Se pou nou apresye Jezi ki Gran David la e Gran Salomon an
“ Gade, gen yon bagay ki plis pase Salomon isit la. ” — MAT. 12:42, NW.
1, 2. Nan je lèzòm, poukisa sa te etonan lefètke se David Jewova te mande Samyèl pou l wenn kòm wa ?
DAVID pa t sanble ak yon wa. Pou pwofèt Samyèl, li te senpleman yon jèn ti bèje. Anplis, Betleyèm, peyi l, pa t gen anpil enpòtans. Yo dekri vil sa a kòm “ yonn nan [vil ki] pi piti nan tout lavil peyi Jida yo ”. (Mika 5:2.) Sepandan, se jenòm sa a ki te parèt pa gen anpil enpòtans lan e ki te soti nan yon ti vil toupiti pwofèt Samyèl t apral wenn pou l vin wa nan peyi Izrayèl.
2 Se pa t David an premye Jese, papa l, te prezante Samyèl pou l wenn li, ni se pa t li li te prezante an dezyèm oswa an twazyèm. David se te dènye nan uit pitit gason Jese yo, e li pa t menm la lè Samyèl te vin lakay Jese, yon nonm fidèl, pou l wenn youn nan pitit gason l yo kòm moun ki t apral vin wa peyi a. Men, sa ki enpòtan, sèke se Jewova ki te chwazi David. — 1 Sam. 16:1-10.
3. a) Ki sa ki pi enpòtan pou Jewova lè l ap egzamine yon moun ? b) Nan moman yo te wenn David la, ki sa ki te desann sou li ?
3 Jewova te wè sa Samyèl pa t ka wè. Li te konnen kondisyon kè David, e sa l te wè nan kè l te fè l plezi. Se pa aparans yon moun ki enpòtan pou Bondye, men se sa moun nan ye nan fon kè l toutbonvre. (Li 1 Samyèl 16:7.) Se sa k fè lè Samyèl te wè Jewova pa t chwazi okenn nan sèt pi gran gason Jese yo, li te mande pou y al chèche pi piti a ki t ap bay bèt manje. Men sa istwa a rakonte : “ Se konsa [Jese] voye chache [David]. Yo mennen l vini. Se te yon jenn gason ak bèl ti je, cheve l te yon ti koulè kannèl, li te gen bèl figi. Senyè a di Samyèl : Men li ! Kanpe non, vide lwil sou tèt li. Samyèl pran ti poban lwil la, li vide l sou tèt David, la devan tout frè li yo. Lamenm Lespri Senyè a desann sou David. Depi jou sa a, li pat janm kite l. ” — 1 Sam. 16:12, 13.
David te jwe wòl ki bay yon apèsi sou wòl Kris jwe
4, 5. a) Bay kèk resanblans ki genyen ant David ak Jezi. b) Poukisa nou ka rele Jezi Gran David la ?
4 Menm jan ak David, Jezi te fèt Betleyèm, anviwon 1 100 an apre nesans David. Nan je anpil moun, Jezi tou pa t sanble yon wa. Sa vle di, li pa t sanble ak wa anpil moun ann Izrayèl t ap tann nan. Epoutan, se li menm Jewova te chwazi, menm jan ak David. E menm jan ak David, Jewova te renmen l anpila (Lik 3:22). ‘ Lespri Senyè a te desann sou ’ Jezi tou.
5 Gen lòt resanblans ant yo de a ankò. Pa egzanp, David te gen yon konseye l, Ayitofèl, ki te trayi l, e Jezi tou te gen youn nan apot li yo, Jida Iskaryòt, ki te trayi l (Sòm 41:9 ; Jan 13:18). Ni David ni Jezi te tèlman renmen kote moun ap bay Jewova adorasyon an, lanmou sa a te tankou yon dife k ap boule anndan yo (Sòm 27:4 ; 69:9 ; Jan 2:17). Anplis, Jezi se eritye David. Anvan Jezi te fèt, gen yon zanj ki te di manman l pawòl sa yo : “ Mèt la, Bondye nou, va fè l wa tankou David, gran granpapa li. ” (Lik 1:32 ; Mat. 1:1). Men, piske tout pwofesi ki te konsène Mesi a ap reyalize sou Jezi, Jezi jwe yon wòl ki pi enpòtan lontan pase David. Li se Gran David la, Wa e Mesi moun t ap tann depi lontan an. — Jan 7:42.
