CHAPIT EN
“Byenke l mouri, li kontinye ap pale”
1. Ki sa k te anpeche fanmi Adan ak Èv antre nan jaden Edenn nan, e ki sa Abèl te swaf plis pase nenpòt lòt bagay?
ABÈL t ap veye sou timouton l yo ki t ap manje zèb san kè sote sou yon ti mòn. Apre sa, petèt, li voye je l pi lwen kote timouton yo ye a, se apèn si l ka wè reflè yon ti limyè k ap danse. Li te konnen nan zòn sa a gen yon epe ki gen flanm dife sou li k ap vire san rete ki anpeche moun antre nan jaden Edenn nan. Gen yon lè, paran l yo t ap viv nan jaden sa a, men kounye a ni yo menm ni pitit yo pa ka antre ladan l. Imajine jan ti van k ap soufle byen ta nan aprèmidi a ap gaye cheve Abèl, li leve tèt li pou l gade syèl la, l ap panse ak Kreyatè l la. Èske lèzòm ki dozado ak Bondye ap janm vin gen bon relasyon avè l ankò? Abèl te swaf pou sa fèt.
2-4. Nan ki sans Abèl ap pale avèk nou jodi a?
2 Jodi a, Abèl ap pale avèk nou. Èske nou rive tande sa l ap di nou? Ou ka di se yon bagay ki enposib. Anfèt, sa gen lontan depi Abèl, dezyèm pitit gason Adan an, te mouri. Apre anviwon 6 000 an, menm zo l fin tounen pousyè. Men sa Labib anseye nou konsènan moun ki mouri yo: “Moun ki mouri yo pa konn anyen ditou.” (Ekl. 9:5, 10). Anplis de sa, pa menm gen yon pawòl Abèl te di ki ekri nan Bib la. Ebyen, nan ki sans Abèl ap pale avèk nou jodi a?
3 Men ki sa Bondye te pouse apot Pòl di konsènan Abèl: “Grasa lafwa li te genyen an, byenke l mouri, li kontinye ap pale.” (Li Ebre 11:4.) Wi, se grasa lafwa Abèl te genyen ki fè l kontinye ap pale avèk nou. Abèl se te premye moun ki te gen kalite estrawòdinè sa a. Abèl te demontre yon lafwa ki tèlman solid, sa fè jodi a lafwa li te genyen an toujou yon egzanp vivan pou nou, yon modèl nou ka suiv. Lè n aprann ki sa Abèl te fè pou l te ka vin gen yon lafwa solid e n fè efò pou n imite l, lè sa a n ap ka di Abèl ap pale avèk nou grasa sa Bib la di nou sou li.
4 Ki sa n ka aprann konsènan Abèl e sou kalite lafwa li te genyen piske Bib la prèske pa di anyen sou li? Ann wè ki jan nou ka fè sa.
Li te grandi lè “monn nan te fonde” a
5. Ki sa Jezi te vle di lè l te pale de Abèl antanke moun ki te la lè “monn nan te fonde” a? (Gade nòt anba paj la tou.)
5 Abèl te vin fèt yon ti tan apre Jewova te kreye Adan ak Èv. Pi devan, Jezi te pale de Abèl kòm moun ki te viv lè “monn nan te fonde” a. (Li Lik 11:50, 51.) Li klè, monn Jezi t ap pale de li a reprezante tout moun k ap viv sou tè a ki gen posiblite pou yo libere anba peche. Byenke Abèl te katriyèm moun ki fèt sou tè a, sanble li se premye moun Bondye te wè ki te ka jwenn padon pou peche la. Sa klè, Abèl pa t grandi ak moun ki te ba l bon egzanp.
6. Ki kalite paran Abèl te genyen?
6 Byenke lèzòm pa t gen anpil tan depi yo egziste, yo te dwe fè fas ak yon sitiyasyon ki tris anpil. Paran Abèl yo, Adan ak Èv, dwe te bèl e yo dwe te djanm. Men, yo te fè yon gwo erè nan vi yo, e yo te konn sa. Okòmansman yo te pafè e yo te gen esperans pou yo viv pou toutan. Apre sa, yo te rebele kont Jewova e l te mete yo deyò nan Paradi a ki te nan jaden Edenn nan. Lefètke yo te mete pwòp dezi yo anvan tout lòt bagay, menm anvan sa ki t ap bon pou pitit pitit yo, yo te pèdi lavi pafè yo te genyen an ak posiblite pou yo viv pou toutan an. — Jen. 2:15–3:24.
7, 8. Ki sa Èv te di lè Kayen fèt, e ki sa l te ka gen nan lespri l lè l te di sa?
7 Lefètke Bondye te mete Adan ak Èv deyò nan jaden an, lavi a te vin difisil pou yo. Men, lè yo te vin gen premye pitit gason yo a, Kayen, Èv te di: “Mwen fè yon pitit gason avèk èd Jewova.” Lè Èv te di pawòl sa yo, sanble li t ap panse ak pwomès Jewova te fè nan jaden Edenn nan, kote Jewova te anonse t ap gen yon madanm ki t ap gen yon “desandans” oswa pitit pitit ki t ap detwi mechan ki te twonpe Adan ak Èv la (Jen. 3:15; 4:1). Èske Èv te panse se li menm ki te madanm yo pale nan pwofesi a e Kayen se “desandans” Bondye te pwomèt la?
8 Si se konsa Èv te wè bagay yo, ebyen li te nan erè. Anplis de sa, si Adan ak Èv te mete ide sa yo nan tèt Kayen pandan yo t ap leve l, se sèten yo pa t ap anpeche ògèy plen tèt li. Rive yon lè, Èv te vin fè yon dezyèm pitit gason ki te rele Abèl. Men, nou pa jwenn okenn kote nan Bib la Èv te di menm bèl ti pawòl li te di pou Kayen an pou Abèl. Petèt, non Abèl la vle di “fè yon soupi” oswa “pa vo anyen”. (Jen. 4:2.) Èske non sa a yo te chwazi a te montre yo pa t atann anpil bagay de Abèl, kòmkwa yo te panse Kayen te gen plis enpòtans pase Abèl? Petèt se te sa, men nou pa konnen.
9. Jodi a, ki sa paran yo ka aprann nan men premye paran nou yo?
9 Jodi a, paran yo ka aprann anpil bagay lè yo egzamine istwa Adan ak Èv. Paran, èske pawòl ou ak aksyon w ap ankouraje pitit ou gen ògèy, anbisyon ak tandans pou yo wè tèt yo sèlman? Oubyen, èske w ap aprann yo gen lanmou pou Jewova e pou yo gen bon relasyon avè l? Malerezman, premye paran nou yo te echwe nan responsablite yo. Men, tout bagay pa t pèdi pou pitit pitit Adan ak Èv yo.
Ki sa k te ede Abèl vin gen lafwa nan Bondye?
10, 11. Ki travay Kayen ak Abèl te konn fè, e ki kalite Abèl te vin genyen?
10 Pandan de pitit gason Adan yo t ap grandi, sanble Adan te ba yo fòmasyon nan sa k te gen pou fèt pou pran swen fanmi an. Kayen te vin yon kiltivatè e Abèl te vin yon bèje mouton.
11 Sepandan, sa ki te pi enpòtan toujou, sèke Abèl te devlope yon bèl kalite. Ofiramezi ane yo t ap pase, li te vin gen plis lafwa. Pi devan, apot Pòl te pale de bèl kalite sa a. Fè yon ti reflechi sou sa: Abèl pa t jwenn yon moun ki te ba l bon egzanp li te ka suiv. Ebyen, kòman li te fè vin gen yon lafwa solid nan Jewova? Ann egzamine twa bagay ki te ede Abèl vin gen yon lafwa solid.
12, 13. Lefètke Abèl te konn pran tan pou l gade sa Jewova te kreye yo, kòman sa te ede l vin gen yon lafwa solid?
12 Sa Jewova te kreye yo. Se vre, Jewova te lage madichon sou tè a, sa vle di tè moun fè jaden, sa k te vin lakòz pikan ak chadwon pouse sou li, konsa tè a pa t ka bay rannman jan l te ka bay la. Men kanmenm, tè a te pwodui anpil manje ki te pèmèt fanmi Abèl ret an vi. Epitou, Jewova pa t lage madichon sou zannimo yo, tankou zwazo yo ak pwason yo, ni Jewova pa t lage madichon sou mòn yo, lak yo, rivyè yo, lanmè yo, ni li pa t lage madichon sou syèl la, nyaj yo, solèy la, lalin nan ak zetwal yo. Tout kote Abèl te gade, li te ka wè aklè gwo lanmou, sajès ak bonte Jewova genyen, Sila a ki te kreye tout bagay la. (Li Women 1:20.) Lè Abèl te medite sou sa Bondye te kreye ak kalite Bondye genyen yo, sa te fè lafwa l vin pi solid.
13 Sandout, Abèl te konn pran tan pou l medite sou Jewova. Imajine Abèl k ap pran swen mouton l yo. Lavi yon bèje mande pou l mache anpil. Abèl te konn mennen ti bèt dou sa yo sou ti mòn ak nan plèn. Li te konn travèse rivyè pou l chèche kote ki gen zèb ki fre, kote ki gen pi bon dlo pou mouton yo ka bwè ak kote ki pi bon pou yo pran yon ti repo. Pami tout bèt Bondye kreye yo, sanble mouton se youn nan bèt ki bezwen plis pwoteksyon, se tankou Bondye te kreye yo yon fason pou yo toujou bezwen yon moun pou gide yo e pou pwoteje yo. Èske Abèl te wè li menm tou li bezwen yon Moun ki pi saj e ki pi pisan pase tout lòt moun pou gide l, pou pwoteje l e pou pran swen l? Sandout, li te konn pale ak Bondye nan lapriyè sou sa li te konn ap medite yo, e sa te fè lafwa l te gen nan Bondye vin pi solid.
14, 15. Sou ki sa pwomès Jewova te fè yo te pouse Abèl medite?
14 Pwomès Jewova fè yo. Adan ak Èv dwe te rakonte de pitit gason yo te genyen yo rezon ki fè Bondye te mete yo deyò nan jaden Edenn nan. Konsa, Abèl te gen anpil bagay pou l medite sou yo.
15 Jewova te di li t ap lage madichon sou tè moun fè jaden sou li a. Abèl te wè sa fèt vre lè l te wè pikan ak chadwon pouse sou tè a. Anplis de sa, Jewova te anonse Èv t apral gen doulè pandan gwosès li e doulè l la t ap vin pi rèd lè l l ap akouche. Si Abèl te wè manman l k ap akouche, sandout li te wè sa Jewova te di a se laverite. Jewova te deja wè Èv t apral gen yon anvi egzajere pou mari l renmen l e pou l pran ka l, e li te gentan wè Adan t apral domine sou Èv. Abèl te wè sa te fèt vre. Ala tris sa te tris! Nan tout sitiyasyon sa yo, Abèl te wè li ka fè pawòl Jewova yo konfyans nèt. Se sa k fè Abèl te gen bonjan rezon pou l mete lafwa nan pwomès Bondye te fè konsènan yon “desandans” lan. E se desandans sa a ki t ap gen pou l repare dega ki te kòmanse nan jaden Edenn nan. — Jen. 3:15-19.
16, 17. Ki leson Abèl te ka aprann nan men cheriben yo?
16 Sèvitè Jewova yo. Abèl pa t jwenn yon moun nan fanmi l ki te ba l bon egzanp li te ka suiv. Men, se pa lèzòm sèlman ki te kreyati entèlijan ki te sou tè a lè sa a. Lè Bondye te mete Adan ak Èv deyò nan jaden an, Jewova te asire l pou ni yo menm ni pitit yo pa t ka antre nan Paradi ki te nan jaden Edenn nan. Jewova te mete cheriben pou siveye antre jaden an ansanm ak yon epe ki gen flanm dife sou li k ap vire san rete pou anpeche moun antre nan jaden an. Cheriben sa yo se te zanj ki nan gwo pozisyon. — Li Jenèz 3:24.
17 Imajine kòman Abèl te santi l lè l t ap gade cheriben sa yo lè l te timoun. Sandout, zanj sa yo ki te pran fòm kò moun, ki te wo e ki te gwonèg, te fè Abèl wè yo gen anpil fòs. Epitou, “epe” ki gen flanm dife sou li k ap vire san rete a te enpresyone l. Pandan Abèl t ap grandi, èske l te janm wè cheriben sa yo vin bouke ak travay yo t ap fè a jis yo kite pòs yo? Non. Lajounen kou lannuit, ane apre ane, kreyati entèlijan sa yo ki gen anpil fòs te ret nan pòs yo. Konsa, Abèl te aprann Jewova gen sèvitè ki jis e ki toujou ret fidèl. Grasa cheriben sa yo, Abèl te ka wè yon egzanp fidelite ak obeyisans total pou Jewova li pa t janm wè nan fanmi l. Li klè, egzanp zanj sa yo te ede Abèl vin gen yon lafwa ki pi solid.
18. Ki diferan bagay ki ka ede n vin gen yon lafwa ki solid jodi a?
18 Lè Abèl te reflechi sou tout sa Jewova revele sou li pa mwayen kreyasyon an, pwomès li yo ak bèl egzanp zanj yo bay, sa te fè lafwa l vin pi solid toujou. Èske Abèl pa kontinye ap pale avèk nou grasa egzanp li kite? Jèn yo sitou ka jwenn rekonfò nan egzanp Abèl lè yo konnen yo ka vin gen bonjan lafwa nan Jewova kèlkeswa fason moun nan fanmi yo deside aji. Jodi a, nou gen anpil bagay ki ka ede n vin gen yon lafwa ki solid tankou bèl bagay Jewova kreye yo, Labib ann antye, ansanm ak egzanp anpil moun ki demontre bonjan lafwa.
Poukisa sakrifis Abèl la te gen plis valè?
19. Tank tan ap pase, ki gwo verite Abèl te vin konprann?
19 Toutpandan lafwa Abèl te gen nan Jewova t ap vin pi solid, li te vle poze aksyon pou l demontre lafwa sa a. Men, ki sa yon moun ki fèt ak pousyè te ka ofri Kreyatè linivè a? Se sèten, Bondye pa t bezwen pou moun ba l anyen kòm kado ni li pa t bezwen pou moun ede l fè anyen. Pi devan, Abèl te vin konprann yon gwo verite: si sèlman li bay Jewova sa l genyen ki pi bon an e l fè sa ak tout kè l, sa t ap fè Papa l ki nan syèl la kontan.
20, 21. Ki sa Kayen ak Abèl te ofri Jewova, e ki ofrann Jewova te aksepte?
20 Abèl te prepare kèk nan mouton l yo pou l ofri kòm sakrifis bay Jewova. Li te chwazi mouton ki te pi bon yo, mouton ki te fèt an premye yo ak moso ki sanble te pi bon yo. Pandan tan sa a, Kayen t ap chèche benediksyon ak favè Bondye tou. Li te pran nan sa l rekòlte nan jaden l, li te prepare yo pou l ofri yo bay Bondye. Men, li pa t fè sa ak tout kè l menm jan ak Abèl. Diferans lan te vin parèt aklè lè yo chak t ap prezante ofrann yo a bay Bondye.
21 Petèt, Kayen ak Abèl te itilize lotèl ak dife pou yo prezante ofrann yo bay Jewova. Nan epòk sa a, se sèl cheriben yo ki te reprezante Jewova sou tè a. Petèt, Kayen ak Abèl te fè lotèl yo yon kote pou cheriben yo te ka wè yo. Jewova te fè konnen kiyès nan ofrann sa yo li te aksepte. Men sa nou li nan Bib la: “Jewova te aksepte Abèl ak ofrann li an.” (Jen. 4:4). Labib pa di anyen sou fason Bondye te fè konnen li aksepte ofrann Abèl la.
22, 23. Pou ki rezon se ofrann Abèl la Jewova te aksepte?
22 Poukisa se ofrann Abèl la Bondye te aksepte? Èske se akoz sa l te prezante kòm ofrann nan? Abèl te pran yon bèt vivan e li te vèse san bèt la ki gen anpil valè pou l ofri l kòm sakrifis bay Jewova. Èske Abèl te konprann yon sakrifis konsa te gen anpil valè pou Jewova? Plizyè syèk apre Abèl, Jewova te sèvi ak sakrifis timouton ki san defo a pou reprezante sakrifis Pitit Gason pafè li a, “Ti Mouton Bondye a”, t ap gen pou l fè lè l t apral kite yo touye l alòske l te inosan (Jan 1:29; Egz. 12:5-7). Sandout, Abèl pa t konnen Jewova t apral itilize sakrifis ti mouton ki san defo a pou reprezante sakrifis Pitit Gason pafè li a.
23 Men sa n konnen: Abèl te ofri sa k pi bon nan sa l te genyen. Jewova pa t sèlman aksepte ofrann Abèl te fè a, men tou li te pran plezi nan Abèl. Se lanmou Abèl te genyen pou Jewova ak lafwa solid li te gen nan Jewova ki fè l te ofri l sakrifis sa a.
24. a) Sa k fè n ka di se pa ofrann Kayen te fè a ki pa t bon? b) Nan ki sans anpil moun jounen jodi a sanble ak Kayen?
24 Se pa t menm bagay la pou Kayen. Jewova “pa t aksepte Kayen ak ofrann pa l la ditou”. (Jen. 4:5.) Se pa paske ofrann Kayen an pa t bon ki fè Jewova pa t aksepte l. Pi devan, Jewova te aksepte sèvitè l yo ofri l sa tè a pwodui (Lev. 6:14, 15). Men, Bib la fè konnen “aksyon [Kayen] yo se te move aksyon”. (Li 1 Jan 3:12.) Menm jan ak anpil moun jodi a, sanble Kayen te met nan tèt li, depi l fè kòmsi li gen atachman pou Bondye, sa t ap sifi pou l fè Bondye plezi. Lefètke Kayen pa t gen bonjan lafwa nan Jewova ni li pa t gen bonjan lanmou pou Li, sa te vin parèt aklè nan aksyon l.
25, 26. Ki avètisman Jewova te bay Kayen, e malgre sa, ki sa Kayen te fè?
25 Lè Kayen te wè Jewova pa t aksepte ofrann li an, èske l te chèche konprann rezon ki fè Jewova te aksepte pa Abèl la? Non, li pa t fè sa. Okontrè, li te vin rayi frè l la anpil. Jewova te wè sa k t ap pase nan kè Kayen, e l te pran tan pou l rezone ak Kayen. Jewova te fè l konprann si l kontinye konsa, sa t apral mennen l nan peche grav, e l te fè Kayen konnen si l chanje li t ap “leve [l] met byen wo”. — Jen. 4:6, 7.
26 Kayen pa t koute Bondye. Okontrè, li te envite ti frè l la ki te fè l konfyans pou y al nan jaden. Lè yo rive, Kayen bay Abèl yon sèl move kou, li touye l (Jen. 4:8). Nan yon sans, Abèl se te premye moun ki mouri anba pèsekisyon akoz bon relasyon li te gen ak Bondye. Se vre Abèl mouri, men istwa li pa fini la.
27. a) Poukisa nou ka gen konfyans Abèl ap pami moun k ap resisite yo? b) Ki sa n bezwen fè pou n ka rankontre Abèl yon jou?
27 Nan yon sans senbolik, san Abèl t ap rele nan zòrèy Jewova pou mande revanj oubyen pou mande jistis. E Bondye te ba l jistis lè l te pini Kayen, ki te yon moun mechan, pou zak kriminèl li te fè a (Jen. 4:9-12). Sa k pi enpòtan sèke istwa konsènan lafwa solid Abèl te genyen an ap pale avèk nou jodi a. Petèt, Abèl te viv anviwon santan, ki te yon ti bout tan lè n konpare l ak kantite tan moun nan epòk la te konn viv. Men, Abèl te byen itilize ti bout tan li te pase sou tè a pou l fè Bondye plezi. Anvan l mouri, li te gen asirans Jewova, Papa l ki nan syèl la, renmen l e li gen favè L (Ebre 11:4). Etandone Abèl toujou nan memwa Jewova, yon memwa ki san fay, nou gen konfyans li pral resisite pou l viv sou tè a ki pral tounen yon paradi (Jan 5:28, 29). Èske w ap la pou w rankontre l? W ap ka la si w gen bonjan detèminasyon pou w koute Abèl e pou w imite bèl egzanp li kite antanke moun ki te gen lafwa.
a Ekspresyon “monn nan te fonde” a bay ide lè moun te kòmanse fè pitit, donk li gen rapò ak premye moun ki te viv sou tè a. Men, poukisa Jezi te pale de Abèl kòm moun ki t ap viv lè “monn nan te fonde” a, e li pa t di sa pou Kayen ki te premye pitit Adan ak Èv? Desizyon Kayen te pran yo ak fason l te aji montre se espre li te fè lè l te rebele kont Jewova. Menm jan ak Adan ak Èv, sanble Kayen pap resisite e li pap jwenn padon pou peche l yo.