-
“Wa nò a” nan tan lafen anToudegad etid — 2020 | me
-
-
10. Ki jan pwofesi ki nan Dànyèl 11:25b, 26 la te reyalize?
10 Kounye a, Dànyèl anonse sa k t apral rive anpi alman an ak lame li te vin genyen an. Pwofesi a te fè konnen wa nò a “pap kanpe”. Sa k fè sa? “Paske y ap fè konplo kont li. Epi, se moun k ap manje bon manje l yo k ap lage l atè.” (Dàn. 11:25b, 26a). Nan epòk Dànyèl la, pami moun ki te konn manje “bon manje” wa a te gen moun ki te nan gwo pozisyon ki te konn “travay pou wa a”. (Dàn. 1:5.) De kiyès pwofesi a ap pale la a? L ap pale konsènan moun ki nan gwo pozisyon nan anpi alman an, sa gen ladan l jeneral anperè a te genyen yo ak moun ki te konn ba l konsèy nan domèn militè. E finalman se yo menm ki te lakòz fòm gouvènman sa a krazee. Nonsèlman pwofesi a te anonse anpi a t ap kraze, men tou li te fè konnen ki jan lagè li t apral fè ak wa sid la t ap fini. Men sa l di konsènan wa nò a: “Y ap kraze lame l la e y ap touye anpil nan sòlda l yo.” (Dàn. 11:26b). Jan pwofesi a te di a, nan Premye Gè mondyal la, yo te “kraze” lame alman an e yo te “touye” anpil nan sòlda l yo. Potko janm gen yon gè nan istwa lèzòm ki te lakòz tout moun sa yo mouri.
-
-
“Wa nò a” nan tan lafen anToudegad etid — 2020 | me
-
-
e Yo te fè divès bagay ki te lakòz anpi a kraze byen vit. Pa egzanp, yo te sispann soutni anperè alman an, yo te bay yon seri enfòmasyon sekrè anrapò ak sa yo te pèdi nan gè a, e yo te fòse anperè alman an kite pouvwa a.
-