CHAPIT SIS
Ede pitit ou ki adolesan pou l devlope
1, 2. Ki difikilte e ki jwa peryòd adolesans lan ka pote ?
LÈ GEN yon timoun ki adolesan nan kay la se pa menm bagay ditou ak lè gen yon timoun senk an oubyen menm yon timoun dizan. Peryòd adolesans lan pote difikilte pa l ak pwoblèm pa l, men tou li ka pote jwa ak rekonpans. Egzanp tankou Jozèf, David, Yochiya ak Timote montre jèn yo ka aji yon fason responsab e yo ka gen bon relasyon ak Jewova (Jenèz 37:2-11 ; 1 Samyèl 16:11-13 ; 2 Wa 22:3-7 ; Travay 16:1, 2). Anpil adolesan jodi a pwouve menm bagay la tou. Petèt, ou konnen kèk nan yo.
2 Toutfwa, pou kèk jèn, peryòd adolesans lan se yon peryòd mouvmante. Gende lè adolesan yo sou san yo, e gende lè yo pa sou san yo. Tigason ak tifi adolesan yo ka vle plis libète, e yo ka pa kontan pou limit paran yo ba yo. Sepandan, jèn sa yo toujou manke eksperyans, yo bezwen lanmou paran yo e yo bezwen èd y ap ba yo avèk pasyans. Wi, peryòd adolesans lan ka yon peryòd ki pote anpil kè kontan, men tou li ka yon peryòd konfizyon, ni pou paran, ni pou adolesan. Kòman yo ka ede jèn yo pandan ane sa yo ?
3. Kòman paran yo ka bay pitit yo ki adolesan yon bon opòtinite nan lavi yo ?
3 Paran ki suiv konsèy ki nan Bib la bay pitit yo ki adolesan pi bon opòtinite posib pou yo pase peryòd difisil sa a avèk siksè e pou yo vin adilt ki responsab. Nan tout peyi e nan tout epòk, paran ak adolesan ki met ansanm pou yo aplike prensip biblik yo jwenn bon rezilta. — Sòm 119:1.
YON KOMINIKASYON KI SENSÈ E KI FRAN
4. Poukisa se sitou nan peryòd adolesans lan konvèsasyon konfidansyèl enpòtan ?
4 Bib la di : “ Pwojè yo echwe kote ki pa gen konvèsasyon konfidansyèl. ” (Pwovèb 15:22). Si konvèsasyon konfidansyèl te nesesè lè timoun yo te pi piti, li sitou enpòtan nan peryòd adolesans lan, kote timoun yo pase mwens tan lakay e plis tan ak zanmi lekòl oubyen ak lòt kamarad. Si pa gen konvèsasyon konfidansyèl, sa vle di pa gen kominikasyon ki sensè e ki fran ant pitit ak paran, adolesan yo ka vin tounen etranje nan kay la. Konsa, ki sa k ka fèt pou toujou gen bon kominikasyon ?
5. Ki jan yo ankouraje adolesan yo pou yo konsidere kesyon kominike ak paran yo ?
5 Ni adolesan, ni paran, gen wòl pa yo pou yo jwe nan sa. Se vre, adolesan yo ka twouve li pi difisil pou yo pale ak paran yo pase jan yo te konn fè sa lè yo te pi piti. Sepandan, sonje “ lè pa gen ladrès pou dirije, pèp la tonbe. Men gen delivrans nan anpil konseye ”. (Pwovèb 11:14.) Pawòl sa yo valab pou tout moun, jèn kou granmoun. Adolesan ki pran konsyans de sa ap konprann yo toujou bezwen moun ki pou dirije yo avèk ladrès, piske y ap rankontre pwoblèm ki pi konplike pase anvan. Yo dwe rekonèt paran ki kwayan yo byen kalifye antanke konseye, paske yo gen plis eksperyans pase yo nan lavi e yo demontre enterè plen lanmou yo gen pou yo depi dèzane. Pou rezon sa a, adolesan ki gen sajès yo pap detache ak paran yo nan etap sa a nan lavi yo.
