Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
2-8 MAS
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JENÈZ 22-23
‘Bondye te teste Abraram’
w12-F 1/1 23 § 4-6
Poukisa Bondye te mande Abraram pou l sakrifye pitit gason l lan?
Ann konsidere pawòl Jewova te di Abraram yo: “Tanpri, pran Izarak, pitit gason w lan, sèl pitit ou renmen anpil la, [...] epi ofri l kòm sakrifis sou youn nan mòn m ap montre w yo.” (Jenèz 22:2). Remake Jewova te fè referans ak Izarak kòm pitit “ou renmen anpil la”. Jewova te konnen ki valè Izarak te genyen pou Abraram. Bondye te konnen tou ki santiman li te genyen pou Jezi, Pitit Gason l lan. Jewova te tèlman renmen Jezi, li te pale de fwa depi nan syèl la konsènan Jezi pou l di: “Pitit Gason m, Pitit mwen renmen anpil la.” — Mak 1:11; 9:7.
N ap remake tou, Jewova te itilize mo “tanpri” a nan demann li te fè Abraram nan. Gen yon biblis ki fè konnen mo sa a Bondye itilize a montre “Seyè a konnen tout sa sa l te mande a t ap koute”. Jan n ka imajine sa, demann sa a te dwe bay Abraram gwo lapenn. Menm jan an tou, ki sa n ka di konsènan gwo lapenn Jewova dwe te santi lè l t ap gade Pitit li a k ap soufri epi mouri? Se sèten, se te pi gwo lapenn li te viv e li pap janm viv sa ankò.
An reyalite, byenke nou ka twouve sa Jewova te mande Abraram nan rèd anpil, li bon pou n sonje Jewova pa t kite patriyach fidèl sa a fè sakrifis la. Li te epaye l pi gwo doulè yon paran te ka santi, li pa t kite Izarak mouri. Epoutan, Jewova pa t epaye “pwòp Pitit li a, men li te bay li pou nou tout”. (Women 8:32.) Poukisa Jewova te aksepte pase anba yon gwo eprèv konsa? Li te fè sa pou “nou ka jwenn lavi”. (1 Jan 4:9.) Se pa ti sonje sa fè n sonje lanmou Jewova demontre pou nou! Èske nou menm tou nou pa ta dwe montre nou renmen l?
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
w16.02-F 11 § 13
Jewova te rele l “zanmi m”
13 Anvan Abraram kite sèvitè yo te genyen ki te ansanm avèk yo, li di yo: “Nou menm, nou mèt ret la ak bourik la, mwen menm ak tigason an nou pral lòtbò a pou n al adore Bondye epi n ap retounen vin jwenn nou.” (Jen. 22:5). Ki sa Abraram te vle di? Èske Abraram t ap bay sèvitè l yo manti lè l te di yo Izarak t ap retounen avè l, alòske l te konnen se Izarak li t apral sakrifye? Non. Labib ede nou konprann ak ki sa Abraram te ka ap panse. (Li Ebre 11:19.) Abraram “te kwè Bondye te ka menm leve [Izarak] sot nan lanmò”. Vrèmanvre, Abraram te kwè nan rezirèksyon an. Li te konnen Jewova te fè li menm ak Sara vin ka fè pitit ankò aktout yo te gentan pase laj pou sa (Ebre 11:11, 12, 18). Abraram te reyalize pa gen anyen ki enposib pou Jewova. Kidonk, li te gen konfyans, kèlkeswa sa k te rive pandan jounen sa a, Jewova t ap reba l pitit li renmen anpil la yon fason pou pwomès Jewova yo te ka reyalize. Sa pa etone nou dèske yo rele Abraram “papa tout moun ki gen lafwa”!
BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN
it-1-F 608 § 8
Sa k fè Bondye te ka deklare Abraram jis anvan lanmò Kris?
Menm jan an tou, lafwa Abraram, ki te mache ak aksyon, te fè “Bondye konsidere l [rekonèt li oubyen ba l kredi] kòm yon moun ki jis”. (Wm 4:20-22.) Byennantandi, sa pa t vle di Abraram ak lòt moun ki t ap viv anvan epòk kretyen yo te pafè oubyen yo pa t gen peche lakay yo; sepandan, lefètke yo te demontre lafwa nan pwomès konsènan “desandans” lan e yo te fè efò pou yo suiv kòmandman Jewova yo, Jewova pa t mete yo nan menm kategori ak lòt moun nan monn nan, ki enjis e ki pa gen favè l (Jen 3:15; Sm 119:2, 3). Avèk amou, Jewova te konsidere yo kòm moun ki inosan parapò ak moun ki nan monn nan ki lwen Bondye (Sm 32:1, 2; Ef 2:12). Se konsa, sou baz lafwa yo, Bondye te ka gen relasyon avèk yo e beni yo, aktout yo enpafè, toutpandan li te respekte prensip li yo ki jis e ki pafè (Sm 36:10). Toutfwa, moun sa yo te konnen yo gen bezwen delivrans anba peche e yo t ap tann moman Bondye te fikse pou l fè sa. — Sm 49:7-9; Eb 9:26.
