Gade diferans ki gen ant moun yo
“N ap wè diferans ant yon moun ki jis ak yon moun ki mechan.” — MAL. 3:18.
1, 2. Ki difikilte pèp Bondye a rankontre jodi a? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)
GEN anpil pwofesyonèl nan domèn sante k ap travay pami yon seri moun ki gen maladi trapan. Yo pran swen malad sa yo paske yo vle ede yo. Sepandan, lè y ap fè sa, yo dwe pwoteje tèt yo pou yo pa pran maladi y ap eseye trete a. Menm jan an tou, gen anpil nan nou k ap viv ak moun ki gen yon seri mantalite ak yon seri defo ki opoze ak kalite Bondye genyen yo. Sa reprezante yon defi pou nou.
2 Dènye jou sa yo se yon epòk kote moun yo vin pa bon menm nan domèn moral. Nan Dezyèm lèt apot Pòl te ekri Timote a, li te dekri fason moun ki lwen Bondye yo t ap ye, e sa ap gen pou l vin pi mal toujou. (Li 2 Timote 3:1-5, 13.) Byenke nou ka choke lè n wè jan defo sa yo gaye toupatou, konpòtman moun ki gen defo sa yo ak mantalite yo ka enfliyanse n (Pwo. 13:20). Nan atik sa a, nou pral egzamine jan defo moun k ap viv nan dènye jou yo genyen yo opoze ak kalite pèp Bondye a genyen yo. Mete sou sa, nou pral wè fason n ka pwoteje tèt nou pou n pa kite defo sa yo kontamine n toutpandan n ap ede lòt moun nan domèn espirityèl.
3. Ak ki moun lis defo ki nan 2 Timote 3:2-5 lan fè referans?
3 Apot Pòl te fè konnen, nan “dènye jou yo, tan yo pral di, yo pral difisil pou moun sipòte”. Annapre, li te site yon lis ki gen 19 vye mantalite, oswa defo, ki montre jan moun yo t ap ye nan epòk sa a. Lis sa a sanble ak lis nou jwenn nan Women 1:29-31 an, byenke lis ki nan lèt Pòl te ekri Timote a gen yon seri ekspresyon nou pa jwenn okenn lòt kote nan Liv ki te ekri an grèk yo. Men sa Pòl te di pou l entwodui lis defo sa yo: “Paske, moun yo ap...” Mo “moun” nan gen ladan l ni gason ni fi, piske yo toude montre yo gen defo sa yo. Sepandan, se pa tout moun ki gen defo sa yo. Kalite kretyen yo genyen yo pa menm ditou ak defo sa yo. — Li Malachi 3:18.
FASON N WÈ TÈT NOU
4. Ki jan w t ap dekri moun ki gonfle ak ògèy yo?
4 Apre Pòl te fin di gen anpil moun ki t ap renmen pwòp tèt yo e ki t ap renmen lajan, li te fè konnen tou moun yo t ap grandizè, yo t ap ògeye e yo t ap gonfle ak ògèy, yon seri defo ki konn fè moun santi yo siperyè lòt moun akoz kapasite yo, aparans yo, richès yo oswa pozisyon yo. Moun ki gen defo sa yo swaf pou moun admire yo e pou yo adore yo. Men sa yon biblis te ekri konsènan yon moun ki gen yon ògèy egzajere: “Nan kè l, gen yon ti lotèl kote l met ajenou devan tèt li.” Gen moun ki fè konnen ògèy ki egzajere a tèlman repiyan menm moun ki ògeye a pa renmen wè lòt moun genyen l.
5. Ki jan menm moun ki fidèl yo ka kite ògèy plen tèt yo?
5 Pa gen dout, Jewova rayi ògèy. Li pa vle wè “je moun ki gen ògèy”. (Pwo. 6:16, 17.) Ògèy anpeche moun pwoche bò kot Bondye (Sòm 10:4). Se youn nan defo Dyab la genyen (1 Tim. 3:6). Malerezman, gen kèk sèvitè fidèl Jewova ki kite ògèy kontamine yo. Ozyas, yon wa Jida, te fidèl pandan plizyè ane. Men, selon sa Bib la fè konnen, “kou l te vin gen anpil pouvwa, li te vin gen ògèy nan kè l, e sa te lakòz malè tonbe sou li. Li pa t montre l fidèl devan Jewova, Bondye l la. Li te antre nan tanp Jewova a pou l boule lansan sou lotèl yo boule lansan an”. Annapre, wa Ezekyas te tonbe nan pyèj ògèy la tou, menm lè se te pou yon ti tan sèlman. — 2 Kwo. 26:16; 32:25, 26.
