BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ki jan lavi te kòmanse?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
    • 1. Ki jan linivè fè egziste?

      Men sa Bib la di: “Okòmansman, Bondye te kreye syèl la ak tè a.” (Jenèz 1:1). Pifò syantifik yo dakò linivè gen yon kòmansman. Ki jan Bondye te kreye l? Li te sèvi ak lespri sen l, sètadi “fòs [li] ki t ap aji” pou l kreye tout sa ki gen nan linivè, sa gen ladan l zetwal yo ak planèt yo. — Jenèz 1:2.

  • Ki jan lavi te kòmanse?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
    • 5. Nou gen bonjan rezon pou nou kwè sa Bib la di sou kreyasyon an se laverite

      Nan premye chapit liv Jenèz la, Bib la fè konnen ki jan tè a te fè vin egziste e ki jan te fè vin gen lavi sou li. Èske w ka gen konfyans nan sa Bib la di oubyen èske sa Bib la di sou kreyasyon an se pa laverite? Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre yo.

      VIDEYO: Èske se kreye yo te kreye linivè? — Yon pati nan videyo a (3:51)

      Foto ki ansanm: Plizyè sèn nan videyo ki gen tit ‘Èske se kreye yo te kreye linivè? — Yon pati nan videyo a’. 1. Sis jou Bondye te sèvi pou l kreye yo jan yo te ka parèt nan je yon moun k ap gade pandan l sou tè a. 2.Tè a apre sis jou Bondye te fè ap kreye a ansanm ak solèy la, tè sèch, dlo, plant, zwazo, bèt ki viv sou tè ak moun.
      • Èske Bib la anseye yo te kreye tè a ak tout sa k ap viv sou li nan sis jou e yo chak te dire 24 èdtan?

      • Èske w panse sa Bib la anseye sou kreyasyon an lojik e li fè sans? Sa k fè se konsa w reponn?

      Li Jenèz 1:1, epi reponn kesyon sa a:

      • Syantifik yo fè konnen linivè te gen yon kòmansman. Ki jan sa yo di a ale nan menm sans ak sa w fèk sot li nan Bib la?

      Gen moun ki panse Bondye te fè yon bagay ki te evolye oswa chanje pou l vin tounen tout sa ki egziste jodi a. Li Jenèz 1:21, 25, 27, epi reponn kesyon sa yo:

      • Èske Bib la anseye Bondye te kreye yon fòm lavi ki senp e apre sa, fòm lavi sa a te vin evolye oswa chanje pou l vin tounen bèt ak moun? Oubyen èske li te kreye tout sa ki egziste selon “gwoup” yo ye a?

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje