Jewova se kay kote n abite
“O Jewova, jenerasyon apre jenerasyon, ou montre w se yon bon kote pou nou abite.” — SÒM 90:1, NW.
1, 2. Kòman sèvitè Bondye yo santi yo nan sistèm ki la kounye a, e nan ki sans yo gen yon kay?
ÈSKE W santi w lakay ou nan monn sa a? Si se non, konnen se pa ou menm sèl! Depi byen lontan, tout moun ki renmen Jewova toutbonvre yo te santi yo tankou moun ki depasaj oswa etranje nan sistèm ki la kounye a. Pa egzanp, toutpandan adoratè fidèl Bondye yo t ap deplase sot yon kote al yon lòt kote nan peyi Kanaran, yo te “deklare aklè yo se etranje e yo se moun ki depasaj”. — Ebre 11:13.
2 Nan menm sans lan, disip Kris Bondye chwazi pou al nan syèl la, sa vle di moun “sitwayènte pa [yo] se nan syèl li ye” a, yo menm tou yo konsidere tèt yo “antanke etranje e antanke moun ki depasaj” nan sistèm ki la kounye a (Fil. 3:20; 1 Pyè 2:11). “Lòt mouton” Kris yo tou “pa fè pati monn nan, menm jan [Jezi pa t] fè pati monn nan”. (Jan 10:16; 17:16.) Sepandan, pèp Bondye a pa tankou moun ki pa gen “kay” pou yo abite. Anfèt, nou jwenn pwoteksyon nan kay ki gen plis sekirite e ki gen plis lanmou yon moun ta kapab imajine a, yon kay moun ka wè sèlman ak je lafwa. Men sa Moyiz te ekri: “O Jewova, jenerasyon apre jenerasyon, ou montre w se yon bon kote pou nou abite.” (Sòm 90:1, NW)a. Ki fason Jewova te montre l se “yon bon kote pou [moun] abite” pou sèvitè fidèl li yo ki t ap viv nan tan lontan? Ki fason li se “yon bon kote pou [moun] abite” pou pèp ki pote non l lan jodi a? E kòman l pral montre li se sèl kay k ap bay pwoteksyon an alavni?
JEWOVA TE “YON BON KOTE POU [MOUN] ABITE” POU SÈVITÈ NAN TAN LONTAN YO
3. Ki sijè, ki imaj, e ki resanblans nou jwenn nan Sòm 90:1 an?
3 Menm jan ak anpil mo ki dekri yon imaj nan Bib la, Sòm 90:1 an gen yon sijè, yon imaj ak yon resanblans. Sijè a se Jewova. Imaj la se yon kote pou moun abite oswa yon kay. Jewova gen anpil bagay lakay li ki fè l sanble ak kote sa a. Pa egzanp, Jewova bay pèp li a pwoteksyon. Sa byen tonbe, paske li se lanmou an pèsonn toutbonvre (1 Jan 4:8). Li se Bondye lapè a, Bondye ki fè moun ki fidèl avè l yo “abite an sekirite”. (Sòm 4:8, NW.) Pa egzanp, ann konsidere fason l te konn aji ak patriyach fidèl yo. N ap kòmanse ak Abraram.
4, 5. Ki fason Bondye te montre l se “yon bon kote pou [moun] abite” pou Abraram?
4 Nou kapab sèlman imajine kòman Abraram, ki te rele Abram anvan sa, te santi l lè Jewova te di l: “Pati, kite peyi ou la. Kite tout fanmi ou [...], ale nan peyi m’a moutre ou la.” Pa gen dout nan sa, si Abraram te santi l enkyè pou kèlkeswa bagay la, pawòl Jewova te di l annapre yo te efase enkyetid sa a. Jewova te di l: “M’ap ba ou anpil pitit pitit. Y’a tounen yon gwo nasyon. M’a beni ou. Y’a nonmen non ou toupatou [...] M’ap voye benediksyon mwen sou tout moun ki va mande benediksyon pou ou. Men, m’ap madichonnen tout moun ki va ba ou madichon.” — Jen. 12:1-3.
5 Pawòl sa yo Jewova te di Abraram nan montre Jewova t ap fè tèt li tounen yon kote pou Abraram ansanm ak desandan l yo abite an sekirite (Jen. 26:1-6). Jewova te akonpli pwomès li te fè Abraram nan. Pa egzanp, li te anpeche Farawon, wa Ejip la, ansanm ak Abimelèk, wa yon vil ki te rele Gera, vyole Sara, e l te anpeche yo touye Abraram. Li te pwoteje Izarak ak Rebeka menm jan an tou (Jen. 12:14-20; 20:1-14; 26:6-11). Men sa nou li nan Bib la: “[Jewova] pa t kite pèsonn maltrete yo. Li te menm rive pini anpil wa poutèt yo. Li te di: Piga nou manyen moun mwen chwazi yo. Piga nou fè pwofèt mwen yo anyen.” — Sòm 105:14, 15.
6. Ki sa Izarak te di Jakòb pou l fè, e ki jan Jakòb te petèt santi l?
6 Jakòb, pitit pitit Abraram nan te fè pati pwofèt sa yo. Men ki sa Izarak, papa Jakòb, te di l lè moman an te rive pou Jakòb te chwazi yon madanm: “Piga ou pran fi peyi Kanaran an pou madanm ou. Leve non, ale Mezopotami lakay Betwèl, papa manman ou. W’a pran yonn nan piti fi Laban yo pou madanm.” (Jen. 28:1, 2). Jakòb te obeyi Izarak san pèdi tan. Li te kite sekirite l te jwenn nan fanmi kote l t ap viv Kanaran an, pou l te fè yon vwayaj nan yon distans plizyè milye kilomèt, poukont li, pou l al Aràn (Jen. 28:10). Petèt li te ka ap mande tèt li: ‘Konbyen tan m pral fè deyò? Èske tonton m ap kontan wè m epi l ap ban m yon madanm ki gen lakrentif pou Bondye?’ Pa gen dout nan sa, si Jakòb te gen enkyetid sa yo, yo tout te efase lè l te rive Louz, yon vil ki te nan yon distans 100 kilomèt toupre Beyècheba. Ki sa k te pase Louz?
7. Ki asirans Jewova te bay Jakòb nan yon rèv?
7 Lè Jakòb rive Louz, Jewova parèt devan l nan yon rèv epi l di l: “M’ap toujou la avèk ou, m’ap voye je sou ou kote ou pase. M’ap fè ou tounen nan peyi sa a, paske mwen p’ap lage ou san m pa fè tout sa mwen sot di ou la a.” (Jen. 28:15). Se pa ti asirans ak rekonfò pawòl sa yo dwe te bay Jakòb! Èske w ka imajine Jakòb k ap mache sou wout la, l ap tann avèk enpasyans pou l wè kòman Bondye pral reyalize pawòl li? Si w te kite kay ou, petèt pou w al sèvi nan yon peyi etranje, ou ka konprann tout santiman ki t ap travèse Jakòb. Sepandan, se sèten ou te wè prèv ki montre Jewova ap pran swen w.
8, 9. Ki fason Jewova te montre l se “yon bon kote pou [moun] abite” pou Jakòb, e ki sa n ka aprann nan sa?
