KESYON LEKTÈ YO POZE
Nan ki moman pèp Bondye a te nan prizon nan Gran Babilòn nan?
Sa te kòmanse kèk tan apre ane 100 e l te fini an 1919. Poukisa l enpòtan pou n fè ajisteman sa a nan fason n te konprann pwen sa a?
Pa gen dout nan sa, kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo te libere nan Gran Babilòn nan an 1919 e yo te vin fòme yon kongregasyon ki pwòp. Fè yon ti reflechi: Tousuit apre Wayòm Bondye a te fin kòmanse dirije nan syèl la an 1914, pèp Bondye a te jwenn anpil eprèv e tikras pa tikras, Jewova te retire tout tras fo adorasyon an lakay yo pou l pirifye yoa. (Gade nòt anba paj la.) (Malachi 3:1-4). Epi, an 1919, Jezi te nome “esklav fidèl ki prevwayan an” pou l bay pèp Bondye a, ki te vin pwòp, “manje nan bon moman”. (Matye 24:45-47.) Nan menm ane sa a, pèp Bondye a te libere nan prizon senbolik li te ye nan Gran Babilòn nan (Revelasyon 18:4). Men, nan ki moman pèp Bondye a te vin nan prizon?
Anvan sa, nou te fè konnen pèp Bondye a te fè yon ti tan kòm prizonye nan Gran Babilòn nan apati 1918. Toudegad 15 mas 1992 la (fransè) te fè konnen menm jan yo te mennen Izrayelit yo nan prizon nan peyi Babilòn, se konsa tou, sèvitè Jewova yo te vin prizonye nan Gran Babilòn nan an 1918. Sepandan, gen plis rechèch ki montre pèp Bondye a te vin prizonye plizyè ane anvan 1918.
Pwofesi nou jwenn nan Ezekyèl 37:1-14 la fè konnen pèp Bondye a t ap gen pou l vin prizonye, annapre, li t ap libere. Pwofèt Ezekyèl te fè yon vizyon kote l te wè yon vale ki chaje zo mò. Men sa Jewova te di l: “Zo sa yo se tout moun Izrayèl yo.” (Vèsè 11). Sa l te di a te konsène nasyon Izrayèl la, e annapre, li t apral konsène “Izrayèl Bondye a” Bondye te chwazi pa mwayen lespri sen l (Galat 6:16; Travay 3:21). Nan vizyon an, zo yo te vin vivan e yo te tounen yon kokennchenn lame. Vizyon sa a esplike fason pèp Bondye a te libere nan Gran Babilòn nan an 1919. Men, ki jan pwofesi sa a montre pèp la te fè anpil tan kòm prizonye?
Premyèman, Ezekyèl te fè konnen zo moun ki mouri yo te “sèch nèt”. (Ezekyèl 37:2, 11.) Sa montre moun yo te gen anpil tan depi yo mouri. Dezyèmman, Ezekyèl pa t wè moun ki mouri yo vin vivan ankò yon sèl kou, men, se te tikras pa tikras. Li te tande “yon bri ki te tankou bri bagay k ap frape youn ak lòt epi zo yo te kòmanse rasanble. Youn te vin kole ak lòt.” Apre sa, li te wè “yo vin gen tandon ak chè sou yo”. Epi, yo te vin gen po sou yo. Annapre, “yo te vin gen souf nan yo, yo te vin vivan”. Pou fini, apre moun yo te fin retounen vivan ankò, Jewova te ba yo peyi yo a pou yo abite. Tout bagay sa yo t apral pran tan. — Ezekyèl 37:7-10, 14.
Jan pwofesi sa a te anonse sa, Izrayelit yo te fè anpil tan kòm prizonye. Yo te mennen yo kòm prizonye nan ane 740 anvan Jezi Kris lè yo te fòse dis tribi Izrayèl la, anpalan de wayòm nò a, kite peyi yo. Annapre, Babilónyen yo te detwi Jerizalèm nan ane 607 anvan Jezi Kris, e yo te fòse lòt de tribi yo, anpalan de wayòm Jida a ki te nan sid, kite peyi yo tou. Epi, Izrayelit yo te libere nan ane 537 anvan Jezi Kris, lè yon ti gwoup Juif te retounen Jerizalèm pou yo rebati tanp lan e pou yo adore Jewova ankò.
Konsa, tout detay sa yo montre kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo dwe te fè anpil tan kòm prizonye nan Gran Babilòn nan, se pa sèlman ant ane 1918 ak ane 1919. Jezi tou te fè referans ak kantite tan byen long sa a lè l te di fo kretyen yo, anpalan de move zèb yo, t ap gen pou yo grandi ansanm ak “pitit Wayòm nan”, anpalan de ble a (Matye 13:36-43). Pandan tan sa a, pa t gen anpil moun ki te vrè kretyen. Pifò moun ki te fè konnen yo se kretyen te aksepte fo ansèyman e yo te vin aposta. Se rezon sa a ki fè n kapab di yo te mennen kongregasyon kretyen an kòm prizonye nan Gran Babilòn nan. Yo te kòmanse mennen yo kòm prizonye kèk tan apre ane 100 e sa te kontinye jiskaske Bondye te fin pirifye tanp espirityèl li a nan tan lafen an. — Travay 20:29, 30; 2 Tesalonisyen 2:3, 6; 1 Jan 2:18, 19.