6. Ki atitid paran ki saj e ki gen lanmou yo genyen sou kesyon kominike ak pitit yo ki adolesan ?
6 Yon kominikasyon ki fèt an tout libète vle di paran an ap fè tout sa l kapab pou l disponib lè adolesan an santi li bezwen pale. Si w se yon paran, asire w, omwen bò kote pa w, kominikasyon an fèt an tout libète. Sa ka pa fasil. Bib la di gen “ yon tan pou fè silans ak yon tan pou pale ”. (Eklezyas 3:7.) Lè pitit ou ki adolesan santi se tan pou l pale, pou ou se gendwa tan pou w fè silans. Petèt, ou ka te rezève tan sa a pou w fè etid pèsonèl ou, pou w pran yon ti repo oubyen pou w fè travay nan kay la. Toutfwa, si pitit ou vle pale avè w, eseye modifye plan w epi koute l. Si se pa sa, li ka pa eseye ankò. Sonje egzanp Jezi. Yon jou, li te prevwa pou l pran yon ti repo. Men moun yo te vin rasanble pou yo koute l, li te kite repo li t apral pran an e li te kòmanse anseye yo (Mak 6:30-34). Pifò adolesan rann yo kont paran yo se moun ki okipe anpil, men yo bezwen gen asirans paran yo la pou yo lè sa nesesè. Se poutèt sa, se pou w disponib e se pou w konpreyansif.
7. Ki sa paran yo bezwen evite ?
7 Eseye sonje kòman sa te ye lè w te adolesan, e sa ka ede w konsève kapasite ki pèmèt ou wè aspè amizan ki gen nan sitiyasyon w ye kounye a ! Paran yo bezwen kontan pou yo ansanm ak pitit yo. Lè paran yo gen tan lib, ki jan yo itilize l ? Si yo toujou vle sèvi ak tan lib yo genyen pou yo fè aktivite san fanmi an pa ladan l, timoun yo ki adolesan ap remake sa byen vit. Si adolesan yo vin kwè yo gen plis valè nan je zanmi lekòl yo pase nan je paran yo, sa ap fè yo tonbe nan pwoblèm.
SOU KI SA POU NOU PALE
8. Kòman paran yo ka grave nan lespri pitit yo apresyasyon pou onètete, travay di ak bon konduit ?
8 Si paran yo potko grave nan lespri pitit yo apresyasyon pou onètete ak travay di, asireman, yo dwe fè sa pandan peryòd adolesans lan (1 Tesalonisyen 4:11 ; 2 Tesalonisyen 3:10). Li esansyèl tou pou yo asire yo pitit yo kwè ak tout kè yo nan enpòtans sa genyen pou yo mennen yon vi moral, yon vi pwòp (Pwovèb 20:11). Yon paran ap aprann pitit li anpil bagay nan domèn sa yo grasa egzanp li bay. Menm jan mari ki pa kwayan yo “ konduit madanm yo ka genyen yo san pawòl ”, se konsa tou, adolesan yo ka aprann bon prensip grasa konduit paran yo (1 Pyè 3:1). Toutfwa, egzanp lan an li menm pap janm sifi, piske timoun yo ekspoze tou devan yon bann move egzanp ak yon pakèt pwopagann ki atiran lè yo pa nan kay la. Alò, paran ki gen sousi pou pitit yo bezwen konnen pwennvi pitit yo ki adolesan genyen sou sa yo wè ak sa yo tande, e sa mande pou gen konvèsasyon ki edifyan. — Pwovèb 20:5.
9, 10. Poukisa paran yo dwe asire yo yo enstwi pitit yo sou kesyon seksyèl, e kòman yo ka fè sa ?
9 Sa sitou vre pou kesyon seksyèl. Paran, èske w jennen pou w pale ak pitit ou sou kesyon sèks ? Menmsi w jennen, fè efò pou w fè sa, paske se sèten, timoun ou yo ap jwenn yon moun ki enstwi yo sou kesyon an. Si yo pa aprann nan men w, ki moun ki konnen ki kalite enfòmasyon kwochi yo pral ba yo ? Nan Bib la, Jewova pa evite pale sou kesyon seksyèl, e paran yo pa ta dwe evite fè sa tou. — Pwovèb 4:1-4 ; 5:1-21.
10 Erezman, Bib la gen ladan l konsèy klè sou konduit seksyèl, e Temwen Jewova yo pibliye anpil enfòmasyon itil ki montre konsèy sa yo toujou valab nan monn jodi a. Poukisa w pa itilize èd sa a ? Pa egzanp, poukisa w pa egzamine ak pitit gason w oubyen ak pitit fi w kèk chapit ki apwopriye nan liv Les jeunes s’interrogent — Réponses pratiques, volim 1 ak volim 2 ? Sandout, w ap sezi wè bon rezilta w jwenn e w ap kontan.
