CHAPIT 17
“ Pèsonn pa gen yon lanmou ki pi gwo pase sa ”
1-4. a) Ki sa k pase lè Pilat prezante Jezi bay foul an kòlè ki te rasanble andeyò palè gouvènè a ? b) Ki jan Jezi reyaji devan imilyasyon ak soufrans, e ki kesyon enpòtan ki soulve ?
“ GADE ! Men gason an ! ” Se ak pawòl sa yo Pons Pilat, Gouvènè women an, prezante Jezi Kris bay yon foul an kòlè. Foul sa a rasanble andeyò palè gouvènè a depi anvan solèy leve, jou Pak ane 33 epòk nou an (Jan 19:5). Apèn kèk jou anvan sa, foul moun yo te aklame Jezi lè l te antre an triyonf nan Jerizalèm antanke Wa Bondye chwazi. Nan nuit sa a sepandan, foul la, ki te agresif, te gen yon pwennvi trè diferan sou li.
2 Yo abiye Jezi ak yon wòb vyolèt tankou wòb wa konn mete, e yo mete yon kouwòn sou tèt li. Men, wòb la, ki vlope moso chè k ap senyen nan do l ki filange a, ansanm ak kouwòn nan, ki trese ak pikan e k ap peze po tèt li k ap bay san kounye a, se yon fason pou yo pase wayote l la nan rizib. Prèt an chèf yo pouse pèp la rejte mesye sa a yo fin bat byen bat la e ki kanpe devan yo a. Prèt yo rele byen fò : “ Kloure l sou yon poto ! Kloure l sou yon poto ! ” Pèp la, ki gen entansyon kriminèl nan kè yo, rele byen fò : “ Li dwe mouri. ” — Jan 19:1-7.
3 Avèk diyite e avèk kouraj, Jezi andire imilyasyon ak soufrans san plenyena. Li vrèman prè pou l mouri. Pita nan jou Pak sa a, li soumèt li volontèman anba yon lanmò ki rèd sou yon poto soufrans. — Jan 19:17, 18, 30.
4 Lefètke Jezi te bay lavi li, li te pwouve li se yon vrè zanmi pou disip li yo. Li te di : “ Pèsonn pa gen yon lanmou ki pi gwo pase sa : pou yon moun aksepte bay nanm li pou zanmi l yo. ” (Jan 15:13). Sa soulve yon seri kesyon ki enpòtan. Èske l te vrèman nesesè pou Jezi andire tout soufrans sa yo e pou l mouri ? Poukisa li te dispoze fè sa ? Antanke “ zanmi l ” e antanke disip li, kòman nou ka imite egzanp li ?
Poukisa li te nesesè pou Jezi soufri e pou l mouri ?
5. Ki jan Jezi te fè konnen ki eprèv egzakteman ki t ap tann li ?
5 Antanke Mesi yo te pwomèt la, Jezi te konnen ak ki sa pou l atann li. Li te byen konnen pakèt pwofesi nan Ekriti ebrayik yo ki te predi soufrans ak lanmò Mesi a an detay (Izayi 53:3-7, 12 ; Dànyèl 9:26). Plis pase yon fwa, li te prepare disip li yo pou eprèv ki t ap tann li yo (Mak 8:31 ; 9:31). Pandan l te sou wout pou l al Jerizalèm pou dènye Pak li t apral selebre a, li te di apot li yo byen klè : “ Yo pral livre Pitit Gason lòm nan bay prèt an chèf yo ak eskrib yo, e yo pral kondane l amò e yo pral livre l bay moun nasyon yo, e yo pral pase l nan rizib e y ap krache sou li, e y ap bat li ak kout fwèt e y ap touye l. ” (Mak 10:33, 34). Se pa t pawòl konsa konsa. Jan nou te wè sa, vrèmanvre, yo te pase Jezi nan rizib, yo te krache sou li, yo te bat li ak kout fwèt e yo te touye l.
