Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
3-9 JIYÈ
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EZEKYÈL 11-14
“Èske w gen yon kè ki sansib?”
w07-F 1/7 11 § 4
Pwen enteresan ki nan liv Ezekyèl la — I
Nan ane 612 anvan epòk nou an, Ezekyèl te wè vil Jerizalèm nan yon vizyon l te fè. Se pa ni de ni twa bagay ki bay degoutans Ezekyèl te wè moun ap fè nan tanp Jewova a. Lè Jewova pral voye lame l la ki nan syèl la pou vin egzekite jijman l (“sis mesye yo” reprezante lame sa a) pou l ka montre jis nan pwen li an kòlè kont aposta yo, se sèlman ‘moun ki gen mak la sou fwon yo’ k ap sove (Ezekyèl 9:2-6). Sepandan, yo dwe voye “chabon tou limen” sou vil la anvan. Chabon sa yo reprezante mesaj Bondye bay la ki anonse yon destriksyon (Ezekyèl 10:2). Toutpandan ‘Jewova pral fè mechan yo peye pou sa yo fè’, li pwomèt li pral chèche moun Izrayèl ki te gaye yo. — Ezekyèl 11:17-21.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
w07-F 1/7 13 § 8
Pwen enteresan ki nan liv Ezekyèl la — I
12:26-28. Ezekyèl te oblije di menm moun ki t ap pase mesaj li t ap bay la nan rizib “pa gen okenn nan pawòl [Jewova] yo k ap pran tan pou [yo] reyalize”. Nou dwe fè anpil efò pou n ede lòt moun met konfyans yo nan Jewova anvan l met yon fen nan sistèm nan.
w07-F 1/7 13 § 9
Pwen enteresan ki nan liv Ezekyèl la — I
14:12-23. Se chak moun ki gen responsablite pou l travay pou l ka sove lavi l. Okenn moun pa ka fè sa nan plas li. — Women 14:12.
10-16 JIYÈ
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EZEKYÈL 15-17
“Èske w kenbe pwomès ou fè?”
w07-F 1/7 12 § 6
Pwen enteresan ki nan liv Ezekyèl la — I
17:1-24 — Kiyès de gwo èg yo reprezante, nan ki sans y ap kase ti boujon sou tèt pye sèd yo e kiyès ki “ti boujon” Jewova te plante a? De èg yo reprezante moun k ap dirije Babilòn ak Ejip. Premye èg la vin sou tèt pye sèd la, sa vle di li vin jwenn moun k ap dirije ki soti nan liy fanmi David la. Èg sa a kase tèt ti boujon yo lè l mete Sedesyas nan plas wa Jewoyakin ki t ap dirije peyi Jida. Byenke Sedesyas te fè wa Babilòn nan sèman l ap ret fidèl, li t al chèche èd nan men lòt èg la, anpalan de moun ki t ap dirije Ejip la, men sa pa t itil li anyen. Yo te pran misye mennen l kòm prizonye Babilòn e se la li te mouri. Jewova te keyi yon “ti boujon” tou, anpalan de Mesi a, Wa l chwazi a. Jewova plante l “sou yon mòn ki wo anpil”, anpalan de Mòn Siyon, nan syèl la, e se la ti boujon sa a ap vin tounen “yon gwo pye sèd”, l ap beni tè a agogo. — Revelasyon 14:1.
w07-F 1/7 12 § 6
Pwen enteresan ki nan liv Ezekyèl la — I
17:1-24 — Kiyès de gwo èg yo reprezante, nan ki sans y ap kase ti boujon sou tèt pye sèd yo e kiyès ki “ti boujon” Jewova te plante a? De èg yo reprezante moun k ap dirije Babilòn ak Ejip. Premye èg la vin sou tèt pye sèd la, sa vle di li vin jwenn moun k ap dirije ki soti nan liy fanmi David la. Èg sa a kase tèt ti boujon yo lè l mete Sedesyas nan plas wa Jewoyakin ki t ap dirije peyi Jida. Byenke Sedesyas te fè wa Babilòn nan sèman l ap ret fidèl, li t al chèche èd nan men lòt èg la, anpalan de moun ki t ap dirije Ejip la, men sa pa t itil li anyen. Yo te pran misye mennen l kòm prizonye Babilòn e se la li te mouri. Jewova te keyi yon “ti boujon” tou, anpalan de Mesi a, Wa l chwazi a. Jewova plante l “sou yon mòn ki wo anpil”, anpalan de Mòn Siyon, nan syèl la, e se la ti boujon sa a ap vin tounen “yon gwo pye sèd”, l ap beni tè a agogo. — Revelasyon 14:1.
w88-F 15/9 17 § 8
Jewova rale epe l nan fouwo l!
Apre sa, Jewova te konpare Babilòn ansanm ak Ejip ak de gwo èg. Gen youn nan èg yo ki koupe tèt pye yon sèd lè l te met Sedesyas nan plas wa Jewoyakin. Byenke Sedesyas te fè Nebikadneza sèman l ap ret fidèl, li pa t respekte sèman an e li t al chèche èd bò kot lame moun ki te alatèt Ejip la ki reprezante lòt gwo èg la. Si pandan Sedesyas t ap fè sèman an li te site non Jewova, lè l pa t respekte sèman an, jan l te pwomèt sa a, li t ap sal non Jewova. Lefètke nou konnen lè n pa kenbe pawòl nou, sa ka sal non Bondye, sa ta dwe pouse n toujou respekte sa n di. Vrèmanvre, nou gen yon bèl privilèj pou n pote non Jewova antanke Temwen l! — Ezekyèl 17:1-21.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
w88-F 15/9 17 § 7
Jewova rale epe l nan fouwo l!
Etandone moun ki t ap viv Jida yo pa t fidèl, Jewova te konpare yo ak yon pye rezen ki pa t gen bon rezen ladan l e ki itil pou limen dife sèlman (Ezekyèl 15:1-8). Jewova te konpare yo tou ak yon timoun yo te abandone li te sove anba men Ejip e Jewova te kontinye pran swen l jiskaske l te vin gran ase pou moun renmen l. Jewova te chwazi l kòm madanm li, men li t al sèvi plizyè fo dye e yo t ap detwi l pou adiltè te fè a, lè l pa t respekte alyans li te fè ak Bondye a. Men, Jewova ‘t apral fè yon alyans ki ta p dire pou toutan’ ak moun ki fidèl yo, anpalan de nouvo alyans li t apral fè ak Izrayèl espirityèl la. — Ezekyèl 16:1-63; Jeremi 31:31-34; Galat 6:16.
w07-F 1/7 12 § 6
Pwen enteresan ki nan liv Ezekyèl la — I
17:1-24 — Kiyès de gwo èg yo reprezante, nan ki sans y ap kase ti boujon sou tèt pye sèd yo e kiyès ki “ti boujon” Jewova te plante a? De èg yo reprezante moun k ap dirije Babilòn ak Ejip. Premye èg la vin sou tèt pye sèd la, sa vle di li vin jwenn moun k ap dirije ki soti nan liy fanmi David la. Èg sa a kase tèt ti boujon yo lè l mete Sedesyas nan plas wa Jewoyakin ki t ap dirije peyi Jida. Byenke Sedesyas te fè wa Babilòn nan sèman l ap ret fidèl, li t al chèche èd nan men lòt èg la, anpalan de moun ki t ap dirije Ejip la, men sa pa t itil li anyen. Yo te pran misye mennen l kòm prizonye Babilòn e se la li te mouri. Jewova te keyi yon “ti boujon” tou, anpalan de Mesi a, Wa l chwazi a. Jewova plante l “sou yon mòn ki wo anpil”, anpalan de Mòn Siyon, nan syèl la, e se la ti boujon sa a ap vin tounen “yon gwo pye sèd”, l ap beni tè a agogo. — Revelasyon 14:1.
17-23 JIYÈ
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EZEKYÈL 18-20
“Lè Jewova padone nou, èske l bliye sa n te fè?”
w12-F 1/7 18 § 2
Lè Bondye padone nou, èske l bliye sa n te fè?
Jewova te sèvi ak Ezekyèl antanke pòtpawòl pou l te fè konnen li t apral jije moun ki pa t fidèl ki t ap viv Jida ak Jerizalèm yo. Tout nasyon an te sispann adore Jewova e se te vyolans ase ki te gen nan peyi a. Jewova te fè konnen alavans Babilòn t ap detwi Jerizalèm. Men, Jewova te anonse yon mesaj tou ki te bay moun yo espwa. Chak moun te lib pou yo chwazi e yo chak te gen kont pou yo rann Jewova pou aksyon yo fè yo. — Vèsè 19, 20.
w12-F 1/7 18 § 3-7
Lè Bondye padone nou, èske l bliye sa n te fè?
Men, e si yon moun ta sispann fè sa ki mal e li fè sa ki byen? Jewova te di: “Si yon moun ki mechan sispann fè tout peche l ap fè yo, li obeyi kòmandman m yo, li fè sa ki jis ak sa ki dwat, se sèten l ap kontinye viv. Li pap mouri.” (Vèsè 21). Pa gen dout nan sa, Jewova “dispoze padone” yon moun ki te peche, men ki sispann fè sa ki mal, e konsa, li montre li repanti toutbon. — Sòm 86:5.
E peche li te konn fè yo menm? Men sa Jewova fè konnen: “Yo pap fè l peye pou [pap fè l sonje, nòt] okenn nan peche li t ap fè yo.” (Vèsè 22). Remake nòt ki gen rapò ak vèsè a di lè yon moun repanti, “yo pap fè l sonje”. Ki sa k fè pawòl sa yo enpòtan?
Nan Bib la, mo ebre lè yo tradui l yo mete “sonje” pou li a ale pi lwen toujou pase annik sonje yon bagay ki te pase. Men sa yon liv fè konnen konsènan mo sa a: “Anfèt, byen souvan [li] gen rapò ak yon aksyon, oubyen yo itilize l ak vèb ki montre aksyon.” Kidonk, mo “sonje” a ka vle di “aji”. Sa fè n konprann, lè Jewova di yon moun ki repanti “yo [pap fè l sonje] okenn nan peche li t ap fè yo” se yon fason pou l di moun nan li pap sonje peche moun nan te fè a pou l aji kont moun nan annapre, kòmkwa pou l ta akize l oswa pini l.
Pawòl ki nan Ezekyèl 18:21, 22 yo fè nou konprann toutbon jis nan ki pwen Bondye konn padone. Lè Jewova padone peche nou, li pap janm itilize yo kont nou pi devan. Nan yon sans, li met peche moun ki repanti yo dèyè do l (Ezayi 38:17). Se kòmsi li elimine peche moun nan te fè yo. — Travay 3:19.
Etandone nou enpafè, nou bezwen pou Bondye fè n mizèrikòd. Dayè, èske nou pa peche souvan (Women 3:23)? Sepandan, Jewova vle nou konnen si nou repanti ak tout kè n, li dispoze padone n. E lè Jewova padone nou, li bliye sa n te fè, sa vle di, li pap janm sèvi ak peche n te fè yo pou l ap akize nou oswa pini nou. Sa vrèman ankourajan pou n konn sa! Piske w wè jan Bondye gen mizèrikòd, èske w pa anvi vin pi pwòch avè l?
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
w07-F 1/7 14 § 3
Pwen enteresan ki nan liv Ezekyèl la — I
20:1, 49. Fason ansyen ki ann Izrayèl yo te reyaji montre yo te gen dout sou sa Ezekyèl te di yo. Nou dwe veye pou n pa janm gen dout sou avètisman Bondye bay.
24-30 JIYÈ
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EZEKYÈL 21-23
“Se moun ki gen dwa legal la ki dwe wa”
w07-F 1/7 13 § 11
Pwen enteresan ki nan liv Ezekyèl la — I
Nan ane 611 anvan epòk nou an, nan setyèm ane a, kèk ansyen ki nan pèp Izrayèl la t al bò kot Ezekyèl pou yo te ka “poze Jewova kesyon”. Jewova te fè yo konnen jan Izrayèl gen lontan depi l l ap fè rebèl e li te avèti yo li t ap ‘rale epe l nan fouwo l’ pou l elimine Izrayèl (Ezekyèl 20:1; 21:3). Men sa Jewova te di moun ki te alatèt nasyon Izrayèl la (Sedesyas): “Retire mouchwa a, retire kouwòn nan. Bagay yo pap ret jan yo te ye a. Leve moun ki ba a, desann moun ki wo a. M ap fini ak wayòm nan, m ap fini avè l, wi, m ap fini avè l. Li pap pou pèsonn jiskaske moun ki gen dwa legal la vini. Se li menm m ap bay li.” — Ezekyèl 21:26, 27.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
w07-F 1/7 14 § 1
Pwen enteresan ki nan liv Ezekyèl la — I
21:3 — Ki “epe” sa a Jewova te rale nan fouwo l la? “Epe” Jewova te itilize pou l egzekite jijman l sou Jerizalèm ak Jida a se te Nebikadneza, wa Babilòn nan, ansanm ak lame l la. Li posib pou l gen rapò tou ak pati òganizasyon Bondye a ki nan syèl la, ki gen ladan l kreyati espirityèl yo ki gen anpil pisans.
w07-F 1/7 14 § 6
Pwen enteresan ki nan liv Ezekyèl la — I
23:5-49. Akò politik Izrayèl ak Jida te fè yo te lakòz yo tonbe nan fo adorasyon pèp yo te alye avèk yo t ap pratike yo. Annou veye pou n pa zanmi monn nan, paske sa ka fè n pèdi lafwa. — Jak 4:4.
31 JIYÈ–6 OUT
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EZEKYÈL 24-27
“Yon pwofesi sou vil Ti ki fè n gen plis konfyans nan Pawòl Jewova a”
si-F 133 § 4
26yèm liv nan Bib la: Ezekyèl
Nou jwenn plis prèv toujou ki montre nou jan nou ka fè liv Ezekyèl la konfyans lè nou wè jan sa te fini mal pou nasyon ki te ozalantou Izrayèl yo tankou Ti, Ejip ak Edòm, jan pwofesi Ezekyèl yo te anonse sa. Pa egzanp, Ezekyèl te gentan fè konnen yo t ap detwi vil Ti, e yon pati nan pwofesi sa a te reyalize lè wa Nebikadneza te okipe vil Ti pandan 13 an (Eze. 26:2-21). Sa k te rive a pa t vle di vil Ti te detwi nèt. Sepandan, nan jijman Jewova te pwononse a li te di li t ap detwi vil Ti nèt. Men sa Jewova te anonse pa mwayen Ezekyèl: “M ap grate tè a e m ap fè w tounen yon wòch ki byen klere e ki pa gen anyen sou li. [...] y ap pran wòch ou yo, y ap pran bagay ou genyen ki fèt an bwa yo, y ap pran tè w la e y ap jete yo nan dlo a.” (26:4, 12). Sa te rive vre plis pase 250 an annapre lè Aleksann Legran te atake zile vil Ti. Sòlda Aleksann yo te pran mezi se dekonm ki te sou pati ki pi gwo nan vil la e yo te lage yo nan lanmè. Sa ki te pèmèt yo fè yon wout sou dlo ki te mezire 800 mèt ki te sèvi yo kòm pon pou yo antre sou zile sa a. Konsa, yo te itilize yon teknik estrawòdinè pou yo pran vil la. Yo te monte sou mi l yo ki te mezire 46 mèt wotè pou yo te ka pran vil la nan ane 332 anvan epòk nou an. Plizyè milye moun te mouri e yo te vann anpil nan yo kòm esklav. Jan Ezekyèl te anonse sa a, vil Ti te tounen “yon lakou kote yo met filè pou fè lapèch seche”. (26:14.) Jan Ezekyèl te fè konn sa tou, yo te elimine trèt yo bay pou Edòm nan. Edòm te pa lòtbò Latè pwomiz (25:12, 13; 35:2-9). Ezekyèl te anonse yon seri pwofesi sou destriksyon Jerizalèm ak sou rekonstwi yo t ap gen pou rekonstwi Izrayèl, e pwofesi sa yo te reyalize alalèt tou. — 17:12-21; 36:7-14.
ce-F 216 § 3
Èske se Bondye ki te fè ekri Labib toutbon?
