BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • “Se pa ti anvi w ap anvi wè travay ou fè!”
    Toudegad — 2011 | 1ye avril
    • Imajine sitiyasyon an. Jòb, yon moun ki gen yon lafwa estrawòdinè, ap fè fas ak yon gwo eprèv. Li pèdi tout sa l posede, tout pitit li yo li renmen anpil mouri e anmenmtan l ap soufri ak yon gwo maladi. Se nan tout tribilasyon sa yo, Jòb te sipliye Bondye konsa: “O! Si w ta kache m nan cheyòl [tonm kote tout moun ki mouri ale]!” ​(Vèsè 13, NW). Pou Jòb, Cheyòl la t ap fè l sispann soufri e Bondye t ap sere l tankou yon trezò kote sa a. Konsa, Jòb t ap libere anba traka ak soufransa.

      Èske Jòb t ap rete nan Cheyòl pou toutan? Non, Jòb pa t kwè sa, paske li te kontinye priye pou l di: “O! [...] Si w ta fikse yon delè pou mwen pou w sonje m!” Jòb te gen yon konfyans total se pou yon ti tan li t ap rete nan Cheyòl e Jewova pa t ap bliye l. Jòb te konpare tan li t ap gen pou l pase nan Cheyòl la ak yon “kòve”, e li te konnen li t apral oblije ret tann pandan tan sa a. Pou konbyen tan li t ap oblije ret tann? Men sa l te di: “Jiskaske liberasyon m rive.” ​(Vèsè 14, NW). Liberasyon sa a t ap vini lè li soti nan Cheyòl, sa vle di lè Bondye resisite l.

  • “Se pa ti anvi w ap anvi wè travay ou fè!”
    Toudegad — 2011 | 1ye avril
    • a Selon yon liv, ekspresyon “kache m” Jòb te itilize a bay sans “mete [m] yon kote an sekirite tankou yon bagay ki gen anpil valè”. Gen yon lòt liv ki di ekspresyon sa a bay sans: “Sere m tankou yon trezò.”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje