Nou kapab rete pwòp
“Netwaye men nou [...] e pirifye kè nou.” — JAK 4:8.
1. Ki jan monn nan konsidere zafè rete pwòp la?
NAN epòk n ap viv la, zafè rete pwòp la pa yon bagay ki popilè ditou. Nan anpil peyi, yo konsidere relasyon seksyèl ant de moun ki pa marye ansanm ak relasyon seksyèl ant fi ak fi, gason ak gason kòm bagay ki nòmal. Yo menm fè konnen stil lavi sa yo se bagay ki bon e ki bèl (Sòm 12:8). Imoralite tèlman gaye nan monn nan opwen yon moun gendwa ap mande tèt li: ‘Èske l posib toutbon pou yon moun rete pwòp?’ Repons lan se: Wi, grasa èd Jewova, vrè kretyen yo kapab rete pwòp. — Li 1 Tesalonisyen 4:3-5.
2, 3. a) Ki sa k fè l enpòtan pou n lite kont move dezi? b) Ki sa n pral egzamine nan atik sa a?
2 Sepandan, pou n ka rete pwòp, nou bezwen rekonèt nou dwe rejte tout dezi imoral. Menm jan manje yo met nan yon kwòk ka atire yon pwason, konsa tou, si yon kretyen pa kouri rejte panse imoral yo ak move dezi yo, yo ka kòmanse atire l e yo ka pouse l fè sa k mal. Yo ka eveye dezi chanèl nou yo e yo ka pouse n komèt aksyon imoral. Rive yon lè, tandans nou genyen pou n fè peche a ka vin tèlman fò lakay nou opwen panse ki pa pwòp yo ka vin pran rasin. Nan pwen sa a, menm yon sèvitè Jewova ka tou pare pou l aji selon dezi l lè l jwenn okazyon. Vrèmanvre, se ‘dezi ki mennen nan peche’. — Li Jak 1:14, 15.
3 Li enteresan pou n reflechi ak fason move dezi ka grandi lakay yon moun jis li rive fè l komèt yon peche grav. Sepandan, se pa ti ankourajan sa ankourajan lefètke n konnen si n pa kite move dezi yo pran rasin nan kè n nou pap tonbe nan konduit imoral e nou pap soufri akoz move konsekans konduit sa a (Gal. 5:16)! Ann egzamine twa bagay ki ka ede n nan lit n ap mennen kont move dezi yo. Bagay sa yo se: relasyon nou gen ak Jewova a, konsèy nou jwenn nan Pawòl li a ak èd nou jwenn nan men kretyen ki gen matirite yo.
“PWOCHE BÒ KOTE BONDYE”
4. Ki sa k fè l enpòtan pou n pwoche bò kote Jewova?
4 Men ki konsèy Bib la bay moun ki vle “pwoche bò kote Bondye” yo: “Netwaye men nou [...] e pirifye kè nou.” (Jak 4:8). Etandone n ancheri relasyon nou gen ak Jewova a, nou fè anpil efò pou n fè l plezi nan tout aspè nan lavi nou san wete nan panse nou. Nou fikse lespri n sou sa ki pwòp, sou sa ki gen bon repitasyon ak sa ki merite louwanj paske n vle gen “yon kè ki pwòp”. (Sòm 24:3, 4, NW; 51:6; Flp. 4:8.) Se vre, Jewova konnen nou enpafè e l konnen nou konn gen move dezi, men, nou konnen sa ka fè l tris lè n ap panse ak move bagay olye n fè tout sa n kapab pou n rejte yo (Jen. 6:5, 6). Lè n reflechi ak sa, n ap pran plis detèminasyon pou n kontinye panse ak bagay ki pwòp.
5, 6. Ki jan lapriyè ka ede n lite kont move dezi?
