Yewou te defann vrè adorasyon an
YEWOU te defann vrè adorasyon an. Pandan li t ap fè sa, li te montre li gen aksyon ak detèminasyon, li te aji san pèdi tan, li te zele e li te gen kran. Yewou te montre li gen yon seri kalite ki t ap bon pou nou genyen lakay nou.
Li te resevwa yon asiyasyon nan yon epòk kote nasyon Izrayèl la te nan yon move sitiyasyon. Peyi a te anba enfliyans Jezabèl, yon dam ki te mechan. Dam sa a te pèdi mari l ki te rele Ahab e se te manman Yeworam, wa ki t ap dirije peyi a. Li te ankouraje moun adore Baal toutpandan li t ap kraze vrè adorasyon an. Mete sou sa, li te touye pwofèt Bondye yo. Piske li t ap “fè maji” e li t ap “sèvi zidòl”, li te kòwonp moun yo (2 Wa 9:22; 1 Wa 18:4, 13). Jewova te mande pou yo detwi tout moun ki nan fanmi Ahab nèt, san wete Yeworam ak Jezabèl. Se Yewou ki te dwe pran devan nan misyon sa a.
Premye fwa Ekriti yo pale de Yewou, li te chita ak kèk ofisye nan lame Izrayèl la nan epòk Izrayèl t ap fè lagè ak Siryen yo nan Ramòt-Gileyad. Yewou te yon gwo ofisye nan lame Izrayèl la. Petèt menm se li ki te jeneral an chèf lame sa a. Pwofèt Elicha te voye youn nan pitit pwofèt yo al chwazi Yewou kòm wa epi fè l konnen fòk li touye tout gason ki nan fanmi Ahab, yon fanmi ki t ap adore fo dye. — 2 Wa 8:28; 9:1-10.
Lè lòt ofisye ki te avèk Yewou yo te mande l poukisa youn nan pitit pwofèt yo te vin vizite l, okòmansman, li pa t twò anvi ba yo rezon an. Men, lè l wè mesye yo pa lache l yon may, li di yo laverite. Depi lè sa a, li menm ak zanmi l yo te kòmanse ap fè konplo sou do Yeworam (2 Wa 9:11-14). Sandout gen moun ki te kòmanse gen pwoblèm ak fason fanmi wa a t ap dirije peyi a e ki te kòmanse gen pwoblèm tou ak Jezabèl ki te gen twòp pouvwa. Petèt yo te kòmanse ap reziste kont Jezabèl e kont fanmi wa a tou. Antouka, Yewou te reflechi anpil pou l wè ki sa ki t ap pi bon pou l fè pou l byen ranpli misyon l lan.
Wa Yeworam te blese nan yon batay e li t al Yizreyèl nan espwa li t ap geri. Yewou te konnen si l te vle reyisi nan misyon l lan, moun nan vil Yizreyèl yo pa t dwe konnen plan li te genyen an. Men sa li te di: “Pa kite pèsonn soti lavil Ramòt al bay nouvèl la lavil Jizreyèl.” (2 Wa 9:14, 15). Petèt li te santi moun ki te avèk Yeworam yo te kapab kanpe kont li. Yewou pa t vle pou sa rive.
LI KONDUI CHA L LA TANKOU YON MOUN KI FIN DECHENNEN!
Kòm Yewou te vle rive Yizreyèl san moun vil la pa t konnen, li te pati sou cha l la sot Ramòt-Gileyad pou l al Yizreyèl. Li te vwayaje 72 kilomèt. Pandan Yewou t ap fè prese pou l rive nan vil la, gen yon santinèl ki te wè l “ansanm ak yon bann moun” k ap vini (2 Wa 9:17). Sandout, kantite moun Yewou te pran avèk li yo te anpil paske sa t ap ba l garanti l ap reyisi nan misyon l lan.
Lè santinèl la te wè Yewou, yon gason vanyan, ki te sou youn nan charyo yo, li te di: “L’ap kouri cha lagè a tankou moun fou.” (2 Wa 9:20). Si Yewou te gen abitid kouri cha l la konsa, nou pa bezwen mande jan li t ap kouri cha l la tankou yon moun ki fin dechennen lè l t apral ranpli misyon sa a!