11. Ki mwayen ki pi efikas pou paran yo aprann pitit yo fason pou yo sèvi Jewova ?
11 Ki sijè ki pi enpòtan pou paran yo pale ansanm ak pitit yo ? Apot Pòl te fè referans ak sa lè li te ekri : “ Kontinye leve [timoun nou yo] nan disiplin ak nan avètisman Jewova. ” (Efezyen 6:4). Timoun yo bezwen kontinye aprann konnen Jewova. Pi espesyalman, yo bezwen aprann renmen l, dekwa pou yo gen dezi pou yo sèvi l. Nan domèn sa a tou, gen anpil bagay yo ka aprann grasa egzanp. Si adolesan yo wè paran yo se moun ki renmen Bondye ‘ ak tout kè yo, ak tout nanm yo, e ak tout lespri yo ’, e sa pwodui bon rezilta nan lavi paran yo, y ap santi yo pouse pou yo imite yo (Matye 22:37). Menm jan an tou, si jèn yo wè paran yo gen yon pwennvi rezonab sou bagay materyèl e yo mete enterè Wayòm Bondye a nan premye plas nan lavi yo, sa ap ede jèn yo devlope menm pwennvi a tou. — Eklezyas 7:12 ; Matye 6:31-33.
12, 13. Pou etid familyal la reyisi ki pwen moun yo dwe toujou sonje ?
12 Yon etid biblik an fanmi ki fèt chak semèn se yon bon èd pou paran yo aprann jèn yo enpòtans bagay espirityèl yo genyen (Sòm 119:33, 34 ; Pwovèb 4:20-23). Li trèzenpòtan pou etid la fèt regilyèman (Sòm 1:1-3). Paran yo ansanm ak timoun yo dwe konsyan, nan pwogram yo, se etid familyal la ki dwe gen priyorite sou lòt aktivite yo, e non pa lekontrè. Anplis de sa, pou etid familyal la pwofitab, li esansyèl pou chak moun gen bon atitid. Gen yon papa ki di : “ Sekrè a se pou kondiktè a ankouraje yon anbyans rilaks, men ki demontre respè, yon anbyans ki pa ni twò strik ni penyen lage, pandan etid familyal la. Li pa toujou fasil pou w rive jwenn bon ekilib la, e tanzantan w ap bezwen korije etadespri timoun yo. Si bagay yo pa byen mache yon fwa oubyen de fwa, pèsevere epi planifye pou pwochèn fwa a. ” Menm papa sa a di konsa, nan priyè l fè anvan chak etid, li mande Jewova espesyalman pou l ede tout moun ki nan etid la pou yo gen yon bon pwennvi. — Sòm 119:66.
13 Se paran kwayan yo ki gen responsablite pou yo kondui etid familyal la. Se vre, gen kèk paran ki ka pa gen talan pou yo anseye, e li ka difisil pou yo jwenn fason pou yo fè etid familyal la enteresan. Toutfwa, si w renmen pitit ou ki adolesan “ ann aksyon e an verite ”, w ap anvi ede yo pwogrese espirityèlman, e w ap fè sa avèk imilite e avèk onètete (1 Jan 3:18). Yo ka plenyen detanzantan, men y ap santi gwo enterè ou genyen pou byennèt yo.
14. Kòman paran yo ka aplike Detewonòm 11:18, 19 lè y ap pale sou bagay espirityèl ak adolesan yo ?
14 Etid familyal se pa sèl okazyon w genyen pou w pale sou kesyon ki gen enpòtans espirityèl. Èske w sonje lòd Jewova te bay paran yo ? Li te di : “ Pawòl mwen sa yo, nou dwe mete yo nan kè nou ak nan nanm nou e nou dwe mare yo tankou yon siy sou men nou, e yo dwe sèvi tankou yon bando ant je nou. Nou dwe anseye pitit gason nou yo pawòl sa yo tou, dekwa pou w pale de yo lè w chita lakay ou, lè w ap mache sou wout, lè w kouche ak lè w leve. ” (Detewonòm 11:18, 19 ; gade tou Detewonòm 6:6, 7). Sa pa vle di paran yo dwe toujou ap preche timoun yo. Men, yon chèf fanmi ki gen lanmou dwe toujou chèche okazyon pou l bati fanmi l espirityèlman.
DISIPLIN AK RESPÈ
15, 16. a) Ki sa disiplin ye ? b) Kiyès ki responsab pou bay disiplin, e ki moun ki gen responsablite pou l asire l li koute disiplin nan ?