5 Youn nan fason enpòtan nou ka montre nou gen yon konfyans total nan Jewova se lè n priye l konsènan lit n ap mennen kont panse ki pa pwòp yo. Lè n pwoche bò kote Bondye nan lapriyè, li pwoche bò kote nou tou. Li kontan ban nou lespri sen l e konsa sa ranfòse detèminasyon nou pran pou n lite kont panse imoral yo epi pou n rete pwòp. Kidonk, ann sèvi ak refleksyon ki sot nan kè n pou n fè Bondye konnen anvi sensè nou genyen pou n fè l plezi (Sòm 19:14). Avèk imilite, èske n mande l egzamine nou yon fason pou n rive idantifye nenpòt “bagay ki pa bon” nan nou, sètadi, nenpòt move dezi oswa move tandans ki ka fè n tonbe nan peche (Sòm 139:23, 24, NW)? Èske n priye Jewova regilyèman pou l ede n kenbe entegrite nou lè n ap fè fas ak tantasyon? — Mat. 6:13.
6 Fason n te leve oswa konduit nou te genyen ka fè n vin renmen bagay Jewova kondane yo. Aktout sa, Jewova ka ede n fè chanjman ki nesesè yo yon fason pou n ka kontinye sèvi l jan l vle a. Wa David te rekonèt sa. Men ki jan l te sipliye Jewova apre l te fin fè adiltè ak Batcheba: “Fè kè m vin pwòp. [...] Ban m yon lòt espri, yon espri k ap fè m fidèl.” (Sòm 51:10, 12, NW). Move dezi yo gendwa fò lakay ou, sepandan Jewova ka ba w volonte ak anvi pou w obeyi l. Menm lè move dezi yo gendwa anrasinen lakay ou e yo ka gen tandans kouri dèyè panse ki pwòp yo, Jewova ka gide w yon fason pou w obeyi kòmandman l yo epi pou w reyisi lè w viv ann amoni ak yo. Li ka anpeche nenpòt move bagay gen pouvwa sou ou. — Sòm 119:133.
“SE POU NOU OBEYI PAWÒL LA”
7. Ki fason Pawòl Bondye a ka pwoteje n kont panse ki pa pwòp yo?
7 Pa mwayen Pawòl li a, Labib, Jewova ka reponn priyè nou fè pou n mande l èd. Sajès ki gen nan Pawòl Bondye a se yon sajès “toudabò ki pwòp”. (Jak 3:17.) Lè n li Bib la chak jou epi n medite sou sa n li yo sa ka ede n evite panse ak bagay imoral (Sòm 19:7, 11; 119:9, 11). Anplis de sa, nou jwenn egzanp ak konsèy byen presi nan Bib la ki ka ede n pou n pa plede ap panse ak bagay ki pa pwòp.
8, 9. a) Ki sa k te fè yon jennonm vin annafè ak yon fi ki imoral? b) Jodi a, nan ki sitiyasyon nou ka aplike avètisman nou jwenn nan egzanp ki nan Pwovèb chapit 7 la?
8 Men sa nou li nan Pwovèb 5:8 (NW): “Rete lwen [fi ki imoral la], pa al toupre antre kay li.” Pwovèb chapit 7 esplike danje ki genyen lè yon moun pa suiv konsèy sa a. Nan chapit sa a, yo pale de yon jennonm ki t al pwonmennen toupre kay yon fi ki imoral. Fi a ki sanble te abiye ak yon rad ki atire moun te pwoche kote l nan kafou a lè l pral fènwa. Li met men sou jennonm nan epi l bo l. Bèl ti pawòl fi a te di jennonm nan pou l sedui l yo te tèlman eveye dezi lakay jennonm nan opwen sanble l pa t ka reziste. Konsa, yo te tonbe nan imoralite seksyèl. Petèt jennonm sa a pa t planifye pou l fè imoralite. Li pa t gen eksperyans e l te manke bon konprann. Malgre sa, li te oblije sibi move konsekans aksyon l yo. Li t ap evite sa si l te rete lwen kay fi a! — Pwo. 7:6-27.
