“Ou pa bezwen pè, m ap ede w”
IMAJINE w ap mache nan lari byen ta lannuit. Bridsoukou, ou rann ou kont gen yon moun k ap mache dèyè w. Lè w sispann mache, moun nan sispann mache tou. Lè w mache vit, li mache vit tou. Ou pran kouri, w al lakay yon zanmi ki abite toupre a. Lè zanmi w lan ouvri pòt pou ou e l envite w antre, ou santi w soulaje, paske kounye a ou konnen w an sekirite.
Petèt ou poko viv sitiyasyon yo sot pale de li la a. Men, ou gendwa gen lòt tètchaje nan lavi a ki ba w pwoblèm. Pa egzanp, èske w ap goumen ak yon feblès ou ta renmen venk e w kontinye fè menm erè a? Èske w gen lontan depi w pap travay e w pa rive jwenn travay malgre tout efò w fè pou w jwenn yon djòb? Èske w ap enkyete w poutèt w ap granmoun e w ka vin gen pwoblèm sante pi devan? Oubyen, èske gen yon lòt bagay k ap trakase w?
Kèlkeswa pwoblèm ou ta genyen, li bon pou w gen yon zanmi ou ka rakonte pwoblèm ou, yon zanmi ki dispoze ede w. Èske w deja gen yon bon zanmi konsa? Wi, ou gen youn! Jewova se yon zanmi konsa pou ou, menm jan li te yon zanmi konsa pou Abraram, yon moun ki te fidèl, jan sa parèt nan Ezayi 41:8-13. Nan vèsè 10 ak vèsè 13, men pwomès Jewova fè nou chak: “Ou pa bezwen pè, paske mwen avè w. Pa bay tèt ou pwoblèm, paske mwen se Bondye w. M ap ba w fòs, wi, m ap ede w. Vrèmanvre, m ap kenbe w byen di ak men dwat mwen pou m mennen w nan chemen ki dwat la. Paske, mwen menm, Jewova, Bondye w la, mwen kenbe men dwat ou, e mwen se Sila a k ap di w: ‘Ou pa bezwen pè, m ap ede w.’”
“VRÈMANVRE, M AP KENBE W BYEN DI”
Pawòl Jewova yo vrèman ankourajan. Eseye imajine ki sa an reyalite Jewova pwomèt nou la a. Vèsè a pa di w ap mache bò kot Jewova e w kenbe men l. Si w t ap mache bò kot Jewova, men dwat Jewova t ap kenbe men goch ou. Okontrè, Jewova lonje ‘men dwat li pou l mennen w nan chemen ki dwat la’ e l kenbe “men dwat ou”, kòmsi l t ap rale w soti nan yon sitiyasyon ki difisil. Lè Jewova kenbe men dwat ou, li ba w fòs epi l di w: “Ou pa bezwen pè, m ap ede w.”
Èske w konsidere Jewova tankou Papa w e tankou Zanmi w ki renmen w anpil? Èske w kwè l ap ede w lè w nan pwoblèm? Jewova vrèman gen sousi pou ou e l vle ede w. Lè w gen pwoblèm ak tètchaje, Jewova vle w santi w an sekirite. Poukisa? Paske l renmen w anpil. Vrèmanvre, “nou ka jwenn èd li byen fasil nan moman difisil yo”. — Sòm 46:1.
LÈ N SANTI NOU KOUPAB AKOZ ERÈ NOU TE FÈ
Gen kèk moun ki kontinye sonje erè yo te fè e y ap mande tèt yo èske Bondye padone yo. Si se konsa w santi w, reflechi ak egzanp Jòb, yon moun ki te fidèl. Li te admèt li te peche lè l te jèn (Jòb 13:26). David, youn nan moun ki te ekri Sòm yo, te santi l menm jan an tou e l te sipliye Jewova konsa: “Pa sonje peche ak fot mwen te fè lè m te jèn yo.” (Sòm 25:7). Piske nou enpafè, nou tout “peche, e [nou] pa rive reflete glwa Bondye”. — Women 3:23.
Se pou Izrayelit yo yo te ekri pawòl ankourajan nou jwenn nan Ezayi chapit 41 an. Peche yo te fè yo te tèlman grav, Jewova te di l ap fè mennen yo ann egzil Babilòn pou l pini yo (Ezayi 39:6, 7). Anmenmtan tou, Jewova te pwomèt l ap libere moun ki repanti e ki retounen vin jwenn li (Ezayi 41:8, 9; 49:8). Jodi a, Jewova demontre menm lanmou an ak menm mizèrikòd la pou moun ki repanti ak tout kè yo e ki vle fè l plezi. — Sòm 51:1.
Ann pran egzanp Tomaa ki t ap goumen pou l sispann gade pònografi e pou l sispann fè mastibasyon, yon seri vye abitid li te genyen. Li te retonbe nan menm bagay sa yo plizyè fwa. Ki jan l te santi l? Men sa l te di: “Mwen te santi m pa diy menm. Men, lè m te konn priye Jewova e m te sipliye l pou l padone m, li te leve m sot atè a.” Ki jan Jewova te fè sa? Ansyen yo nan kongregasyon Toma a te di l li ka rele yo nan telefòn nenpòt lè li ta retonbe nan vye abitid sa yo ankò. Men sa Toma te esplike: “Li pa t fasil pou m rele yo, men chak fwa m te fè sa, mwen te santi m jwenn fòs.” Epi, ansyen yo te fè aranjman pou siveyan sikonskripsyon an vizite Toma. Men sa siveyan sikonskripsyon an te di l: “Se pa yon aza ki fè mwen la a. Mwen vin la a paske ansyen yo te vle m la a. Yo te chwazi w pou w jwenn vizit pastoral sa a.” Men sa Toma di: “Se mwen menm ki peche, epoutan, Jewova sèvi ak ansyen yo pou l ede m.” Alafen, Toma te kite vye abitid li te genyen yo, li te vin pyonye pèmanan, e kounye a l ap travay nan yon filyal. Menm jan Bondye te ede frè sa a, l ap ede w tou lè w fè erè.