Pandan tout syèk sa yo, gwo potanta nan legliz yo ak chèf politik yo te vle kontwole tout moun. Pa egzanp, moun yo pa t gen dwa posede yon bib oswa li Labib nan yon lang yo te ka konprann. Gen kèk moun yo te menm boule sou yon poto paske yo te li Bib la. Epi, moun ki te pale kont sa chèf legliz yo t ap anseye yo te konn jwenn gwo pinisyon. Li te prèske enposib pou yon moun aprann laverite oubyen pou l anseye lòt moun laverite.
Mete sou sa, selon vizyon Ezekyèl la, nou aprann pèp Bondye a te retounen vivan ankò e yo te libere tikras pa tikras nan fo relijyon. Donk, ki lè sa te kòmanse fèt e ki jan? Nan vizyon an, yo pale de “yon bri ki te tankou bri bagay k ap frape youn ak lòt”. Bri sa a te kòmanse fèt nan dènye syèk ki te pase anvan tan lafen an. Pandan ane sa yo, te gen kèk moun fidèl ki te vle jwenn laverite e ki te vle sèvi Bondye menm lè yo te antoure ak fo ansèyman. Yo te etidye Labib e yo te fè tout sa yo kapab pou yo fè moun konnen sa yo te aprann yo. Gen lòt ki te travay di pou yo tradui Bib la nan lang moun yo konprann.
Epi, prèske nan fen ane 1800 yo, se kòmsi zo yo te vin gen po sou yo. Charles Taze Russell ansanm ak zanmi l yo te fè anpil efò pou yo jwenn laverite ki nan Bib la e pou yo sèvi Jewova. Mete sou sa, yo te ede lòt moun konprann laverite lè yo te sèvi ak Toudegad Siyon an ak lòt piblikasyon. Pi devan, “Fotodram kreyasyon an” ki te parèt an 1914 ansanm ak liv Mistè a rive nan bout li a (anglè) ki te parèt an 1917, te ede pèp Jewova a vin pi djanm nan lafwa. Pou fini, an 1919, se kòmsi Bondye te bay pèp li a lavi e l te ba yo yon nouvo peyi. Depi lè sa a, moun ki gen esperans pou yo viv pou toutan sou tè a te vin met ansanm ak moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo. Yo tout ap adore Jewova e yo vin tounen “yon kokennchenn lame”. — Ezekyèl 37:10; Zakari 8:20-23b. — Gade nòt anba paj la.
Donk, li klè, pèp Bondye a te vin prizonye nan Gran Babilòn nan apre ane 100. Se nan peryòd sa a anpil moun te vin aposta paske yo te aksepte fo ansèyman relijyon yo e yo te rejte laverite. Pandan anpil ane, li te difisil pou yon moun sèvi Jewova menm jan sa te ye pou Izrayelit yo lè yo te prizonye. Men, jodi a, nou preche tout moun laverite. Se pa ti kontan nou kontan dèske n ap viv nan epòk kote “moun ki gen bon konprann yo pral klere”. Kounye a, anpil moun ka “pirifye tèt yo”, yo ka “mennen yon vi ki pwòp” e yo ka aksepte vrè adorasyon an. — Dànyèl 12:3, 10.
Lè Satan t ap tante Jezi a, èske l te mennen l toutbon nan tanp lan oubyen l te montre l tanp lan nan yon vizyon?
Nou pa vrèman konnen ki jan Satan te montre Jezi tanp lan.
Se Matye ak Lik, de ekriven nan Bib la, ki te pale de istwa sa a. Matye te di “Dyab la mennen” Jezi Jerizalèm e li “fè l kanpe sou tèt mi tanp lan”, sa vle di “kote ki pi wo” nan tanp lan (Matye 4:5, nòt). Lik li menm fè konnen Dyab la “mennen l Jerizalèm, li fè l kanpe sou tèt mi tanp lan”. — Lik 4:9.
Anvan sa, piblikasyon nou yo te fè konnen petèt Satan pa t mennen Jezi nan tanp lan toutbon lè l t ap tante l la. Toudegad 1ye mas 1961 an (anglè) konpare sa k te rive a ak lè Satan te eseye tante Jezi lè l te montre l tout wayòm ki nan monn nan detan l sou yon mòn ki byen wo. Toudegad sa a te fè konnen pa gen okenn mòn ki wo ase pou yon moun ta kanpe sou li pou l rive wè tout wayòm ki nan monn nan. Apre sa, Toudegad la te fè konnen, menm jan an tou, li posib pou Satan pa t mennen Jezi nan tanp lan toutbon. Men, annapre gen lòt atik Toudegad ki te esplike si Jezi te sot sou tanp lan vole anba, li te ka mouri.