15 Disiplin se yon fòmasyon ki la pou korije, e li gen kominikasyon ladan l. Disiplin plis gen ide koreksyon pase pinisyon, menmsi pafwa pinisyon ka nesesè. Timoun ou yo te bezwen disiplin lè yo te pi piti, e kounye a yo adolesan, yo toujou bezwen kèk fòm disiplin, petèt plis pase anvan. Adolesan ki saj yo rekonèt sa se verite.
16 Bib la di : “ Moun ki sòt pa gen respè pou disiplin papa l, men moun ki teni kont de blam, li entèlijan. ” (Pwovèb 15:5). Vèsè sa a aprann nou anpil bagay. Li lese konprann ap gen disiplin k ap bay. Yon adolesan pa ka “ teni kont de blam ” li pa t resevwa. Jewova bay paran yo, prensipalman papa a, responsablite pou yo bay disiplin. Sepandan, se responsablite adolesan an pou l koute disiplin sa a. L ap aprann plis e l ap fè mwens erè si l koute disiplin saj papa l ak manman l ba li (Pwovèb 1:8). Bib la di : “ Moun ki neglije disiplin tonbe nan povrete ak dezonè, men moun ki aksepte yon blam se moun sa a ki glorifye. ” — Pwovèb 13:18.
17. Ki ekilib paran yo bezwen genyen lè y ap bay disiplin ?
17 Paran yo bezwen gen ekilib lè y ap disipline adolesan yo. Yo ta dwe evite pou yo pa tèlman strik opwen pou yo irite timoun yo, petèt menm pou yo fè timoun yo vin manke asirans nan tèt yo (Kolosyen 3:21). Yon lòt bò, paran yo pa dwe tèlman toleran opwen pou yo pa bay timoun yo enstriksyon ki esansyèl yo. Yon tolerans konsa ka yon dezas. Pwovèb 29:17 di : “ Korije pitit gason w e l ap pote repo pou ou e l ap bay nanm ou anpil plezi. ” Sepandan, nan vèsè 21 an li di : “ Si yon moun gate sèvitè l nan jenès li, pi devan nan lavi l l ap vin yon engra. ” Menmsi vèsè sa a ap pale konsènan yon sèvitè, li valab otan pou nenpòt timoun nan kay la.
18. Disiplin se prèv ki demontre ki sa, e ki sa paran yo evite lè yo bay disiplin ki konstan ?
18 An verite, yon disiplin ki apwopriye se yon prèv ki demontre lanmou yon paran gen pou pitit li (Ebre 12:6, 11). Si w se paran, ou konnen li difisil pou w toujou bay yon disiplin ki konstan, ki rezonab. Pou w gen lapè, li ka sanble pi fasil pou w kite yon adolesan ki wòklò fè sa l vle. Men alalong, yon paran ki adopte taktik sa a ap peye sa, paske l ap pèdi kontwòl kay la. — Pwovèb 29:15 ; Galat 6:9.
TRAVAY E DETANT
19, 20. Kòman paran yo ka jere avèk sajès kesyon detant pou timoun ki adolesan yo ?
19 Nan tan lontan, yo te atann jeneralman pou timoun yo patisipe nan travay nan kay oubyen nan jaden. Jodi a, anpil adolesan gen anpil tan lib san siveyans. Monn komèsyal la pwofite bonbade moun ak yon bann materyèl pou konble tan lib sa yo. Mete sou sa, monn nan prèske pa bay prensip biblik sou moralite yo okenn valè, konsa ou gen kont engredyan pou yon echèk posib.
20 Pou rezon sa a, paran ki saj yo rezève yo dwa pou yo pran dènye desizyon nan domèn detant. Toutfwa, pa bliye adolesan an ap grandi. Chak ane, l ap atann pou w trete l plis kòm yon adilt. Se poutèt sa, li saj pou yon paran bay pitit li ki adolesan plis libète pou l chwazi detant ofiramezi l ap grandi, depi chwa li fè yo demontre li pwogrese pou l gen plis matirite espirityèl. Li ka rive adolesan an fè chwa ki pa saj nan domèn mizik, nan domèn frekantasyon oubyen nan lòt domèn ankò. Lè sa rive, ou ta dwe pale de sa ak li, konsa l ap fè pi bon chwa alavni.
