-
Poukisa Bondye pèmèt soufrans?Toudegad — 2014 | 1ye janvye
-
-
Sofya: Mèwi. “Sèpan se bèt ki te pi rize nan tout bèt raje Seyè a, Bondye a, te kreye. Li di fanm lan konsa: Eske Bondye te janm di piga nou manje [fwi] tout pyebwa ki nan jaden an? Fanm lan reponn sèpan an: Nou gen dwa manje [fwi] tout pyebwa ki nan jaden an. Men, kanta pou pyebwa ki nan mitan jaden an, Bondye di: Piga nou manje ladan l, piga nou manyen l menm. Sinon, n’ap mouri. Lè sa a, sèpan an di fanm lan: Se pa vre. Nou p’ap mouri kras. Bondye di nou sa paske li konnen jou nou manje ladan l, je nou va louvri. N’a vin tankou Bondye, n’a konn sa ki byen ak sa ki mal.”
-
-
Poukisa Bondye pèmèt soufrans?Toudegad — 2014 | 1ye janvye
-
-
Michèl: Trè byen. Nan pawòl Satan te di apre yo, li te lage yon gwo akizasyon sou do Bondye. Gade sa l te di: “Nou p’ap mouri kras.” Satan te fè Bondye pase pou yon moun k ap bay manti!
Sofya: Mwen pa t janm tande pati sa a nan istwa a.
Michèl: Lefètke Satan te fè Bondye pase pou yon moun k ap bay manti, li te tou soulve yon kesyon ki t ap mande tan pou yo reponn li. Èske w wè poukisa?
Sofya: Hmm. M pa fin wè poukisa.
Michèl: Bon, kite m pran yon egzanp pou m ede w konprann. Ann sipoze yon jou m ta vin kote w epi m ta di w mwen gen plis fòs pase w. Ki sa w t ap fè pou w montre sa m di a se manti?
Sofya: M panse nou ta dwe pase yon tès.
Michèl: Wi se sa. Petèt nou te ka chwazi yon bagay ki lou epi nou te ka chèche wè kiyès nan nou de a k ap ka leve l. Finalman, moun ki gen plis fòs la ap leve l san pwoblèm.
Sofya: M konprann pwen an.
Michèl: Men, kounye a, ann sipoze olye m di mwen gen plis fòs pase w, m ta di mwen pi onèt pase w. Pwoblèm sa a t ap pi difisil pou n rezoud, pa vre?
Sofya: Wi, m panse sa.
Michèl: Anfèt, nou pa ka pwouve yon moun onèt ak yon senp tès, menm jan nou sot fè pou n pwouve yon moun gen plis fòs pase yon lòt.
Sofya: Non, li pa posib.
Michèl: Kidonk, sèl fason pou n rezoud pwoblèm sa a se lè nou kite ase tan pase pou lòt moun ka wè fason nou chak aji e konsa yo ka vin wè kiyès nan nou de a ki pi onèt.
Sofya: Sa fè sans.
Michèl: Kounye a, gade istwa ki nan liv Jenèz la ankò. Èske Satan te di li gen plis fòs pase Bondye?
Sofya: Non.
Michèl: Si se sa Satan te di, Bondye te ka pwouve sa l te di a se manti byen rapid. Men olye de sa, Satan te di li pi onèt pase Bondye. Anfèt, li te di Èv ‘Bondye ba l manti, men li menm li di l laverite’.
Sofya: Se pa vre!
Michèl: Bondye gen sajès, li konnen pi bon fason pou l rezoud pwoblèm nan se kite pou l kite tan pase. Finalman, tout moun ap wè byen klè kiyès ki te di laverite e kiyès ki te bay manti.
-