6. Poukisa li te nesesè pou Jezi soufri e pou l mouri ?
6 Men, poukisa li te nesesè pou Jezi soufri e pou l mouri ? Pou plizyè rezon ki trèzenpòtan. Premyèman, si Jezi rete fidèl, l ap pwouve entegrite l e l ap soutni souvrènte Jewova. Pa bliye, Satan te pretann se sèlman pa enterè lèzòm ap sèvi Bondye (Jòb 2:1-5). Lefètke Jezi te rete fidèl “ jiska lamò [...] sou yon poto soufrans ”, li te bay repons ki pi klè posib la kont akizasyon san fondman Satan te lanse a (Filipyen 2:8 ; Pwovèb 27:11). Dezyèmman, soufrans ak lanmò Mesi a t ap founi pwopisyasyon pou peche moun yo (Izayi 53:5, 10 ; Dànyèl 9:24). Jezi te bay “ nanm li kòm ranson pou anpil moun ”, li te ouvri chemen pou nou gen bonjan relasyon avèk Bondye (Matye 20:28). Twazyèmman, lefètke Jezi te andire tout kalite pwoblèm ak soufrans, li te “ sibi eprèv nan tout domèn tankou nou menm ”. Konsa, li se yon Gran Prèt ki gen konpasyon, yon Gran Prèt ki ka “ konprann feblès nou ”. — Ebre 2:17, 18 ; 4:15.
Poukisa Jezi te dispoze bay lavi l ?
7. Ki sa Jezi te kite lè l te vin sou tè a ?
7 Pou nou ka byen konprann sa Jezi te dispoze fè a, annou reflechi sou pwen sa a : Ki gason ki t ap kite fanmi l, ki t ap kite kay li e ki t ap deplase al nan yon peyi etranje si l ta konnen pifò moun nan peyi sa a t apral rejte l, si l ta konnen li t apral sibi imilyasyon ak soufrans, e finalman yo t ap touye l ? Kounye a, reflechi sou sa Jezi te fè a. Anvan l te vin sou tè a, li te gen yon pozisyon espesyal nan syèl la bò kot Papa l. Epoutan, Jezi te kite kote l te rete nan syèl la volontèman, e li te vin viv sou tè a antanke yon imen. Li te fè deplasman sa a, malgre l konnen pifò moun t apral rejte l, e li t apral sibi imilyasyon ki atwòs, gwo soufrans ak yon lanmò ki rèd (Filipyen 2:5-7). Ki sa k te motive Jezi pou l fè yon sakrifis konsa ?
8, 9. Ki sa ki te pouse Jezi bay lavi li ?
8 Anvan tout bagay, se yon lanmou pwofon Jezi te gen pou Papa l ki te motive l. Andirans Jezi se te prèv li renmen Jewova. Lanmou sa a te fè Jezi enkyete l pou non ak repitasyon Papa l (Matye 6:9 ; Jan 17:1-6, 26). Plis pase nenpòt lòt bagay, Jezi te vle wè non Papa l lave anba vèni yo te lage sou li. Kidonk, Jezi te konsidere sa kòm pi gwo onè ak pi gwo privilèj pou l soufri pou sa ki jis, paske li te konnen entegrite li t ap jwe yon wòl nan sangtifye bèl non Papa l la. — 1 Kwonik 29:13.
9 Yon lòt rezon ki te pouse Jezi bay lavi l, se lanmou li te genyen pou limanite. Se yon lanmou ki te gen orijin li depi nan kòmansman istwa limanite. Byen lontan anvan Jezi te vin sou tè a, Bib la pale de santiman sa yo li te genyen : “ Bagay mwen te santi yon atachman pou yo te avèk pitit lèzòm. ” (Pwovèb 8:30, 31). Lanmou li te parèt aklè lè l te sou tè a. Jan nou te wè sa nan twa chapit anvan yo, nan plizyè fason, Jezi te demontre lanmou li pou lèzòm an jeneral e pou disip li yo an patikilye. Men, nan 14 Nizan 33 epòk nou an, li te bay nanm li volontèman pou nou (Jan 10:11). Vrèmanvre, pa t gen pi gwo fason li te ka demontre lanmou li pou nou. Èske nou dwe imite l nan sans sa a ? Wi. Anfèt, nou resevwa lòd pou nou fè sa.
“ Se pou nou youn renmen lòt menm jan mwen renmen nou ”
10, 11. Ki nouvo kòmandman Jezi te bay disip li yo, ki sa sa enplike, e poukisa li enpòtan pou nou obeyi l ?
10 Nan nuit anvan Jezi mouri a, li te di disip ki pi pwòch li yo : “ Mwen ban nou yon kòmandman nouvo : se pou nou youn renmen lòt. Menm jan mwen renmen nou an, nou menm tou, se pou nou youn renmen lòt. Se konsa tout moun ap konnen nou se disip mwen, si nou gen lanmou nan mitan nou. ” (Jan 13:34, 35). “ Se pou nou youn renmen lòt. ” Poukisa se yon “ nouvo kòmandman ” ? Lwa Moyiz la te deja bay lòd sa a : “ Ou dwe renmen pwochen w menm jan ou renmen tèt ou. ” (Levitik 19:18). Men, nouvo kòmandman an mande yon pi gwo lanmou, yon lanmou ki ta pouse nou bay pwòp vi nou pou lòt moun. Jezi li menm te fè sa parèt klè lè l te di : “ Sa a se kòmandman mwen : se pou nou youn renmen lòt menm jan mwen renmen nou. Pèsonn pa gen yon lanmou ki pi gwo pase sa : pou yon moun aksepte bay nanm li pou zanmi l yo. ” (Jan 15:12, 13). Annefè, nouvo kòmandman an di : “ Se pou nou renmen lòt moun, non pa menm jan nou renmen tèt nou, men plis pase tèt nou. ” Nan fason Jezi te viv e nan fason li te mouri, se sèten li te demontre yon lanmou konsa.
11 Poukisa li enpòtan pou nou obeyi nouvo kòmandman an ? Pa bliye, Jezi te di : “ Se konsa [pa mwayen lanmou ki mache ak abnegasyon] tout moun ap konnen nou se disip mwen. ” Wi, lanmou ki mache ak abnegasyon an idantifye nou kòm vrè kretyen. Nou ta ka konpare lanmou sa a ak yon ensiy ki la pou l idantifye nou. Moun k ap asiste kongrè distri Temwen Jewova yo konn pote yon ensiy. Ensiy nan idantifye moun ki pote l la, li fè konnen ki jan l rele e nan ki kongregasyon l soti. Lanmou ki mache ak abnegasyon nou genyen youn pou lòt se “ ensiy ” ki idantifye vrè kretyen yo. Nou ka di tou lanmou nou demontre youn pou lòt ta dwe tèlman vizib, li ta ka sèvi kòm yon siy oswa yon ensiy ki fè moun k ap obsève nou yo konnen nou se vrè disip Kris. L ap bon pou nou chak poze tèt nou kesyon sa a : ‘ Èske “ ensiy ” lanmou ki mache ak abnegasyon an parèt klè nan vi mwen ? ’
Yon lanmou ki mache ak abnegasyon — Ki sa sa enplike ?
12, 13. a) Jis nan ki pwen nou dwe dispoze ale pou nou demontre lanmou nou youn pou lòt ? b) Sa sa vle di pou nou dispoze fè sakrifis ?
12 Antanke moun k ap suiv Jezi, nou bezwen renmen nou youn lòt menm jan li te renmen nou an. Sa siyifi nou dwe dispoze fè sakrifis pou kwayan parèy nou yo. Jis nan ki pwen nou dwe dispoze fè sa ? Labib di nou : “ Se konsa nou vin konnen lanmou, paske sila a te livre nanm li pou nou, e nou gen obligasyon pou nou livre nanm nou pou frè nou. ” (1 Jan 3:16). Menm jan ak Jezi, nou dwe dispoze mouri youn pou lòt si sa nesesè. Nan moman pèsekisyon, n ap pito sakrifye pwòp vi nou olye pou nou ta trayi frè espirityèl nou yo e konsa pou nou ta mete vi yo an danje. Nan peyi ki gen divizyon rasyal oswa ki gen lagè etnik, nou prefere riske pwòp vi nou pou nou pwoteje frè nou yo, kèlkeswa ras yo, oswa orijin etnik yo. Lè nasyon yo al nan lagè, nou pito pran prizon oswa menm mouri pase pou nou pran zam kont kwayan parèy nou yo, oswa kont nenpòt lòt moun. — Jan 17:14, 16 ; 1 Jan 3:10-12.