Annou suiv Wa nou an ki se yon Bèje
6. Sa k fè David te yon bon bèje ?
6 Jezi se yon bèje tou. Sa k fè yon bèje se yon bon bèje ? Se paske li fidèl nan pran swen mouton l yo e li fè sa ak kouraj, li nouri yo e li veye sou yo (Sòm 23:2-4). Lè David te jèn, li te yon bèje. Li te byen pran swen mouton papa l yo. Li te aji avèk kouraj lè twoupo a te menase. Li te riske lavi l pou l pwoteje mouton yo kont yon lyon ak yon lous. — 1 Sam. 17:34, 35.
7. a) Ki sa ki te prepare David pou l vin wa ? b) Ki jan Jezi te montre li se ekselan Bèje a ?
7 Ane David te pase nan savann ak nan mòn ap pran swen mouton yo te prepare l pou responsablite ak travay difisil li t apral genyen, sètadi pran swen nasyon Izrayèl lab (Sòm 78:70, 71). Jezi tou te montre li se yon bon bèje. Jewova ba l fòs e li gide l pou l pran swen ni “ ti twoupo ” a ni “ lòt mouton ” yo (Lik 12:32, Bib Kreyòl La ; Jan 10:16). Donk, Jezi se ekselan Bèje a. Li tèlman konnen mouton l yo byen, li rele yo chak nan non yo. Li tèlman renmen yo, lè l te sou tè a li te dispoze bay tout enèji l pou byen yo (Jan 10:3, 11, 14, 15). Antanke ekselan Bèje a, Jezi te akonpli yon bagay David pa t ap janm ka akonpli. Sakrifis li te bay kòm ranson an fè li posib pou lèzòm jwenn delivrans anba lanmò. Pa gen anyen ki kapab anpeche l bay “ ti twoupo ” a lavi imòtèl nan syèl la ni pou l bay “ lòt mouton ” yo lavi etènèl sou tè a nan yon monn nouvo kote lajistis pral abite e kote pap gen mechan ki tankou bèt sovaj pou atake yo. — Li Jan 10:27-29.
Annou suiv Wa ki ranpòte laviktwa a
8. Ki jan David te fè vin yon wa ki te ranpòte anpil viktwa ?
8 Antanke wa, David te yon gèrye ki gen kran, ki te pwoteje peyi pèp Bondye a te resevwa a. Bib la di “ Senyè a te fè David genyen tout batay kote l pase ”. Lè David t ap dirije nasyon an, fwontyè yo te etann yo depi rivyè Ejip rive rivyè Efrat (2 Sam. 8:1-14). Avèk èd Jewova, David te vin yon dirijan pisan. Bib la di : “ Toupatou yo t’ap nonmen non wa David. Senyè a te fè tout nasyon yo pè li. ” — 1 Kwo. 14:17.
9. Esplike ki jan Jezi, Wa Bondye chwazi a, te pote laviktwa.
9 Menm jan ak wa David, Jezi te gen kran. Antanke Wa Bondye chwazi, li te montre li gen pouvwa sou demon yo lè l te libere moun anba pouvwa yo (Mak 5:2, 6-13 ; Lik 4:36). Menm Satan Ledyab, pi gwo ènmi an, pa gen pouvwa sou li. Avèk èd Jewova, Jezi te venk monn nan ki anba pouvwa Satan. — Jan 14:30 ; 16:33 ; 1 Jan 5:19.
10, 11. Ki sa Jezi ap fè antanke Gèrye e antanke Wa nan syèl la ?
10 Anviwon 60 an apre lanmò Jezi e apre rezirèksyon l pou l al nan syèl la, apot Jan te resevwa yon vizyon pwofetik kote li te wè Jezi nan syèl la antanke Wa e antanke Gèrye . Men sa Jan ekri : “ Gade! [Mwen wè] yon cheval blan, e moun ki chita sou li a gen yon banza nan men l, e yo ba li yon kouwòn, e li derape pou l pote laviktwa e pou l fin ranpòte laviktwa nèt. ” (Rev. 6:2, NW). Moun ki sou cheval blan an se Jezi. An 1914, li te resevwa “ yon kouwòn ” lè yo te mete l Wa nan Wayòm nan nan syèl la. Apre sa, “ li derape ” pou l “ pote laviktwa ”. Wi, menm jan ak David, Jezi se yon wa ki soti pou l pote laviktwa. Yon ti tan apre Jewova te fin mete Jezi Wa nan Wayòm Li an, Jezi te batay ak Satan, li te venk Satan e li te pimpe l sou tè a ansanm ak tout demon l yo (Rev. 12:7-9). L ap kontinye pote laviktwa jiskaske li “ fin ranpòte laviktwa nèt ”, sètadi jiskaske li fin detwi Satan nèt ak tout sistèm li an ki mechan. — Li Revelasyon 19:11, 19-21.
11 Sepandan, Jezi se yon wa ki gen konpasyon, menm jan ak David. Se sa k fè l ap pwoteje “ gwo foul moun ” nan nan batay Amagedòn (Rev. 7:9, 14). Ansuit, pandan Jezi ak moun ki eritye ansanm avèk li yo, 144 000 yo, ap dirije tè a, “ pral gen yon rezirèksyon ni pou moun ki jis ni pou moun ki enjis ”. (Tra. 24:15, NW.) Moun ki pral resisite sou tè a ap gen posiblite pou yo viv sou li pou toutan. Ala yon bèl avni k ap tann yo ! Annou tout pran detèminasyon pou nou kontinye “ fè sa ki byen ”, yon fason pou nou ka la lè tè a pral ranpli ak moun ki jis, k ap kontan soumèt yo anba dominasyon Gran David la. — Sòm 37:27-29.
Priyè Salomon te fè pou l mande sajès la te egzose
12. Pou ki bagay Salomon te priye ?
12 Salomon, pitit David la, li menm tou te jwe wòl ki bay yon apèsi sou wòl Jezi jwec. Lè li te vin wa, li te fè yon rèv kote Jewova te di l l ap ba l nenpòt sa li mande. Salomon te kapab mande pou l gen plis richès, plis pouvwa oswa pou l viv lontan. Olye de sa, men sa li te mande Jewova ki te montre li pa t egoyis : “ Ban mwen konesans ak bon konprann pou m ka gouvènen pèp sa a. Si se pa sa, mwen pa wè ki jan m’a fè pou m gouvènen pèp ou a ak tout moun sa yo ladan l. ” (2 Kwo. 1:7-10). Jewova te reponn priyè Salomon te fè a. — Li 2 Kwonik 1:11, 12.
13. Poukisa nou kapab di Salomon te gen yon sajès pèsonn lòt moun pa t genyen, e ki kote sajès li a te soti ?
13 Toutotan Salomon te kenbe fidelite l devan Jewova, li te gen yon sajès pèsonn lòt moun pa t genyen nan epòk li a. Salomon te konn “ twamil [...] pwovèb ”. (1 Wa 4:30, 32, 34.) Li te ekri anpil nan yo, e jiska prezan, moun k ap chèche sajès renmen yo. Rèn Cheba te vwayaje anviwon 2 400 kilomèt pou l te ka teste sajès Salomon ak yon seri “ kesyon difisil ”. Sa Salomon te di l yo ak richès wayòm Salomon an te enpresyone l anpil (1 Wa 10:1-9). Bib la montre ki kote sajès Salomon an te soti lè l di : “ Tout moun toupatou te vle vin wè l pou tande pawòl [sajès] Bondye te mete nan bouch li. ”—1 Wa 10:24.
