-
Fè Jewova konfyans e w ap gen lavi!Toudegad etid — 2018 | novanm
-
-
15, 16. a) Ki pwomès nou ka jwenn nan liv Abakouk la? b) Ki sa pwomès sa yo aprann nou?
15 Men pwomès Jewova fè moun ki jis e ki met konfyans nan li yo: “Moun ki jis la ap kontinye viv, paske li fidèl” epi “tè a pral plen konesans sou glwa Jewova”. (Aba. 2:4, 14.) Vrèmanvre, moun ki fè Bondye konfyans e ki gen pasyans ap jwenn lavi kòm rekonpans.
-
-
Fè Jewova konfyans e w ap gen lavi!Toudegad etid — 2018 | novanm
-
-
17. Ki asirans liv Abakouk la ban nou?
17 Liv Abakouk la bay nou tout k ap viv nan dènye jou sa yo yon leson enpòtan. Jewova fè kèlkeswa moun ki jis e ki demontre l gen lafwa ak konfyans nan Li pwomès pou l ba l lavi. Kèlkeswa pwoblèm ak enkyetid n ap fè fas, ann kontinye ranfòse lafwa ak konfyans nou gen nan Bondye. Pa mwayen Abakouk, Jewova ban nou asirans l ap soutni nou e l ap delivre n. Avèk jantiyès, li mande n pou n fè l konfyans e pou n ret tann moman li fikse a avèk pasyans lè tout tè a pral ranpli ak moun k ap adore l ki gen kè kontan e ki gen tanperaman dou anba dominasyon Wayòm Bondye a. — Mat. 5:5; Ebre 10:36-39.
-