri Jezi te geri moun nan se yon travay li te fè. Men, Seyè a te di yo: “Papa m kontinye travay jis kounye a, e mwen menm tou, mwen kontinye travay.” (Jan 5:16, 17). Ki sa Jezi te vle yo konprann? Opozan Jezi yo akize l kòmkwa li travay nan jou saba a, men Jezi reponn yo: “Papa m kontinye travay.” An reyalite, men sa Jezi t ap di moun ki t ap kritike l yo: ‘Mwen menm ak papa m gen yon travay n ap fè ansanm. Piske depi plizyè milye ane papa m kontinye travay nan jou saba l la, pa gen okenn pwoblèm pou mwen menm tou mwen kontinye travay, menm si se nan yon jou saba.’ Konsa, Jezi te fè konprann setyèm jou a, gwo jou saba Bondye te met apa pou Bondye atenn objektif li pou tè a, potko pran fen lè l te sou tè aa.
-
-
Ki sa repo Bondye a ye?Toudegad — 2011 | 15 jiyè
-
-
5. Poukisa Bondye te met setyèm jou a apa pou li, e ki lè objektif li a ap reyalize nèt?
5 Pou nou reponn kesyon nou te poze nan paragraf anvan an, nou bezwen sonje poukisa setyèm jou a la. Jenèz 2:3 esplike poukisa. Men sa nou li: “[Bondye] beni setyèm jou a, li mete l apa pou li.” Jewova mete jou sa a “apa pou li” pou l rive atenn objektif li. Objektif sa a se fè tè a tounen yon paradi kote se gason ak fi ki obeyisan k ap pran swen l ak tout sa k sou li (Jen. 1:28). Jewova ak Jezi, “Seyè saba a”, “kontinye [ap] travay jis kounye a” paske yo vle atenn objektif sa a (Mat. 12:8). Jou repo Bondye a ap kontinye jiskaske Bondye atenn objektif sa a nan fen rèy mil an Kris la.
-
-
Ki sa repo Bondye a ye?Toudegad — 2011 | 15 jiyè
-
-
a Prèt yo ak Levit yo te konn fè travay nan tanp lan pandan jou saba yo epoutan “yo pa [t] koupab”. Antanke gran prèt nan gran tanp espirityèl Bondye a, Jezi te gen dwa pou l fè sa Bondye voye l fè yo san l pa t bezwen pè pou l pa vyole yon jou saba. — Mat. 12:5, 6.
-