Vil Ti te yon waf ki enpòtan anpil pou peyi Fenisi. Peyi sa a te aji an trèt kont Izrayèl tan lontan an, yon nasyon kote moun yo te konn adore Jewova ki te nan zòn sid peyi Fenisi. Jewova te gentan fè konnen plis pase 250 an alavans pa mwayen pwofèt Ezekyèl yo t ap detwi vil sa a rapyetè. Men sa Jewova te di: “M ap fè anpil nasyon vin atake w [...]. Y ap kraze mi w yo, y ap kraze fòtrès ou yo, m ap grate tè a e m ap fè w tounen yon wòch ki byen klere e ki pa gen anyen sou li. W ap tounen yon lakou kote yo met filè pou fè lapèch seche, yon lakou ki nan mitan lanmè.” Ezekyèl te gentan fè konnen premye nasyon ki t apral pran vil Ti a e ki moun ki t ap alatèt nasyon sa a tou. Jewova te di: “M ap fè Nebikadneza, wa Babilòn nan, vin atake Ti.” — Ezekyèl 26:3-5, 7.
it-1-F 74
Aleksann
Aleksann te konsantre l sou pran zile vil Ti, olye l te kontinye pousuiv moun Pès yo ki t ap chape poul yo nan zòn Azi Minè apre Aleksann ak sòlda l yo te fin ranpòte de gwo viktwa sou yo (Premye viktwa yo te ranpòte a se te nan Rivyè Granik; dezyèm nan se te nan Plèn Isis kote lame Aleksann nan te ranpòte laviktwa sou yon gwo lame peyi Pès yo fè konnen ki te gen anviwon 500 mil moun ladan l). Plizyè syèk anvan sa, Jewova te gentan fè konnen yo t ap voye mi vil Ti yo, tout tè l yo, fòtrès li yo ak kay li yo nan lanmè (Eze 26:4, 12). Kidonk, li bon pou n remake se ak dekonm wa Nebikadneza te kite lè l te detwi pati ki te pi gwo nan vil la Aleksann te sèvi pou l bati yon wout sou dlo ki te mezire 800 mèt pou l al nan zile vil sa a. Nan mwa jiyè ane 332 anvan epòk nou an, Aleksann te itilize gwo bato l yo ak ekipman li te genyen pou l fè lagè yo pou l kraze vil sa a rapyetè, yon vil lanmè te rele l pa l e kote moun yo te gen anpil ògèy.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
w07-F 1/7 14 § 2
Pwen enteresan ki nan liv Ezekyèl la — I
24:6-14 — Ki sa wouy ki nan chodyè a reprezante? Lè yo te ansèkle Jerizalèm nan, li te tankou yon chodyè bouch li men lajè. Wouy ki te gen nan chodyè a reprezante koripsyon ki te gen nan domèn moral nan vil sa a, anpalan de konduit ki pa pwòp ak konduit derespektan ki te genyen ladan l, ansanm ak san moun yo t ap vèse yo. Bagay ki pa pwòp ki te gen nan vil la te tèlman anpil, yo te di menmsi yo ta mete chodyè a san anyen ladan l sou dife e yo ta kite l vin cho, wouy la pa t ap soti.
w88-F 15/9 21 § 24
Jewova rale epe l sot nan fouwo l!
Apre sa, Ezekyèl te dwe aji yon fason ki dwòl. (Li Ezekyèl 24:15-18.) Poukisa pwofèt la pa t dwe nan lapenn lè madanm li mouri? Pou l te ka montre Juif yo jis nan ki pwen yo t ap sezi lè yo t ap detwi Jerizalèm, tanp li a ak moun k ap viv ladan l yo. Ezekyèl te gentan ba yo ase enfòmasyon sou evènman sa yo ki te gen pou rive, donk li pa t ap di yo anyen ankò konsènan mesaj li te resevwa nan men Bondye yo jiskaske yo pot nouvèl ba li Jerizalèm tonbe. Swadizan relijyon kretyen yo ak tout fidèl ipokrit ki ladan yo gen pou yo sezi menm jan an lè yo pral detwi yo. E yonfwa “gwo tribilasyon” an kòmanse, gwoup kretyen ki gen esperans pou y al viv nan syèl la ki t ap veye yo pap di yo anyen ankò sou destriksyon k ap tann yo a (Matye 24:21). Men, lè Bondye pral sèvi ak “epe” l la pou l frape swadizan relijyon kretyen sa yo, lè sa a, fidèl yo ki te deja sezi san wete lòt moun ankò ‘pral konnen se li menm ki Jewova a’. — Ezekyèl 24:19-27.