16-22 MAS
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JENÈZ 25-26
“Ezaou vann dwa li genyen kòm premye pitit la”
it-1-F 1224
Jakòb
Kontrèman ak Ezaou, pitit papa l te pi renmen an, ki te yon chasè san kontwòl, san pran souf, ki te toujou nan bwa, Jakòb li menm se te “yon moun ki te san repwòch [ann ebre, tam], e se nan tant li te rete”, yon moun ki t ap mennen yon vi pezib e trankil, yon moun manman l te gen yon lanmou espesyal pou li (Jen 25:27, 28). Yo itilize mo ebre tam nan lòt kote nan Bib la pou pale de moun Bondye apwouve. Pa egzanp, “moun ki renmen fè san koule rayi moun ki inosan”, men Jewova bay asirans “moun sa a [moun ki inosan an] gen pou l viv anpè”. (Pw 29:10; Sm 37:37.) Jòb, ki te yon moun ki san repwòch, “te yon moun ki dwat e ki fidèl nan tout bagay [ann ebre, tam]”. — Jòb 1:1, 8; 2:3.
it-2-F 637
Premye pitit
Depi byen bonè nan listwa, premye pitit gason yo te konn gen yon gwo pozisyon nan fanmi an, e se yo menm ki te konn vin chèf fanmi an. Yo te konn resevwa de pòsyon nan sa papa yo te posede (Dt 21:17). Jozèf te met Ribenn chita pou l manje selon dwa l genyen kòm premye pitit la (Jen 43:33). Men, Bib la pa toujou onore premye pitit gason yo lè l mete non pitit gason yo selon lè yo te fèt la. Souvan, se pitit gason moun plis respekte a oubyen ki fidèl la li site an premye olye se premye pitit la. — Jen 6:10; 1Kw 1:28; konpare ak Jen 11:26, 32; 12:4; gade DROIT D’AÎNESSE; HÉRITAGE.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
it-2-F 255 § 6
Manti
Menm lè Bib la kondane avèk fòs manti moun bay nan move entansyon, sa pa vle di yon moun oblije simaye bon enfòmasyon bay moun ki pa gen dwa konnen l. Jezi Kris te bay konsèy sa a: “Pa bay chen bagay ki sakre, e pa lage grenn pèl nou devan kochon, dekwa pou yo pa pilonnen yo anba pye e pou yo pa vire vin dechire nou.” (Mt 7:6). Se rezon sa a ki fè nan kèk okazyon, Jezi pa t bay tout enfòmasyon oubyen li pa t bay yon repons klè pou kèk kesyon lè sa te ka fè lòt moun ditò san nesesite (Mt 15:1-6; 21:23-27; Jan 7:3-10). Li klè, se konsa nou dwe konsidere ka kote Abraram, Izarak, Rahab ak Elize pa t bay bon enfòmasyon oubyen yo pa t bay moun ki pa t ap adore Jewova tout laverite. — Jen 12:10-19; chap 20; 26:1-10; Joz 2:1-6; Jk 2:25; 2Wa 6:11-23.
23-29 MAS
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JENÈZ 27-28
“Jakòb jwenn benediksyon li te gen dwa pou l jwenn nan”
w04-F 15/4 11 § 4-5
Rebeka — Yon fanm vanyan ki te gen lakrentif pou Bondye
Bib la pa di si Izarak konnen Ezaou dwe vin sèvitè Jakòb. Antouka, ni Rebeka ni Jakòb konnen benediksyon an se pou Jakòb. Kou Rebeka tande Izarak sou wout beni Ezaou lè Ezaou pot yon ti manje li fè ak jibye pou li, Rebeka kòmanse aji. Li te toujou gen menm detèminasyon ak zèl li te genyen lè l te jèn nan. Li “di” Jakòb pou l pot de jenn ti kabrit ba li. Li pral fè yon ti manje mari l renmen anpil. Apre sa, Jakòb dwe fè tèt li pase pou Ezaou pou l ka jwenn benediksyon an. Papa l sanlè dekoukri fent li an epi modi l. Men, Rebeka ensiste pou l fè sa lè l di: “Se sou mwen pou malediksyon an tonbe, pitit mwen.” Epi li fè manje a, li degize Jakòb pou fè l sanble ak Ezaou, e li voye l al kot mari l. — Jenèz 27:1-17.