9 Èske pafwa nou gendwa montre nou manke bon konprann nan menm sans lan, petèt lè n twouve nou nan sitiyasyon ki ka eveye move dezi lakay nou? Pa egzanp, gendwa pa gen okenn limit nan pwogram y ap pase nan televizyon yo nan aswè. E si w ap chanje chèn pou w ka wè sa y ap bay? Petèt ou gendwa al sou Entènèt san w pap chèche anyen vre oswa w gendwa al sou yon sit pou w fè konvèsasyon e sou sit sa a ou jwenn envitasyon pou w al sou yon sit ki gen pònografi oswa ki gen lòt bagay ki gen rapò ak sèks. Èske sitiyasyon sa yo pa ka fè n tonbe sou yon bagay ki ka eveye move dezi lakay nou e ki ka fè n pèdi fòs nan lit n ap mennen pou n rete pwòp la?
10. Ki danje ki genyen lè moun ap flète? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)
10 Yon lòt fason Bib la ede n sè lè l ban nou konsèy sou fason pou n boule ak moun ki pa menm sèks avè n. (Li 1 Timote 5:2.) Konsèy sa yo ede n pou n pa tonbe nan flète. Gen kèk moun ki gendwa konsidere jès y ap fè ak kò yo, men yo, oswa fè ti je dou kòm bagay ki pa gen anyen ki mal piske yo pa gen okenn kontak fizik ak moun nan. Sepandan, lè w flète ak yon moun oswa w ankouraje lòt moun nan sans sa a, sa ka fè w vin gen move panse e sa ka fè w tonbe nan imoralite seksyèl. Si sa te rive deja, sa ka rive ankò.
11. Ki bèl egzanp Jozèf kite pou nou?
11 Jozèf te montre l saj nan sans sa a. Lè madan Potifa, mèt li, te eseye sedui l, Jozèf pa t kite l fè sa. Men, madanm nan pa t bay vag. Madanm nan te konn mande l ret avè l jou apre jou (Jenèz 39:7, 8, 10). Selon sa yon biblis fè konnen, se kòmsi, madan Potifa te konn di: “‘Ann ret ansanm poukont nou yon ti tan,’ nan entansyon pou l fè [Jozèf] fè premye pa a.” Sepandan, Jozèf te detèmine pou l pa t janm kite sa madanm nan t ap di yo gen efè sou li. Li te refize avans li yo e l pa t konn flète avè l. Konsa, li pa t kite okenn move dezi pran rasin nan kè l. Lè madanm nan te eseye fòse Jozèf kouche avè l, Jozèf te reyaji san pèdi tan. Bib la di: “Jozèf kite rad la nan men l e li kouri sot deyò.” — Jen. 39:12, NW.
12. Ki jan n fè konnen sa n ap gade ka gen efè sou kè nou?
12 Bib la ban nou avètisman tou kont danje ki genyen lè n kite je n fè kè n devye. Lè je n ap gade pasipala sa ka eveye move dezi lakay nou oswa sa ka fè dezi sa yo vin pi fò. Jezi te fè konnen “nenpòt moun ki kontinye gade yon fi jiskaske li vin anvi l, li deja fè adiltè avè l nan kè l”. (Mat. 5:28.) Sonje sa k te rive wa David. Bib la di: “Pandan [David] sou do kay la, li gade l wè yon dam k ap benyen.” (2 Sam. 11:2). David pa t vire je l ni l pa t fikse panse l sou lòt bagay. Sa te fè l vin anvi madanm yon lòt moun e sa te fè l tonbe nan adiltè ak fi a.
13. Ki sa k fè n bezwen “fè yon alyans ak je” nou, e ki sa sa mande?
13 Pou n ka lite kont panse imoral, nou bezwen “fè yon alyans ak je” nou menm jan Jòb yon moun fidèl te fè sa (Jòb 31:1, 7, 9, NW). Nou dwe pran bonjan desizyon pou n gen kontwòl sou sa je n ap gade e pou n pa kite je n fè n vin gen anvi imoral pou lòt moun. Sa mande pou n pa ret ap gade imaj seksyèl ki parèt sou ekran òdinatè, sou pano piblisite, sou paj kouvèti yon liv oswa lòt kote ankò.
14. Ki byenfè n ka jwenn lè n suiv konsèy ki mande pou n rete pwòp la?
14 Si n ta wè nenpòt nan bagay nou sot pale de yo la a se youn nan domèn kote n dwe fè plis efò pou n lite kont move dezi, nou dwe aji san pèdi tan. Se pou n dispoze aplike konsèy Pawòl Bondye a ban nou, konsèy ki ka ede n evite fè sa k mal epi pou n rete pwòp. — Li Jak 1:21-25.