Annou suiv Wa ki saj la
14. Nan ki sans Jezi se yon moun “ ki plis pase Salomon ” ?
14 Se yon sèl moun ki te gen plis sajès pase Salomon, se te Jezi Kris. Li te pale de tèt li kòm moun “ ki plis pase Salomon ” an (Mat. 12:42). Jezi te pale pawòl “ k’ap bay lavi ki pap janm fini an ”. (Jan 6:68.) Pa egzanp, Sèmon sou montay la etann aplikasyon prensip ki gen nan kèk nan pwovèb Salomon yo. Salomon te pale de yon seri bagay ki ka bay sèvitè Jewova yo kè kontan (Pwo. 3:13 ; 8:32, 33 ; 14:21 ; 16:20). Jezi te montre aklè yon moun ka jwenn vrè kè kontan an lè li adore Jewova e lè li wè pwomès li yo ap akonpli. Men sa li te di : “ Byennere moun ki konsyan yo pòv espirityèlman, piske wayòm syèl la se pou yo. ” (Mat. 5:3, NW). Moun ki suiv prensip ki nan ansèyman Jezi yo vin pi pwòch Jewova, “ sous lavi a ”. (Sòm 36:9 ; Pwo. 22:11 ; Mat. 5:8.) Kris reprezante “ sajès Bondye ”. (1 Kor. 1:24, 30, NW) Antanke Wa e antanke Mesi a, Jezi Kris gen “ lespri sajès ” la sou li. — Iza. 11:2, NW.
15. Ki jan nou ka tire pwofi nan sajès Bondye bay ?
15 Antanke disip Gran Salomon an, ki jan nou kapab benefisye sajès Bondye bay ? Lefètke sajès Bondye parèt nan Pawòl li, nou bezwen fè sa nou kapab pou nou jwenn sajès sa a lè nou pran san nou pou nou etidye Bib la, sitou pawòl Jezi yo, e lè nou medite sou sa nou aprann yo (Pwo. 2:1-5). Anplis, nou bezwen kontinye mande Bondye sajès. Pawòl li a ban nou asirans si nou priye l ak tout kè nou pou nou mande l èd li, l ap ede nou (Jak. 1:5). Avèk èd lespri sen Bondye, n ap kapab jwenn sajès ki gen nan Pawòl li a k ap ede nou fè fas ak difikilte nou jwenn e k ap ede nou pran bon desizyon (Lik 11:13). Yo te konn rele Salomon “ rasanblè a ” e li te “ kontinye anseye pèp la konesans ”. (Ekl. 12:9, 10, NW.) Antanke Chèf kongregasyon an, Jezi tou ap rasanble pèp li a (Jan 10:16 ; Kol. 1:18). Donk, nou fè byen lè nou asiste reyinyon ki fèt nan kongregasyon an, kote nou ‘ kontinye ap jwenn bon ansèyman ’.
16. Ki resanblans ki genyen ant Salomon ak Jezi ?
16 Salomon te yon wa ki te akonpli anpil bagay. Li te òganize yon pwogram konstriksyon nan tout nasyon an. Li te sipèvize konstriksyon palè, wout, sistèm pou distribye dlo, vil pou fè depo, vil pou met charyo ak vil pou kavalye li yo (1 Wa 9:17-19). Tout wayòm nan te tire pwofi nan konstriksyon li te fè yo. Jezi tou fè konstriksyon. Li bati kongregasyon an sou “ wòch ” la (Mat. 16:18). Se li menm tou ki pral sipèvize travay konstriksyon ki pral fèt nan monn nouvo a. — Iza. 65:21, 22.
Annou suiv Wa ki bay lapè a
17. a) Site yon bon bagay nasyon Izrayèl la te jwenn lè Salomon t ap dirije l. b) Ki sa Salomon pa t ka rive fè ?