Lè de mesaje te vin pale ak Yewou, li pa t di yo anyen. Apre sa, li te rankontre ak wa Yeworam ki te ansanm ak Ahazya, wa Jida a. De mesye sa yo te fè yon alyans. Yo chak te sou charyo pa yo. Men sa Yeworam te mande Yewou: “Eske ou vin an zanmi?” Yewou reponn li: “Ki zanmi w’ap pale la a lè manman ou, Jezabèl, ap donnen pi rèd nan fè maji ak nan sèvi zidòl?” Lè Yeworam tande repons sa a, kè l kase e li kase tèt tounen pou l chape poul li. Men, Yewou te twò rapid pou misye. Li rale banza l e li lage yon flèch nan kè Yeworam. Lè sa a, wa a tonbe nan charyo l la epi l mouri. Byenke Ahazya te reyisi chape poul li, annapre Yewou fann dèyè l e li fè touye l. — 2 Wa 9:22-24, 27.
Lòt moun nan fanmi wa Ahab ki t apral pèdi lavi l se rèn Jezabèl. Yewou te byen fèt rele l “fanm madichon an”. Pandan Yewou ap antre nan vil Yizreyèl, li wè Jezabèl k ap gade l nan yon fenèt nan palè a. San l pa t nan pale anpil, li bay kèk moun ki t ap sèvi nan palè a lòd pou yo lage l anba nan fenèt la. Lapoula, Yewou fè cheval li a pile fanm sa a ki t ap kòwonp tout moun ann Izrayèl. Annapre, Yewou fè touye yon bann lòt moun nan fanmi wa Ahab, yon wa ki te mechan. — 2 Wa 9:30-34; 10:1-14.
Se vre vyolans pa bon, men nou bezwen konprann nan epòk sa a Jewova te konn sèvi ak sèvitè l yo pou l egzekite jijman l. Men sa Bib la di: “Se Bondye ki te fè Okozyas [Ahazya] al rann Joram vizit sa a pou l te ka kraze l. Rive Okozyas rive, li pati ansanm ak Joram al kontre Jeou, pitit gason Nimchi a, yon moun Bondye te chwazi pou disparèt tout fanmi Akab la.” (2 Kwo. 22:7). Pandan Yewou t ap retire kò Yeworam nan charyo a, li te rekonèt aksyon li te fè a te reyalize pwomès Jewova te fè pou l pini Ahab paske li te touye Nabòt. Mete sou sa, Bondye te bay Yewou lòd pou l “vanje san sèvitè [l] yo” ki te koule lè Jezabèl te fè touye yo. — 2 Wa 9:7, 25, 26, NW; 1 Wa 21:17-19.
Jodi a, sèvitè Jewova yo pa goumen ak moun ki opoze ak vrè adorasyon an jan Yewou te fè sa paske Bondye di ‘se nan men l vanjans ye’. (Ebre 10:30.) Sepandan, ansyen yo bezwen gen kouraj menm jan ak Yewou pou yo ka pwoteje kongregasyon an kont move enfliyans (1 Kor. 5:9-13). Mete sou sa, tout moun nan kongregasyon an bezwen gen detèminasyon pou yo pa pran kontak ak moun ki eskominye. — 2 Jan 9-11.
YEWOU PA T TOLERE POU ANYEN FÈ KONPETISYON AK JEWOVA
Nou kapab wè ki sa k te pouse Yewou akonpli misyon l te genyen an nan pawòl li te di Yewonadab yo, yon nonm ki te fidèl: “Ann al avè m e w ap wè jan m pa tolere pou anyen fè konpetisyon ak Jewova.” Yewonadab te aksepte envitasyon sa a, li monte nan charyo Yewou a, epi l al Samari avèk Yewou. Lè yo rive, Yewou “fè yon kou mètdam pou l te ka touye adoratè Baal yo”. — 2 Wa 10:15-17, 19, NW.
Yewou te fè konnen li gen entansyon fè “yon gwo sakrifis” pou Baal (2 Wa 10:18, 19, NW). Men sa yon biblis di: “Se yon fason entèlijan Yewou te itilize mo yo.” Byenke ekspresyon li te itilize a “vle di ‘sakrifis’ an jeneral, li te itilize l pou l pale de ‘masak’ sou aposta”. Piske Yewou pa t vle pou okenn adoratè Baal rate rasanbleman sa a, li te fè yo tout vini nan tanp Baal la e li te fè yo abiye yon fason ki t ap pèmèt yo rekonèt yo. “Fini Jeou fini boule bèt yo pou Baal”, li fè 80 sòlda masakre adoratè Baal yo. Apre sa, li fè kraze tanp Baal la rapyetè e li fè latrin nan anplasman tanp lan. Konsa, moun pa t ka adore Baal kote sa a ankò. — 2 Wa 10:20-27.
Se vre Yewou te fè anpil san koule, men, Bib la di li se yon moun ki te gen kran e ki te libere pèp Izrayèl anba men Jezabèl ak fanmi l ki t ap toupizi pèp la. Pou yon chèf ann Izrayèl te reyisi detwi Jezabèl ak fanmi l, fòk li te gen kran ak detèminasyon, e fòk li te zele. Men sa yon diksyonè biblik di: “Se yon misyon difisil ki te mande pou moun k ap egzekite l yo djanm anpil. Si yo te mou, yo te gendwa pa rive elimine adorasyon Baal la ann Izrayèl.”
Siman ou rann ou kont kretyen yo bezwen gen kèk nan kalite Yewou te genyen yo pou yo goumen ak lavi a jodi a. Pa egzanp, ki jan nou t ap reyaji si nou ta jwenn tantasyon pou nou fè bagay Jewova kondane? Nan yon sitiyasyon konsa, nou ta dwe aji vit, avèk kran e avèk detèminasyon. Antanke moun ki vwe tèt nou bay Jewova, nou pa dwe tolere pou anyen fè konpetisyon avè l.
VEYE POU W MACHE NAN LWA JEWOVA YO
Fen istwa sa a ban nou yon avètisman. Bib la di Yewou pa t sispann “sèvi estati lò an fòm towo bèf ki te lavil Betèl ak lavil Dann” nan (2 Wa 10:29). Ki jan yon moun ki te zele konsa pou vrè adorasyon an te fè vin tolere idolatri?
Yewou te gendwa panse pou wayòm Izrayèl la rete separe ak wayòm Jida a, li te nesesè pou chak wayòm sa yo gen relijyon pa yo. Se gendwa rezon sa a ki fè, menm jan ak kèk ansyen wa ann Izrayèl, li te sèvi ak adorasyon ti bèf la pou l eseye fè de wayòm sa yo rete divize. Sepandan, si se sa k te nan tèt li, sa t ap montre li te manke lafwa nan Jewova ki te fè l vin wa.
Jewova te felisite Yewou paske Yewou te ‘aji byen e li te fè sa ki dwat nan je l’. Sepandan, Yewou “pa t veye pou l mache nan lwa Jewova, Bondye Izrayèl la, ak tout kè l”. (2 Wa 10:30, 31, NW.) Lè nou sonje tout sa Yewou te fè, sa kapab fè nou sezi e sa ka fè nou mal pou li dèske li pa t kontinye mache nan lwa Jewova yo ak tout kè l. Men, nou ka aprann yon leson nan sa: Nou pa dwe janm pran relasyon nou genyen ak Jewova a alalejè. Nou bezwen fè efò chak jou pou nou fidèl ak Bondye. N ap rive fè sa si nou etidye Pawòl li a, si nou medite sou li e si nou priye Bondye, Papa nou ki nan syèl la, ak tout kè nou. Kidonk, annou veye pou nou kontinye mache nan lwa Jewova yo ak tout kè nou. — 1 Kor. 10:12.
[Kare nan paj 4]
Ki sa listwa di sou Yewou?
Souvan, gen moun k ap fè kòmantè sou Bib la ki konn mande tèt yo si moun yo pale de yo nan Bib la te egziste toutbonvre. Apa de Bib la, èske gen lòt dokiman ki montre Yewou te egziste?
Gen omwen twa dokiman yo dekouvri nan ansyen Asiri ki nonmen non wa sa a ki t ap dirije Izrayèl nan tan lontan. Youn nan dokiman sa yo pale de Yewou, oswa de yon moun li te voye, k ap rann Salmanasa lll, yon wa asiryen, omaj e k ap peye l enpo. Pawòl ki ekri nan dokiman an di: “Enpo Yewou (Ia-ú-a), pitit Omri (Hu-um-ri); mwen resevwa ajan, lò ak yon bòl (saplu) annò nan men l, yon veso ki pwenti pa anba, yon koup annò ki pa gen pye, kèk bokit annò, yon veso an metal, yon baton pou wa ak yon puruhtu an bwa [yo pa konnen ki sa mo puruhtu a vle di].” Yewou pa t “pitit Omri” toutbon. Yo te itilize ekspresyon sa a pou yo pale de tout moun ki te vin wa ann Izrayèl, siman paske Omri te selèb e paske li te bati Samari, kapital Izrayèl la.
Wa Asiryen an di Yewou te peye l enpo, men nou pa konnen si se vre. Sepandan, li nonmen non Yewou twa fwa, yon fwa sou yon moniman, yon fwa sou yon estati Salmanasa e yon lòt fwa nan dokiman istorik wa Asiryen yo. Referans sa yo fè nou pa gen dout Yewou, yon moun yo pale de li nan Bib la, te egziste toutbonvre.