LÈ N AP BAY TÈT NOU PWOBLÈM POU TRAVAY
Gen kèk moun k ap bay tèt yo pwoblèm paske yo pèdi travay yo e yo pa ka jwenn yon lòt. Imajine jan sa difisil pou yon moun lè patwon ap refize l youn apre lòt. Gen moun lè yo fè eksperyans konsa, yo konn santi yo pa vo anyen. Ki jan Jewova kapab ede w? Li ka pa fè w jwenn yon bon djòb tousuit, men l ka ede w sonje pawòl David te di yo: “Mwen te jèn yon lè, e kounye a mwen vin granmoun, men, mwen pa janm wè Bondye abandone yon moun ki jis, ni mwen pa janm wè pitit li ap mande charite.” (Sòm 37:25, nòt). Ou gen anpil valè pou Jewova, e li ba w “men dwat [li] pou [l] mennen w nan chemen ki dwat la” yon fason pou w ka jwenn sa w bezwen pou w kontinye sèvi l.
Sara, yon sè k ap viv nan peyi Kolonbi, te wè jan Jewova kapab ede l. Li t ap touche anpil lajan paske l t ap travay aplentan nan yon konpayi ki gen gwo renome. Men, piske l te vle fè plis nan sèvis li pou Jewova, li te kite djòb la e l te pran sèvis pyonye. Men, li te difisil pou l jwenn yon travay ki pa t pran tout tan l. Li te ouvè yon ti biznis krèm, men lajan an te pase nan men l e l te oblije fèmen biznis lan. Men sa l di: “Twa ane byen long te pase, men grasa Jewova, mwen te kapab andire.” Li te vin aprann konnen ki sa l vrèman bezwen e fason pou l evite bay tèt li pwoblèm pou demen (Matye 6:33, 34). Alafen, ansyen patwon l lan te rele l e l te ofri l menm travay li te gen anvan an. Li te di patwon an sèl travay l ap ka aksepte se travay ki pap pran tout tan l epi k ap pèmèt li jwenn tan pou l al nan reyinyon, pou l al nan asanble, e pou l al nan kongrè. Jodi a, Sara pap touche menm kantite kòb li te konn ap touche a, men, li gen posiblite kontinye ak sèvis pyonye a. Li di pandan moman difisil sa yo, li te santi men Jewova k ap pran swen l avèk tandrès.
LÈ N AP BAY TÈT NOU PWOBLÈM PASKE N AP GRANMOUN
Gen anpil moun k ap bay tèt yo pwoblèm paske y ap granmoun e talè konsa yo pral pran retrèt yo. Y ap mande tèt yo èske y ap gen ase lajan pou yo viv alèz. Y ap enkyete yo tou pou pwoblèm sante yo ka vin genyen pi devan. Petèt se wa David ki t ap sipliye Jewova e ki te di: “Pa voye m jete lè m vin granmoun, pa lage m lè m fin pèdi fòs mwen.” — Sòm 71:9, 18.
Ki jan moun ki granmoun yo kapab viv san yo pa pè sa k ap rive demen? Yo bezwen kontinye chèche gen plis lafwa nan Bondye e yo bezwen gen konfyans l ap ba yo tout sa yo gen bezwen. Sepandan, gen kèk ladan yo ki te konn viv nan liks lè yo te gen plis lajan, se sa k fè yo ka bezwen aprann mennen yon vi ki pi senp e pou yo kontante yo ak mwens bagay. Yo ka menm vin rann yo kont lè yon moun manje “yon plat fèy” olye l manje “yon towo bèf byen gra”, sa ka pi bon pou sante l (Pwovèb 15:17)! Si w konsantre sou sèvis w ap bay Jewova a, l ap asire l ou jwenn tout sa w gen bezwen lè w vin granmoun.
Fè yon ti reflechi sou egzanp José ak Rose ki te fè plis pase 65 ane ap sèvi Jewova aplentan. Pandan tan sa a, yo te jwenn anpil eprèv. Yo t ap pran swen papa Rose ki te bezwen èd lajounen kou lannuit. Epitou, José te opere paske l te gen kansè e l te nan chimyoterapi. Ki jan Jewova te lonje men dwat li bay de moun fidèl sa yo? Li te sèvi ak Tony ak Wendy, de lòt kretyen marye, pou l fè sa. Yo te gen yon apatman yo te vle bay pou pyonye pèmanan vin viv ladan l gratis. Tony sonje lè l te nan klas segondè, li te konn gade nan fenèt lakay li e l te konn wè José ak Rose k ap preche regilyèman. Tony te renmen wè jan yo te chofe nan sèvis la, e sa te gen gwo enpak sou li. Piske José ak Rose te pase tout vi yo ap sèvi Jewova, Tony ak Wendy te ofri yo apatman an. Pandan 15 an ki sot pase yo, yo te ede José ak Rose ki gen anviwon 85 an kounye a. José ak Rose santi Tony ak Wendy se yon kado Jewova ba yo.
Men pwomès Jewova fè w: “Ou pa bezwen pè, m ap ede w.” Epi, li ba w “men dwat [li] pou [l] mennen w nan chemen ki dwat la”. Èske w ap lonje men w ba li?
a Gen kèk non yo chanje.