6. Ki sa k te ka fè David vin gen ògèy, men ki sa k te fè l pa t genyen l?
6 Gen kèk moun ki vin gen ògèy akoz yo bèl, yo popilè, yo fò nan mizik, yo gen anpil kapasite fizik, oubyen yo nan gwo pozisyon. David pa t annik gen youn nan bagay sa yo, men l te gen yo tout. Poutan, li te demontre imilite pandan tout vi l. Apre David te fin touye Golyat e wa Sayil te ba l pitit fi l pou l vin madanm li, men sa David te di: “Ki sa m ye, ki moun ki fanmi m e ki moun ki fanmi papa m ann Izrayèl pou se mwen ki vin bofis wa a?” (1 Sam. 18:18). Ki sa k te ede David kontinye gen imilite? David te gen kalite, kapasite ak privilèj li te genyen yo paske Bondye te “bese” oswa l te aji ak imilite pou l ba l atansyon (Sòm 113:5-8). David te konnen tout bon bagay li te genyen yo se Jewova ki te ba li yo. — Konpare ak 1 Korentyen 4:7.
7. Ki sa k ap ede n demontre imilite?
7 Menm jan ak David, pèp Jewova a jodi a fè tout sa yo kapab pou yo demontre imilite. Nou ret bouch ouvè lè n aprann Jewova, pi gran Pèsonaj ki gen nan linivè, konn aji ak imilite, yon kalite ki atiran (Sòm 18:35). Nou pran konsèy ki vin annapre a nou jwenn nan Pawòl Bondye a trèzoserye: “Se pou nou abiye nou ak yon afeksyon e ak yon tandrès ki sot nan yon kè ki sansib, e se pou nou abiye nou ak bonte, imilite, dousè ak pasyans.” (Kol. 3:12). Anplis de sa, nou konnen lanmou “pa vante tèt li, li pa kite ògèy plen tèt li”. (1 Kor. 13:4.) Lè n demontre imilite, sa ka atire moun vin sèvi Jewova. Menm jan madanm yo ka genyen mari yo san pawòl grasa konduit yo, se konsa tou imilite pèp Bondye a demontre ka atire lòt moun vin sèvi Bondye. — 1 Pyè 3:1.
FASON N BOULE AK LÒT MOUN
8. a) Ki jan kèk moun wè kesyon dezobeyi paran yo jodi a? b) Ki sa Ekriti yo mande pou timoun yo fè?
8 Pòl te dekri fason moun k ap viv nan dènye jou yo t ap boule youn ak lòt. Li te fè konnen, nan dènye jou yo, timoun yo t ap dezobeyi paran yo. Byenke pafwa liv, fim ak pwogram televizyon ki gen jodi a konn aksepte yon konpòtman konsa e yo konn menm ankouraje l, dezobeyisans febli estabilite pati ki pi enpòtan nan sosyete a, anpalan de fanmi. Sa gen lontan depi moun konprann prensip sa a. Yon bagay enteresan sèke, nan peyi Lagrès tan lontan an, si yon gason te frape paran l, li t ap pèdi tout dwa l genyen antanke sitwayen. Dapre lwa women an, lè yon moun te frape papa l se tankou l te fè yon krim. Ni Liv ki te ekri ann ebre yo ni Liv ki te ekri an grèk yo mande pou timoun yo onore paran yo. — Egz. 20:12; Efe. 6:1-3.