Yo pa di rezon ki fè Rebeka te aji fason sa a. Anpil moun kondane fason l te aji a, men Bib la pa fè sa, e Izarak nonplis pa t fè sa lè l te vin dekouvri se Jakòb ki te jwenn benediksyon an. Okontrè, Izarak te ajoute sou benediksyon an (Jenèz 27:29; 28:3, 4). Rebeka konnen sa Jewova te anonse konsènan pitit gason l yo. Donk, li aji yon fason pou se Jakòb ki jwenn benediksyon li gen dwa pou l jwenn nan. Se sèten, sa ann amoni ak volonte Jewova. — Women 9:6-13.
w07-F 1/10 31 § 2-3
Kesyon lektè yo poze
Bib la pa bay tout detay konsènan rezon ki fè Rebeka ak Jakòb te aji fason yo te aji a, menmsi l montre sitiyasyon an te rive bridsoukou. Nou ta dwe note Pawòl Bondye a pa ni bay Rebeka ak Jakòb rezon pou sa yo te fè a, ni li pa kondane yo. Konsa, li pa bay okenn egzanp moun ka sèvi kòm yon eskiz pou bay manti oswa pou twonpe moun. Sepandan, Bib la ede n pi byen konprann sitiyasyon an.
Dabò, istwa a montre byen klè se Jakòb ki te gen dwa pou l jwenn benediksyon papa l la, se pa t Ezaou. Anvan sa, yon fason legal, Jakòb te achte dwa premye pitit la nan men frè jimo l la ki pa t montre l apresye sa lè l te vann li pou yon bòl bouyon jis pou l ka manje pou l pa grangou ankò. Ezaou “te meprize dwa li te genyen kòm premye pitit la”. (Jenèz 25:29-34.) Donk, lè Jakòb te pwoche bò kot papa l la, li t ap chèche jwenn yon benediksyon li te gen tout dwa pou l jwenn.
it-1-F 295 § 6
Benediksyon
Byen souvan, nan epòk patriyach yo t ap viv la, yon papa te konn beni pitit gason l yo yon ti tan anvan l mouri. Se te yon bagay ki te vrèman enpòtan, e yo te bay sa anpil valè. Se sa k fè Izarak te beni Jakòb piske l te panse se te Ezaou, premye pitit li a. Izarak te mande pou Jakòb jwenn favè nan men tout moun epi pou bagay yo mache byen pou li pi plis pase frè l la, Ezaou. Izarak te avèg e l te fin granmoun, sandout li te mande Jewova pou l reyalize benediksyon an (Jen 27:1-4, 23-29; 28:1, 6; Eb 11:20; 12:16, 17). Annapre, Izarak te vin repete benediksyon an e l te ajoute sou li (Jen 28:1-4). Anvan Jakòb te mouri, dabò, li te beni de pitit Jozèf yo, ansuit, li te beni pitit gason pa l yo (Jen 48:9, 20; 49:1-28; Eb 11:21). Menm jan an tou, Moyiz te beni tout nasyon Izrayèl la anvan l te mouri (Dt 33:1). Nan chak sitiyasyon sa yo, rezilta yo montre sa yo te di yo se te pwofesi. Nan kèk ka, moun ki t ap beni lòt moun nan te konn met men l sou tèt moun sa a. — Jen 48:13, 14.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
w06-F 15/4 6 § 3-4
Fason w ka byen kominike ak moun ou marye a
Èske Izarak ak Rebeka te aprann byen kominike youn ak lòt? Te vin gen yon gwo pwoblèm nan fanmi an lè Ezaou te marye ak de pitit fi Èt. Rebeka “pa t sispann di” Izarak: “Mwen gen degoutans ak lavi m akoz pitit fi Èt yo. Si Jakòb [pitit yo ki pi piti a] ta pran yon madanm pami pitit fi Èt yo, menm jan ak medam sa yo ki nan peyi a, ebyen m mèt tou mouri!” (Jenèz 26:34; 27:46). Li klè, Rebeka te di sa k ap trakase l yon fason klè.
Izarak te di Jakòb, frè jimo Ezaou a, pou l pa t pran yon fi nan peyi Kanaran pou vin madanm li (Jenèz 28:1, 2). Rebeka te byen fè konnen sa l panse sou sa. De moun marye sa yo te byen kominike sou yon sijè ki te sansib anpil pou fanmi an, konsa yo kite yon bèl egzanp pou nou jodi a. Bon, e si moun marye yo pa rive antann yo sou yon bagay? Ki sa yo ka fè?