13 Dispoze nou dispoze mouri pou frè nou yo se pa sèl fason pou nou montre lanmou ki mache ak abnegasyon. Anfèt, pa gen anpil pami nou k ap janm rive nan pwen pou yo fè yon gran sakrifis konsa. Sepandan, si nou renmen frè nou yo nan pwen pou nou mouri pou yo, èske nou pa ta dwe dispoze fè sakrifis ki pi piti, kote nou fè efò pou nou ede yo depi kounye a ? Dispoze fè sakrifis siyifi abandone pwòp avantaj pa nou oswa pwòp konfò pa nou pou byen lòt moun. Nou mete bezwen yo ak byennèt yo anvan pa nou, menmsi sa pa nan avantaj nou (1 Korentyen 10:24). Ki fason pratik nou ka demontre lanmou ki mache ak abnegasyon ?
Nan kongregasyon nou e nan fanmi nou
14. a) Ki sakrifis yo mande ansyen yo pou yo fè ? b) Ki jan w santi w anrapò ak travay di ansyen yo fè nan kongregasyon an ?
14 Ansyen nan kongregasyon yo fè anpil sakrifis pou yo “ pran swen twoupo ” a (1 Pyè 5:2, 3). Nonsèlman y ap okipe yo de pwòp fanmi yo, men tou yo ka oblije pase tan pandan sware yo oswa lè wikenn pou yo okipe yo de bagay ki konsène kongregasyon an, tankou prepare patisipasyon ki pral fèt nan reyinyon yo, fè vizit pastoral epi trete ka ki konsène disiplin relijye. Anpil ansyen fè lòt sakrifis toujou, yo travay di nan kongrè yo e yo sèvi antanke manm nan Komite lyezon ospitalye, nan Gwoup pou vizite malad, e nan Komite konstriksyon rejyonal. Ansyen, pa janm bliye lè n ap sèvi kongregasyon an ak yon etadespri ki byen dispoze, kote nou itilize tan nou, enèji nou, ak mwayen nou posede pou nou pran swen twoupo a, se montre n ap montre lanmou ki mache ak abnegasyon an (2 Korentyen 12:15). Efò n ap fè san se pa yon enterè n ap defann, se pa sèlman Jewova ki bay sa anpil valè, men tou se kongregasyon n ap pran swen an. — Filipyen 2:29 ; Ebre 6:10.
15. a) Bay egzanp kèk sakrifis madanm ansyen yo fè. b) Ki efè sa fè sou ou lè w reflechi ak madan marye k ap soutni mari yo e ki pataje mari yo ak kongregasyon w lan ?
15 Men, e madanm ansyen yo, èske medam sa yo ki soutni mari yo yo menm tou yo pa fè sakrifis pou pèmèt mari yo pran swen twoupo a ? Se sèten se yon sakrifis pou yon madan marye lè mari l oblije konsakre tan pou kesyon ki konsène kongregasyon an, alòske li ta ka pase tan sa a avèk fanmi li. Reflechi tou sou madanm siveyan itineran yo e sou sakrifis yo fè pou yo akonpaye mari yo sot nan yon kongregasyon al nan yon lòt oswa sot nan yon sikonskripsyon al nan yon lòt. Yo aksepte pou yo pa gen pwòp kay pa yo e petèt yo oblije dòmi nan yon kabann diferan chak semèn. Madan marye ki dispoze mete enterè kongregasyon an anvan enterè pa yo merite felisite pou kokenn lanmou ki mache ak abnegasyon yo demontre. — Filipyen 2:3, 4.
16. Ki sakrifis paran ki kretyen yo fè pou pitit yo ?
16 Ki jan nou ka demontre lanmou ki mache ak abnegasyon nan fanmi nou ? Paran, nou deja fè anpil sakrifis pou nou pran swen pitit nou e pou nou elve yo “ nan disiplin ak nan avètisman Jewova ”. (Efezyen 6:4.) Nou gendwa oblije pase anpil tan nan travay ki fatigan jis pou nou rive bay moun lakay nou manje, e pou nou asire nou pitit nou gen rad ak yon kote apwopriye pou yo rete. Nou ta prefere jwenn mwens pou tèt nou olye pou pitit nou pa ta jwenn sa ki nesesè pou yo nan lavi a. Epitou nou fè anpil efò pou nou etidye ak pitit nou yo, pou nou mennen yo nan reyinyon e pou nou travay avèk yo nan ministè a (Detewonòm 6:6, 7). Lanmou nou ki mache ak abnegasyon fè Sila ki kreye fanmi an plezi e li ka siyifi lavi etènèl pou pitit nou. — Pwovèb 22:6 ; Efezyen 3:14, 15.