8 Lè Jakòb rive Aràn, Labàn, tonton l, te byen akeyi l, e annapre li te ba l Leya ak Rachèl pou madanm. Sepandan, kèk tan apre sa, Labàn te eseye eksplwate Jakòb lè l te chanje pawòl 10 fwa lè lè a rive pou l peye l (Jen. 31:41, 42). Aktout sa, Jakòb te andire tout enjistis sa yo paske l te gen konfyans Jewova t ap kontinye pran swen l. E se sa menm Jewova te fè! Vrèmanvre, lè Bondye te mande Jakòb pou l retounen Kanaran, patriyach la te posede “anpil bèt”, e “kanta pou sèvant, domestik, chamo ak bourik, li pa t manke sa”. (Jen. 30:43.) Jakòb te tèlman apresye sa Jewova te fè pou li a, li te priye konsa: “Mwen menm k’ap sèvi ou la, mwen pa wè poukisa ou fè m tout favè sa yo, poukisa ou toujou kenbe pawòl ou avè m. Lè m t’ap travèse larivyè Jouden, se annik yon baton mwen te gen nan men m. Kounyeya m’ap tounen, mwen tèlman genyen, mwen ka separe yo fè de pòsyon.” — Jen. 32:10.
9 Vrèmanvre, pawòl Moyiz te di yo nan yon priyè l te fè se laverite! Men sa l te di: “O Jewova, jenerasyon apre jenerasyon, ou montre w se yon bon kote pou nou abite.” (Sòm 90:1, NW). Pawòl sa yo aplikab tou jodi a, paske Jewova, sila a “ki pa chanje, kontrèman ak lonbray k ap chanje pozisyon” an, kontinye montre l se yon kote pou moun abite an sekirite pou sèvitè fidèl li yo (Jak 1:17). Annou wè kòman.
JEWOVA SE “YON BON KOTE POU NOU ABITE” JODI A
10. Poukisa nou kapab gen asirans Jewova kontinye tounen yon kote pou moun abite an sekirite pou sèvitè l yo?
10 Ann pran yon egzanp. Imajine w ap temwaye devan tribinal kont yon òganizasyon kriminèl k ap opere sou tout kò tè a. Chèf òganizasyon an se yon moun ki entèlijan anpil, li gen anpil pouvwa, li konn bay manti epi l se yon asasen. Ki jan w t ap santi w lè w kanpe deyò tribinal la nan fen jounen an? Èske w t ap santi w an sekirite? Li difisil! Se sèten, ou t ap gen bon rezon pou w mande pwoteksyon! Egzanp sa a montre nan ki sitiyasyon sèvitè Jewova yo ye, yo menm k ap bay temwayaj avèk kran pou Jewova e ki pa pè lonje dwèt sou Satan, pi gwo ènmi Jewova a! (Li Revelasyon 12:17.) Men, èske Satan rive fè pèp Bondye a fèmen bouch li? Non! Anfèt, nou kontinye ap pwogrese nan domèn espirityèl. Se yon reyalite ki ka gen yon sèl esplikasyon: Jewova toujou yon refij pou nou, “yon bon kote pou nou abite” sitou pandan dènye jou sa yo. (Li Izayi 54:14, 17.) Sepandan, Jewova pap ka tounen yon kote pou nou abite an sekirite si nou kite Satan fè nou kite kay kote n abite a.
11. Ki leson nou ka aprann nan men patriyach yo?
11 Yon lòt fwa ankò, ann aprann yon leson nan men patriyach yo. Byenke yo t ap viv nan peyi Kanaran, yo te rete separe ak pèp ki t ap viv nan peyi a. Pèp sa a te mechan e li te imoral, e yo te rayi sa (Jen. 27:46). Patriyach yo te moun ki gen prensip, ki pa t bezwen gen yon lis bagay byen long ki pou di yo sa pou yo fè ak sa pou yo pa fè. Sa yo te konnen sou Jewova ak pèsonalite Jewova te sifi pou yo. Etandone se Jewova ki te kote yo abite, yo pa t vle gen rapò sere ak monn nan. Olye de sa, yo te rete lwen monn nan otank posib. Ala yon bèl egzanp yo kite pou nou! Lè w ap chwazi moun ki pou vin zanmi w ak divètisman, èske w fè efò pou w imite patriyach fidèl yo? Malerezman, gen kèk moun nan kongregasyon kretyen an ki montre, nan yon sèten degre, yo santi yo alèz nan monn Satan an. Si w ta santi w konsa, menmsi se toupiti, ou bezwen priye sou sa. Pa bliye sa, monn sa a se pou Satan l ye. Li reflete tandans egoyis Satan an. — 2 Kor. 4:4; Efe. 2:1, 2.
12. a) Ki fason Jewova bay sèvitè l yo manje espirityèl? b) Ki jan w santi w konsènan manje sa yo?
12 Pou nou reziste kont manèv Satan yo, nou bezwen byen pwofite tout manje espirityèl Jewova, Moun ki fè l tounen yon kote pou sèvitè fidèl li yo abite a, ban nou yo. Manje sa yo gen ladan l reyinyon yo, adorasyon an fanmi ansanm ak “gason kòm kado” yo, sa vle di bèje Bondye nome pou pran swen nou yo e pou ede nou fè fas ak difikilte ki gen nan lavi a (Efe. 4:8-12). Men ki sa frè George Gangas ki te manm Kolèj santral pandan anpil ane te ekri: “Lè m nan mitan [pèp Bondye a], mwen santi m lakay mwen ak fanmi m nan yon paradi espirityèl.” Èske w santi w menm jan an?
13. Ki leson enpòtan nou ka aprann nan Ebre 11:13?
13 Yon lòt kalite patriyach yo te genyen li bon pou nou imite, se anvi yo te genyen, antanke moun ki diferan, pou yo te ret separe ak pèp ki te toutotou yo a. Jan nou te di sa nan premye paragraf la, yo te “deklare aklè yo se etranje e yo se moun ki depasaj nan peyi a”. (Ebre 11:13.) Èske w pran detèminasyon pou w ret separe, antanke moun ki diferan, ak moun nan monn nan? Nou dakò li pa toujou fasil pou n fè sa. Men, ou ka rive fè sa grasa èd Bondye ansanm ak èd kretyen parèy ou yo. Sonje sa, ou pa poukont ou. Tout moun k ap sèvi Jewova yo gen yon lit y ap mennen (Efe. 6:12)! Sepandan, se yon lit nou ka genyen si nou gen konfyans nan Jewova epi nou fè l tounen yon kote pou n abite an sekirite.
14. Ki “vil” sèvitè Jewova yo t ap tann?
14 Yon bagay ki enpòtan tou, sèke nou dwe imite Abraram lè nou fikse je nou sou pri a (2 Kor. 4:18). Apot Pòl te fè konnen Abraram “t ap tann vil ki gen vrè fondasyon an, yon vil se Bondye ki fè plan l e se li ki bati l”. (Ebre 11:10.) “Vil” sa a se Wayòm Mesi a. Nòmalman, Abraram te gen pou l ret tann “vil” sa a. Nan yon sans, nou menm nou pap ret tann, paske Wayòm nan ap dirije nan syèl la kounye a. Anplis de sa, gen anpil prèv ki montre li pral pran kontwòl tout tè a talè konsa. Èske Wayòm nan reyèl pou ou? Èske l gen enfliyans sou fason w wè lavi a, fason w wè monn n ap viv la ak sa w bay priyorite? — Li 2 Pyè 3:11, 12.
YON “BON KOTE POU NOU ABITE” TANK LAFEN AP PWOCHE
15. Ki bagay k ap tann moun ki met konfyans yo nan monn ki la kounye a?
15 Tank monn Satan an ap pwoche pi pre pou l rive nan bout li, se tank “doulè” li pote yo pral vin pi rèd (Mat. 24:7, 8). Bagay yo pral vin pi rèd nèt pandan gwo tribilasyon an. Aktivite lavi a pral tonbe plat atè, e sa pral fè moun yo pè pou lavi yo (Aba. 3:16, 17). Lefètke yo pral sanzespwa, nan yon sans, se kòmsi yo pral chèche refij “nan gwòt [yo] ak nan mitan mas wòch ki nan mòn yo”. (Rev. 6:15-17.) Sepandan, ni gwòt literal yo, ni gouvènman ki tankou mòn yo ansanm ak òganizasyon komèsyal yo pap ka ba yo okenn pwoteksyon.
16. Ki fason nou dwe konsidere kongregasyon kretyen an, e poukisa?
16 Yon lòt bò, pèp Jewova a pral kontinye jwi pwoteksyon yo jwenn nan Jewova Dye, ‘bon kote yo abite a’. Menm jan ak pwofèt Abakouk, yo pral “kontan poutèt Senyè a”. Yo pral “fè fèt pou Bondye k’ap delivre” yo a (Aba. 3:18). Ki fason Jewova pral montre l se “yon bon kote pou nou abite” pandan moman sa yo ki pral ajite anpil? Nou dwe ret tann pou n wè. Men, nou kapab gen asirans sa a: Menm jan ak Izrayelit yo, nan moman yo t ap kite peyi Ejip la, “gwo foul” moun nan pral ret òganize, yo pral ret konsantre sou direksyon Bondye pral ba yo. (Rev. 7:9; li Egzòd 13:18.) Nou pral jwenn direksyon sa a yon fason teyokratik, siman pa mwayen dispozisyon ki pral pran nan kongregasyon an. Vrèmanvre, plizyè milye kongregasyon ki gen sou tout kò tè a sanble gen yon rapò ak “chanm ki anndan” (NW) ki bay pwoteksyon, Izayi 26:20 pale de yo a. (Li vèsè a.) Èske w bay reyinyon ki fèt nan kongregasyon an anpil valè? Èske w reyaji byen vit devan direksyon Jewova bay pa mwayen dispozisyon ki pran nan kongregasyon an? — Ebre 13:17.
17. Nan ki sans Jewova se “yon bon kote pou [moun] abite” menm pou sèvitè fidèl ki mouri yo?
17 Menm moun ki gendwa mouri fidèl anvan gwo tribilasyon an kòmanse yo, ap kontinye jwenn pwoteksyon nan men Jewova, li menm ki se ‘bon kote pou yo abite a’. Nan ki sans? Men sa Jewova te di Moyiz plizyè ane apre lanmò patriyach fidèl yo: “Se mwen menm [...] Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la ak Bondye Jakòb la.” (Egz. 3:6). Apre Jezi te fin site pawòl sa yo, li te ajoute: “Li pa Bondye moun ki mouri, men li se Bondye moun ki vivan, paske pou li, yo tout vivan.” (Lik 20:38). Wi, pou Jewova, se kòmsi sèvitè fidèl ki te mouri yo toujou vivan, rezirèksyon yo a sèten. — Ekl. 7:1.
18. Nan monn nouvo a, ki jan Jewova pral montre l se “yon bon kote pou [moun] abite” pou pèp li a yon fason espesyal?
18 Nan monn nouvo ki gen pou vini an, Jewova pral tounen “yon bon kote pou [moun] abite” pou pèp li a nan yon lòt sans ankò. Men sa Revelasyon 21:3 di: “Gade! Tant Bondye a avèk lèzòm. Bondye pral abite avèk yo.” Toudabò, Jewova pral abite ak moun ki pral viv sou tè a pa mwayen Jezi Kris. Nan fen mil an an, apre Jezi fin akonpli tout objektif Bondye gen pou tè a, li pral remèt Papa l Wayòm nan (1 Kor. 15:28). Apre sa, lèzòm pral vin pafè e yo pap bezwen pou Jezi defann yo bò kot Jewova ankò paske Jewova pral avèk yo. Se pa ti bèl avni k ap tann nou! Se sa k fè, annatandan sa rive, annou fè efò pou n imite jenerasyon moun fidèl ki t ap viv nan tan lontan yo lè n fè Jewova tounen “yon bon kote pou nou abite”!