30 MAS–5 AVRIL
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JENÈZ 29-30
“Jakòb marye”
w03-F 15/10 29 § 6
Jakòb te bay bagay espirityèl yo valè
Yon bagay ki te montre de moun fiyanse se lè yo te peye fanmi fi a pri yo te dwe bay la. Annapre, Lwa Moyiz la te fè konnen se 50 chekèl ann ajan yo dwe bay kòm pri pou yon jèn fi vyèj yo te sedui. Dapre yon biblis ki rele Gordon Wenham, se te “pi gwo kado maryaj ki te fikse”, men jeneralman, li te konn “pi ba”. (Detewonòm 22:28, 29.) Jakòb pa t gen mwayen pou l peye, se sa k fè l te di Laban l ap travay setan pou li. “Etandone yon travayè te konn jwenn ant yon demi chekèl a yon chekèl pou yon mwa travay nan ansyen Babilòn nan” (pou set an se 42 a 84 chekèl), Wenham kontinye pou l di “se te yon gwo kado maryaj Jakòb te ofri Laban pou l te ka marye ak Rachèl”. Laban te aksepte san grate tèt. — Jenèz 29:19.
w07-F 1/10 8-9
De sè ki te gen pwoblèm antre yo vin “manman pèp Izrayèl la”
Èske Leya te nan konplo pou twonpe Jakòb la? Oubyen li te sèlman oblije obeyi papa l? E Rachèl li menm, ki kote l te ye? Èske l te konn sa k t ap pase a? Si wi, kòman l te santi l? Èske l te ka kont sa papa l, antanke yon moun otoritè, te vle? Labib pa di anyen sou sa. Antouka, kèlkeswa sa Rachèl ak Leya te ka panse sou sa, konplo a te fè Jakòb fache anpil. Epi se te Laban, men se pa t pitit fi l yo, Jakòb te di: “Èske se pa pou Rachèl mwen te travay pou ou? Poukisa w twonpe m?” Laban te reponn li: “Se pa abitid nou bò isit la pou nou bay fi ki pi piti a anvan pi gran an. Fin pase semèn nan ak dam sa a, apre sa, m ap ba w lòt dam nan tou. Men, fò w fè setan ap travay pou mwen ankò.” (Jenèz 29:25-27). Se konsa li te jwe Jakòb pou l te ka fè l marye ak de pitit fi l yo, t apral gen gwo jalouzi antre yo.
it-2-F 222 § 5
Maryaj
Fèt. Ann Izrayèl, menm lè pa t gen yon seremoni ofisyèl ki te fèt pou yon maryaj, yo te konn fete evènman an ak kè kontan. Nan jou nòs la, lamarye a te konn fè anpil preparasyon lakay li. Dabò, li te konn benyen epi fwote kò l ak lwil santi bon (Konpare ak Rt 3:3; Eze 23:40). Pafwa, konn gen medam ki ede lamarye a met senti nan ren l ak yon wòb blan yo te souvan bwode byen bwode selon mwayen lamarye a (Jr 2:32; Re 19:7, 8; Sm 45:13,14). Si l te gen mwayen pou sa, li te konn met bèl ti bagay sou li ansanm ak bijou pou fè l bèl (Eza 49:18; 61:10; Re 21:2), apre sa, li te kouvri soti nan tèt rive nan pye ak yon rad byen lejè, ki se yon kalite vwal (Eza 3:19, 23). Sa ede n konprann rezon ki fè Laban te ka twonpe Jakòb byen fasil ki fè Jakòb pa t konnen se Leya Laban t ap ba li nan plas Rachèl (Jen 29:23, 25). Rebeka te kouvri tèt li lè l t ap vin rankontre ak Izarak (Jen 24:65). Se te yon aksyon ki montre lamarye a te soumèt devan lemarye a e l te rekonèt otorite l. — 1Ko 11:5, 10.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
it-1-F 48
Adopte timoun
Ni Rachèl ni Leya te konsidere pitit sèvant yo te fè ak Jakòb yo kòm ‘pitit yo fè pou yo’, kòm pwòp pitit yo (Jen 30:3-8, 12, 13, 24). Timoun sa yo te jwenn menm eritaj ak timoun Jakòb te fè ak madan marye l yo. Yo tout te vrè pitit papa yo, e piske sèvant yo se te pwopriyete madan marye yo, Rachèl ak Leya te gen dwa pou yo konsidere timoun sa yo kòm pitit pa yo.