21. Lefètke yon adolesan rezonab nan kantite tan l ap pase nan detant, kòman sa pwoteje l ?
21 Ki kantite tan yo ta dwe rezève pou detant ? Nan kèk peyi, yo fè adolesan yo kwè yo gen dwa pou yo detann yo toutan. Konsa, yon adolesan ka fè pwogram li yon fason pou l sot nan yon “ plezi ” tonbe nan yon lòt. Se paran yo ki pou aprann yo yo dwe pase tan nan lòt aktivite tou, tankou etid familyal, etid pèsonèl, pase tan ak lòt moun ki gen matirite espirityèl, rezève tan pou reyinyon e pou yo fè travay nan kay. Sa ap anpeche “ plezi lavi sa a ” toufe Pawòl Bondye a. — Lik 8:11-15.
22. Nan lavi yon adolesan avèk ki sa detant ta dwe fè ekilib ?
22 Wa Salomon te di : “ Mwen vin aprann pa gen anyen ki pi bon pou yo pase pou yon moun rejwi l epi pou l fè byen diran lavi l. Epitou, pou chak moun manje, wi, pou l bwè epi pou l wè sa ki bon pou tout travay di li fè. Sa se kado Bondye bay. ” (Eklezyas 3:12, 13). Wi, rejwisans gen plas li nan yon vi ekilibre. Men, travay di gen plas li tou. Anpil adolesan jodi a pa konnen satisfaksyon yon moun jwenn nan travay di li fè, oubyen nan respè yon moun genyen pou pwòp tèt li dèske li fè fas ak yon pwoblèm epi li rezoud li. Gen kèk lòt adolesan, yo pa ba yo opòtinite aprann yon metye k ap pèmèt yo pran swen tèt yo pi devan nan lavi a. Sa se yon veritab defi pou yon paran. Èske w ap veye pou pitit ou gen opòtinite sa yo ? Si w reyisi anseye pitit ou ki adolesan pou l bay travay di enpòtans, e menm pou l renmen sa, l ap vin gen yon bon konsepsyon k ap pote byenfè pou li tout lavi.
SOT NAN ADOLESANS TONBE NAN LAJ ADILT
23. Kòman paran yo ka ankouraje pitit yo ki adolesan ?
23 Menm lè ou gen pwoblèm ak pitit ou ki adolesan, sa Ekriti yo di a toujou laverite : “ Lanmou pa janm fayi. ” (1 Korentyen 13:8). Pa janm sispann demontre vrè lanmou ou santi w gen pou yo a. Mande tèt ou : ‘ Èske m felisite chak timoun lè li reyisi rezoud pwoblèm li genyen oubyen lè li reyisi venk obstak li rankontre ? Èske m pwofite okazyon ki prezante devan m pou m temwaye lanmou ak apresyasyon pou pitit mwen anvan okazyon sa yo pase ? ’ Menmsi pafwa ka gen malantandi, si pitit ou yo ki adolesan santi w vrèman renmen yo, l ap pi fasil pou yo renmen w anretou.
24. Ki prensip nan Ekriti yo, antanke prensip jeneral, ki rete yon verite nan edikasyon timoun, men ki sa yon moun dwe sonje ?
24 Natirèlman, ofiramezi timoun yo ap grandi pou yo rive nan laj adilt, y ap gen pou yo pran gwo desizyon pou tèt yo. Nan kèk ka, desizyon sa yo ka pa fè paran yo plezi. Pa egzanp, e si timoun nan deside li pap sèvi Jewova ankò ? Sa ka rive. Menm kèk nan pwòp pitit espirityèl Jewova yo te rejte konsèy li e yo te vin rebèl (Jenèz 6:2 ; Jid 6). Timoun yo pa òdinatè ki pwograme pou yo aji jan nou vle. Yo se kreyati ki fèt ak libète pou yo deside, yo responsab devan Jewova pou desizyon yo pran. Toutfwa, sa ki di nan Pwovèb 22:6 la, antanke prensip jeneral, rete yon verite : “ Enstwi tigason an selon chemen ki pou li a, menm lè li vin granmoun, li pap kite l. ”
25. Ki pi bon fason paran yo ka demontre yo rekonesan anvè Jewova pou privilèj li ba yo dèske yo se paran ?
25 Kidonk, demontre ou gen anpil lanmou pou pitit ou yo. Fè tout sa w kapab pou w suiv prensip biblik yo nan edikasyon yo. Bay bon egzanp nan konduit ou ki demontre atachman pou Bondye. Konsa, w ap bay pitit ou pi bon opòtinite pou yo grandi pou yo vin adilt responsab ki gen lakrentif pou Bondye. Se pi bon fason paran yo ka demontre yo rekonesan anvè Jewova pou privilèj li ba yo dèske yo se paran.