17. Ki jan mari kretyen yo ka imite etadespri Jezi ki pa t chèche enterè pa l ?
17 Mari, ki jan nou ka imite Jezi nan demontre lanmou ki mache ak abnegasyon ? Men repons Bib la bay : “ Mari, se pou nou kontinye renmen madanm nou, tankou Kris tou te renmen kongregasyon an, e li te livre tèt li pou li. ” (Efezyen 5:25). Jan nou te wè sa, Jezi te tèlman renmen disip li yo, li mouri pou yo. Yon mari kretyen imite etadespri Jezi ki pa t chèche enterè pa l, ki “ pa t fè tèt li plezi ”. (Women 15:3.) Volontèman, yon mari konsa mete bezwen ak enterè madanm li anvan pa l. Li pap ensiste yon fason strik pou tout bagay fèt jan l vle a, men l ap montre li dispoze sede lè pa gen yon prensip biblik ki enplike. Mari ki demontre lanmou ki mache ak abnegasyon an gen apwobasyon Jewova, e madanm li ak piti li ap renmen l, y ap respekte l.
Ki sa w ap fè ?
18. Ki sa ki motive nou pou nou suiv nouvo kòmandman pou nou youn renmen lòt la ?
18 Li pa fasil pou nou obeyi kòmandman pou nou youn renmen lòt la, men nou gen yon gwo motivasyon pou nou fè sa. Pòl te ekri : “ Lanmou Kris la genyen an oblije nou, paske men sa nou jije : yon sèl òm te mouri pou tout moun. [...] E li te mouri pou tout moun yon fason pou moun k ap viv pa viv pou pwòp tèt yo ankò, men pou sila ki te mouri pou yo a epi ki te leve a. ” (2 Korentyen 5:14, 15). Piske Jezi te mouri pou nou, èske nou pa ta dwe santi nou pouse pou nou viv pou li ? Nou ka fè sa lè nou suiv egzanp lanmou ki mache ak abnegasyon li te demontre a.
19, 20. Ki kado ki enpòtan anpil Jewova ban nou, e ki jan nou ka montre nou aksepte l ?
19 Jezi pa t egzajere lè l te di : “ Pèsonn pa gen yon lanmou ki pi gwo pase sa a : pou yon moun bay nanm li pou zanmi l yo. ” (Jan 15:13). Lefètke l te dispoze bay nanm li pou nou, se eksprime l te eksprime lanmou li pou nou fason ki pi wo a. Epoutan, gen yon moun ki te demontre plis lanmou toujou pou nou. Jezi te fè nou konnen : “ Bondye tèlman renmen monn nan, li bay sèl Pitit Gason li fè a, dekwa pou nenpòt moun ki egzèse lafwa nan li pa detwi, men pou l gen lavi etènèl. ” (Jan 3:16). Bondye tèlman renmen nou li te bay Pitit Gason l lan kòm ranson, konsa li fè l vin posib pou nou delivre anba peche ak lanmò (Efezyen 1:7). Ranson an se yon kado ki enpòtan anpil Jewova ban nou, men li pa oblije nou aksepte l.
20 Se nou ki pou deside aksepte kado Jewova bay la. Ki jan n ap fè sa ? Se lè nou “ egzèse lafwa ” nan Pitit Gason l lan. Sepandan, lafwa se pa pawòl nan bouch. Se aksyon nou poze ak fason nou mennen lavi nou ki montre si nou genyen l (Jak 2:26). Nou pwouve nou gen lafwa nan Jezi Kris lè nou suiv li chak jou. Konsa, n ap jwenn anpil benediksyon depi kounye a e nan lavni, jan dènye chapit liv sa a pral montre sa.
a Yo te krache sou Jezi de fwa nan jou sa a, premye fwa a se te chèf relijye yo ki te fè sa, e dezyèm fwa a, se te sòlda women yo (Matye 26:59-68 ; 27:27-30). Menm tretman meprizab sa a, li sibi l san l pa plenyen, konsa li akonpli pawòl pwofetik sa yo : “ Mwen pa t kache figi m pou imilyasyon e pou krache. ” — Izayi 50:6.