17 Non Salomon an soti nan yon mo ki vle di “ lapè ”. Lè wa Salomon t ap dirije peyi a, li te abite Jerizalèm. Non vil sa a vle di “ ki gen de pòsyon lapè ”. Li te pase 40 an ap dirije, e pandan tan sa a, nasyon an t ap viv nan lapè, yon lapè li pa t janm genyen anvan sa. Men sa Labib di konsènan ane sa yo : “ Pandan tout rèy Salomon jouk li mouri, moun peyi Izrayèl yo ak moun peyi Jida yo t’ap viv ak kè poze, san danje ni malè, chak fanmi nan lakou yo ak ti jaden rezen yo anba pye fig frans yo. ” (1 Wa 4:25). Sepandan, malgre Salomon te saj anpil, li pa t ka libere moun li t ap dirije yo anba maladi, peche ak lanmò. Gran Salomon an, bò kote pa l, pral libere moun l ap dirije yo anba tout bagay sa yo. — Li Women 8:19-21.
18. Ki benediksyon nou jwenn nan kongregasyon an ?
18 Jodi a, nou gen lapè nan kongregasyon an. Vrèmanvre, nou nan yon paradi espirityèl. Nou anpè ak Bondye e ak pwochen nou. Remake ki sa Izayi te pwofetize konsènan paradi espirityèl nou ladan l nan : “ Y’a pran mato, y’a fè zam yo tounen zouti pou travay tè. Y’a fè nepe yo tounen kouto digo. Nasyon yo p’ap fè lagè yonn ak lòt ankò. Yo p’ap janm aprann fè lagè ankò. ” (Iza. 2:3, 4). Lè nou aji ann amoni ak lespri sen Bondye, nou kontribye pou paradi espirityèl nou an vin pi bèl.
19, 20. Ki rezon nou genyen pou kè nou kontan ?
19 Sepandan, bagay yo ap pi bon alavni. Anba dominasyon Jezi a, lèzòm obeyisan pral gen yon lapè yo pa t janm genyen anvan, e ofiramezi, yo pral “ libere anba esklavaj yon kò k ap depafini ” jiskaske yo rive atenn lapèfeksyon (Wom. 8:21, NW). Apre yo fin pase tès final la nan fen Rèy mil an,“ moun ki enb yo yo menm, yo pral posede tè a. E vrèmanvre, yo pral pran tout plezi yo nan abondans lapè ”. (Sòm 37:11, NW ; Rev. 20:7-10). Dominasyon Kris la pral vrèman depase dominasyon Salomon an yon fason nou pa ka imajine !
20 Pèp Izrayèl la te rejwi nan epòk Moyiz, nan epòk David ak nan epòk Salomon t ap dirije l, men, nou pral rejwi plis toujou anba dominasyon Kris la (1 Wa 8:66). Sa posib lefètke Jewova te bay sèl Pitit li fè a pou nou, sètadi Gran Moyiz la, Gran David la e Gran Salomon an.
[Nòt anba paj]
a Petèt, non David la vle di “ byenneme ”. Nan moman Jezi t ap batize a ak nan moman li te transfigire a, detan nan syèl la, Jewova te rele l “ Pitit Gason m, byenneme a ”. — Mat. 3:17 ; 17:5, NW.
b Anmenmtan, David te vin tankou yon timouton ki gen konfyans nan bèje l. Li te konte sou Gran Bèje a, Jewova, pou l jwenn pwoteksyon ak direksyon. Li te di avèk yon konfyans total : “ Senyè a se gadò mwen, mwen p’ap janm manke anyen. ” (Sòm. 23:1). Jan Batis te di se Jezi ki “ ti mouton Bondye a ”. — Jan 1:29.
c Li enteresan pou nou note Salomon te gen yon lòt non : Jedidya. Non sa a vle di “ Byenneme Jewova a ”. — 2 Sam. 12:24, 25.
Èske w ka esplike ?
• Sa k fè Jezi se Gran David la ?
• Sa k fè Jezi se Gran Salomon an ?
• Ki sa w apresye nan Gran David la ki anmenmtan se Gran Salomon an ?
[Foto nan paj 31]
Sajès Bondye te bay Salomon an se te yon egzanp pou montre sajès Gran Salomon an genyen.
[Foto nan paj 32]
Rèy Jezi a ap depase ni rèy Salomon an ni rèy David la yon fason nou pa ka imajine !