BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Kreyasyon an ap pwoklame glwa Bondye
    Toudegad — 2004 | 1ye jen
    • 7 Sepandan, fòk yon moun gen disènman pou l tande temwayaj sa a. “ Pa gen langaj, e pa gen pawòl, ou pa tande okenn vwa lakay yo. ” Toutfwa, temwayaj an silans sa a syèl la ap bay la se yon temwayaj pisan. “ Sou tout tè a kòd pou l mezire a soti, e jis nan dènye bout tè k ap pwodui a, pawòl li rive. ” ​(Sòm 19:3, 4). Se kòmsi syèl la voye yon ‘ kòd pou mezire ’ pou l asire l temwayaj an silans l ap bay la rive nan tout ti kwen sou tè a.

      8, 9. Site kèk enfòmasyon estrawòdinè konsènan solèy la.

      8 Apre sa, David dekri lòt mèvèy ki gen nan kreyasyon Jewova a. Men sa l di : “ Ladan l [nan syèl la], li monte yon tant pou solèy la, e li menm, li tankou yon lemarye k ap soti nan chanm maryaj li. L ap rejwi tankou yon nonm pisan k ap kouri nan yon wout. Li soti nan yon bout nan syèl la, e l al fini tou a nan lòt bout la. E pa gen anyen ki kache devan chalè l. ” — Sòm 19:4-6.

  • Kreyasyon an ap pwoklame glwa Bondye
    Toudegad — 2004 | 1ye jen
    • 10. a) Nan ki sans solèy la antre soti nan “ tant ” li ? b) Ki jan solèy la kouri tankou “ yon nonm pisan ” ?

      10 Salmis la pale de solèy la nan yon langaj senbolik. Li prezante l tankou “ yon nonm pisan ” k ap kouri sot nan yon orizon al nan yon lòt pandan lajounen, epi lannuit, li antre anba “ yon tant ” al repoze l. Lè etwal pisan sa a plonje nan orizon an, pou yon moun ki sou tè a k ap gade, se tankou li antre anba “ yon tant ” al repoze l. Epi nan maten, se kòmsi li reparèt yon sèl kou, li briye, “ tankou yon lemarye k ap soti nan chanm maryaj li ”. Antanke bèje, David konn sa yo rele bonjan fredi lannuit (Jenèz 31:40). Li sonje kòman reyon solèy la konn chofe ni li menm ni peyi kote l ye a byen rapid. Donk, solèy la pa faya akoz “ vwayaj ” li fè chak jou soti nan lès al nan lwès, men li pare, tankou “ yon nonm pisan ”, pou l refè vwayaj la.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje