-
Èske w se yon moun ki ankourajan ?Toudegad — 2007 | 1ye desanm
-
-
Èske w se yon moun ki ankourajan ?
MÒN Èmòn se yon mòn ki nan bout sid yon chèn montay yo rele Anti-Liban. Wotè kokenn mòn sa a se 2 814 mèt pi wo pase nivo lanmè a. Pandan prèske tout ane a, tèt mòn nan kouvri ak lanèj, konsa, van cho ki pase sou li lannuit yo sibi sa yo rele kondansasyon, sètadi imidite ki nan lè a tounen ti gout dlo e sa pwodui lawouze. Lawouze sa a desann sou pye sapen ak pye fwi ki pi ba nan ren mòn nan e li desann sou jaden rezen ki anba nèt yo. Ann Izrayèl, nan tan lontan, nan sezon sechrès, lawouze rafrechisan sa a se te fason prensipal plant yo te jwenn imidite.
Nan yon chan Bondye te enspire, yo te konpare bèl inite ki egziste nan mitan adoratè Jewova yo ak “ lawouze Èmòn k ap desann sou mòn Siyon ”. (Sòm 133:1, 3.) Menm jan grasa mòn Èmòn te gen yon lawouze ki rafrechisan pou plant yo, se konsa tou nou ka ankouraje lòt moun. Ki jan nou ka fè sa ?
-
-
Èske w se yon moun ki ankourajan ?Toudegad — 2007 | 1ye desanm
-
-
[Foto nan paj 30]
Lawouze ki te sot nan mòn Èmòn nan te yon bonjan sous imidite pou plant yo.
-