Gen kèk moun ki di piske Jezi pa t yon Levit, yo pa t ap kite l monte sou tèt tanp lan. Se sa k fè yo panse se pa mwayen yon vizyon Satan dwe t ap eseye tante Jezi. Plizyè santèn ane anvan sa, nan yon vizyon, yo te mennen pwofèt Ezekyèl al vizite yon tanp tou. — Ezekyèl 8:3, 7-10; 11:1, 24; 37:1, 2.
Si se nan yon vizyon Satan te mennen Jezi nan tanp lan, gen kèk moun ki te ka mande:
Èske Jezi t ap vrèman santi se yon tantasyon sa ye pou l sot sou tanp lan vole anba?
Lòt fwa Satan t ap tante Jezi yo, li te mande Jezi fè bon wòch tounen pen toutbon e l te vle pou Jezi fè yon jès adorasyon toutbon pou li. Kidonk, èske l pa posib tou pou Satan te vle Jezi sot sou tèt tanp lan toutbon pou l vole anba?
Men, gen kèk moun ki ka mande, si Satan pa t sèvi ak yon vizyon e l te mennen Jezi nan tanp lan toutbon:
Èske Jezi pa t vyole Lalwa lè l te kanpe sou tèt tanp lan?
Kòman Jezi te fè sot nan dezè a pou l rive jis nan tanp lan ki Jerizalèm?
Annou egzamine kèk enfòmasyon k ap ede n reponn de dènye kesyon yo.
Selon sa pwofesè D. A. Carson te ekri, mo grèk Matye ak Lik te itilize yo mete “tanp” pou li a ka fè referans ak tout kote nan tanp lan pa sèlman ak kote Levit yo sèlman te gen dwa ale a. Pati nan tanp lan ki te nan zòn sidès la te gen yon kote plat e se kote sa a ki te pi wo nan tanp lan. Petèt se kote sa a Satan te mennen Jezi. Distans ki te separe kote sa a nan tèt tanp lan ak Vale Kidwon se te anviwon 140 mèt (450 pye) wotè. Selon sa yon istoryen ki rele Jozèf te fè konnen, si yon moun ta kanpe la epi l gad anba, li “t ap gen tèt vire”. Menmsi Jezi pa t yon Levit, li te ka kanpe la e pèsonn pa t ap di l anyen.
Men, ki jan Jezi t ap fè sot nan dezè a pou l al nan tanp lan ki Jerizalèm? Nou pa fin konnen. Bib la sèlman di, Satan mennen Jezi Jerizalèm. Li pa di ki distans Jezi te ye parapò ak Jerizalèm oubyen konbyen tan Satan te pase ap tante Jezi. Kidonk, li posib pou Jezi te mache al Jerizalèm menm lè sa gendwa te pran anpil tan.
Lè Satan te montre Jezi “tout wayòm ki nan monn nan”, li posib pou se nan yon vizyon li te fè sa paske l pa posib pou yon moun wè tout wayòm sa yo sou okenn tèt mòn sou tè a. Sa ka sanble ak fason nou ka sèvi ak yon fim nan yon ekran televizyon pou n montre yon moun kèk lòt kote sou tè a. Petèt Satan te sèvi ak yon vizyon, men an reyalite, sa l te vle se te pou Jezi pwostène devan l e pou l adore l (Matye 4:8, 9). Lè Satan te mennen Jezi nan tanp lan, li posib pou l te vle pou Jezi riske lavi l lè l soti sou tanp lan vole anba. Men, Jezi te opoze avè l. Ki jan sa t ap fè yon tantasyon toutbon si se te nan yon vizyon Satan te tante Jezi?
Kidonk, li posib pou Jezi t al Jerizalèm vre e l te kanpe sou pati ki pi wo nan tanp lan. Nòmalman, jan n te di sa nan kòmansman atik la, nou pa vrèman konnen ki jan Satan te montre Jezi tanp lan. Men, nou mèt sèten Satan te kontinye eseye fè Jezi fè sa k mal e nan chak fwa sa yo, Jezi te opoze avè l ak tout fòs.
b Ni Ezekyèl 37:1-14, ni Revelasyon 11:7-12 pale de yon bagay ki te rive an 1919. Pwofesi ki nan Ezekyèl 37:1-14 la fè referans ak tout moun ki nan pèp Bondye a ki te retounen nan vrè adorasyon an an 1919 apre yo te fin fè anpil tan kòm prizonye. Men, Revelasyon 11:7-12 fè referans ak reviv yon ti gwoup frè Bondye chwazi pou pran latèt pami pèp Bondye a te vin reviv ankò an 1919. Yo te anpeche frè sa yo ret aktif pandan yon tan.