“RELE ANSYEN YO”
15. Si n ap lite ak move dezi, ki sa k fè l enpòtan pou n chèche èd?
15 Si n ap lite ak move dezi, nou ka konte sou kretyen parèy nou yo tou pou n jwenn èd. Nòmalman, se pa yon bagay ki fasil pou n pale ak lòt moun sou yon pwoblèm konsa. Sepandan, lè n met kouraj sou nou pou n chèche bonjan konsèy nan men yon kretyen ki gen matirite sa ka anpeche n jistifye move dezi n genyen yo (Pwo. 18:1; Ebre 3:12, 13). Lè n pale ak yon kretyen ki gen matirite e ki espirityèl konsènan feblès nou yo sa ka ede n wè ki kote n bezwen fè chanjman. Sa ka ede n fè chanjman ki nesesè yo yon fason pou n rete nan lanmou Jewova.
16, 17. a) Ki fason ansyen yo ka ede moun k ap goumen kont move dezi yo? Bay yon egzanp. b) Ki sa k fè l bon pou moun ki konn gade pònografi yo chèche èd san pèdi tan?
16 Ansyen yo pi byen kalifye pou ede n. (Li Jak 5:13-15.) Gen yon jèn gason nan peyi Brezil ki te fè plizyè ane ap goumen kont move dezi. Men sa l fè konnen: “M te konnen panse m yo pa t fè Jewova plezi, men, m te twò wont pou m di lòt moun sa m santi.” Erezman gen yon ansyen nan kongregasyon an ki enterese nan byennèt li ki te vin kote l e ki te ankouraje l chèche èd. Men sa jèn gason an sonje: “M te sezi pou m wè jan ansyen yo te janti avè m, yo te pi janti e yo te pi byen konprann mwen pase sa m te espere. Yo te pran san yo pou yo koute m pandan m t ap esplike yo pwoblèm mwen yo. Yo te sèvi ak Bib la pou yo te fè m sonje jan Jewova renmen m e yo te priye avè m. Sa te fè l vin pi fasil pou m aksepte konsèy yo te ban m ki baze sou Bib la.” Men sa jèn gason sa a te di plizyè ane apre l te fin fè bonjan pwogrè nan domèn espirityèl: “M vin rann mwen kont jan l enpòtan pou m chèche èd olye m eseye pote chay la poukont mwen.”
17 Si se gade pònografi, yon abitid ki pa pwòp, ki ta pouse n gen kèlkeswa move dezi, li enpòtan pou n chèche èd. Plis nou pran tan pou n chèche èd se plis risk pou move dezi yo vin ‘nouri opwen pou yo bay peche’ a ap vin pi plis, sa ki ka fè lòt moun soufri epi l ka lage vèni sou non Jewova. Anvi nou genyen pou n fè Jewova plezi epi pou n kontinye rete nan kongregasyon kretyen an pouse anpil nan sèvitè Jewova yo aksepte èd avèk amou. — Jak 1:15; Sòm 141:5; Ebre 12:5, 6.
ANN PRAN DETÈMINASYON POU N RETE PWÒP!
18. Ki detèminasyon w pran?
18 Toutpandan monn Satan an kontinye ap degrengole nan domèn moral, se pa ti fyè Jewova dwe fyè lè l wè jan sèvitè l yo pran detèminasyon pou yo fè tout sa yo kapab pou yo kontinye kenbe panse yo pwòp epi pou yo soutni prensip moral li yo ki wo nivo! Kidonk, annou chak pran detèminasyon pou n rete pwòch ak Jewova epi pou n suiv direksyon l ap bay pa mwayen Pawòl li a ak kongregasyon kretyen an. Lè n rete pwòp sa ap fè n gen satisfaksyon e sa ap fè lespri n anpè depi kounye a (Sòm 119:5, 6). Alavni, apre yo fin detwi Satan, nou pral gen privilèj pou n viv pou toutan nan yon monn ki libere anba enfliyans Satan.