-
N ap mache nan non Jewova pou toutan !Toudegad — 2003 | 1ye septanm
-
-
15. Kòman ou ta dekri nan pwòp mo pa w pwofesi nou jwenn nan Mika 4:1-4 la ?
15 Lè nou retounen dèyè, nou wè Mika apre sa k ap bay yon mesaj espwa ki pasyonan. Ala pawòl ankourajan nou jwenn nan Mika 4:1-4 ! Men yon pati nan sa l di : “ Men sa ki dwe rive nan dènye pati jou yo, montay mezon Jewova a pral chita byen djanm anlè tèt mòn yo, e l ap monte anlè tèt kolin yo, e ladan l, yon bann pèp ap vini an foul. [...] Li pral pwononse jijman pami yon bann pèp, e li pral mete bagay yo annòd konsènan nasyon pisan ki lwen yo. E yo pral fòje epe yo pou fè yo tounen pyès chari, e lans yo, yo gen pou fè yo tounen sekatè. Yo pap leve epe nasyon kont nasyon, e yo pap aprann lagè ankò. Yo chak gen pou yo chita anba pye rezen ak anba pye fig pa yo epi pap gen pèsonn k ap vin fè yo tranble, se bouch Jewova [Chèf] lame yo menm ki di sa. ”
-
-
N ap mache nan non Jewova pou toutan !Toudegad — 2003 | 1ye septanm
-
-
17 Ann amoni ak pwofesi Mika a, talè konsa, adorasyon pwòp Jewova a pral blayi kò l toutbon sou tout tè a. Jodi a, moun ki “ nan dispozisyon kòrèk pou lavi etènèl ” resevwa enstriksyon pou yo mache nan chemen Jewova yo (Travay 13:48). Jewova ap pwononse jijman e l ap mete bagay yo annòd espirityèlman pou kwayan ki pran pozisyon pou Wayòm nan. Antanke manm “ gwo foul ” la, y ap chape anba “ gwo tribilasyon ” an (Revelasyon 7:9, 14). Piske yo deja fòje epe yo fè yo tounen pyès chari, menm depi kounye a yo viv anpè ni avèk Temwen Jewova parèy yo ni avèk lòt moun. Ala sa agreyab pou nou pami moun sa yo !
Nou deside pou nou mache nan non Jewova
18. Ki sa “ chita anba pye rezen ak anba pye fig ” senbolize ?
18 Jodi a, kote laperèz kouvri tout tè a, nou kontan anpil pou nou wè anpil moun k ap aprann chemen Jewova. N ap tann avèk enpasyans moman ki prèske rive a lè tout moun ki renmen Bondye pap aprann lagè ankò men yo pral chita anba pwòp pye rezen yo ak anba pwòp pye fig yo. Souvan, yo konn plante fig nan jaden rezen (Lik 13:6). Chita anba pwòp pye rezen w ak anba pwòp pye fig ou senbolize lapè, pwosperite ak sekirite. Menm depi kounye a, relasyon nou ak Jewova fè lespri nou anpè e li ban nou sekirite espirityèl. Lè nou pral anba dominasyon Wayòm nan, nou pap pè menm e n ap gen sekirite totalkapital.
-