9. Ki sa k ap ede jèn yo obeyi paran yo?
9 Timoun yo ka pwoteje tèt yo pou lespri dezobeyisans lan pa kontamine yo lè yo reflechi sou sa paran yo fè pou yo. Yon bagay k ap pouse yo demontre rekonesans se lè yo konprann se Bondye, Papa nou tout, ki mande yo pou yo obeyisan. Lè jèn yo pale an byen de paran yo, sa ka ede lòt jèn byen wè paran pa yo tou. Natirèlman, si paran yo pa gen afeksyon pou pitit yo, li ka difisil pou timoun yo obeyi ak tout kè yo. Yon lòt bò, lè yon timoun wè jan paran l renmen l toutbon, sa pouse l fè yo plezi menm lè l jwenn tantasyon pou l dezobeyi. Men sa Austin admèt: “Byenke souvan m te konn gen tandans eseye kache sa m fè, paran m yo te fikse yon seri règ ki rezonab, yo te esplike m rezon ki fè yo bay règ sa yo, e yo te toujou gen bonjan kominikasyon avè m. Sa te ede m obeyi yo. M te ka wè yo gen sousi pou mwen, e sa te fè m anvi fè yo plezi.”
10, 11. a) Ki defo ki montre moun yo pa gen lanmou youn pou lòt? b) Jis nan ki pwen vrè kretyen yo renmen pwochen yo?
10 Pòl te site kèk lòt defo ki montre moun yo pa gen lanmou youn pou lòt. Li lojik pou Pòl di moun yo t ap engra apre l te fin di yo t ap “dezobeyi paran yo”, paske sa dekri mantalite moun ki pa apresye bonte lòt moun demontre anvè yo. Mete sou sa, moun yo pa t ap fidèl. Yo pa t ap dispoze antann yo, yo t ap montre yo pa dispoze rekonsilye ak lòt moun. Yo t ap blasfeme e yo t ap trèt, yo t ap di pawòl ki malveyan e ki blesan sou moun e menm sou Bondye. Epitou, t ap gen moun k ap pale moun mal, yon seri moun k ap gaye move pawòl pou detwi bon repitasyon lòt moun genyena.
11 Kontrèman ak moun ki montre yo pa gen lanmou, jan atitid sa a gaye toupatou jodi a, moun k ap adore Jewova yo gen bonjan lanmou pou moun parèy yo. Se konsa sa te toujou ye. Jezi te fè konnen lanmou pou pwochen, ki se yon fòm agapè, se dezyèm pi gwo kòmandman ki gen nan Lwa Moyiz la, e se sèl kòmandman ki mande pou n renmen Bondye a ki pi gwo pase l (Mat. 22:38, 39). Anplis de sa, Jezi te di lòt moun t ap rekonèt vrè kretyen yo paske yo t ap gen lanmou youn pou lòt. (Li Jan 13:34, 35.) Lanmou sa a kretyen yo genyen an t ap menm pouse yo renmen ènmi yo. — Mat. 5:43, 44.
12. Ki jan Jezi te montre l gen lanmou pou lòt moun?
12 Jezi te montre l renmen lòt moun anpil. Li te vwayaje sot nan yon vil al nan yon lòt pou l anonse moun yo bon nouvèl Wayòm Bondye a. Li te geri moun ki avèg, moun ki enfim, moun ki gen maladi lèp ak moun ki soud. Li te leve moun ki mouri (Lik 7:22). Jezi te menm bay lavi l pou lèzòm, aktout anpil moun te rayi l. Jezi te demontre lanmou Papa l genyen an yon fason ki pafè. Toupatou sou tè a, Temwen Jewova yo montre yo gen lanmou ki soti nan Bondye a pou lòt moun.
13. Lè n demontre lanmou pou lòt moun, ki jan sa ede yo pwoche kot Jewova?
13 Lè n demontre lanmou pou lòt moun, sa ede yo pwoche kot Papa nou ki nan syèl la. Pa egzanp, gen yon mesye nan peyi Tayilann ki te santi l touche lè l te wè jan frè ak sè yo demontre lanmou youn pou lòt nan yon kongrè rejyonal. Apre l te fin tounen lakay li, li te mande pou yo etidye Labib avè l de fwa pa semèn. Li te preche tout fanmi pwòch li yo, epi, nan sèlman sis mwa apre kongrè a, li te fè premye lekti Labib li nan Sal Wayòm nan. Pou n rive wè jis nan ki pwen sa bon lè n demontre lanmou pou lòt moun, nou ka mande tèt nou: ‘Èske m fè tout sa m kapab pou m ede moun nan fanmi m, moun nan kongregasyon m ak moun nan tèritwa a? Èske m fè tout efò m pou m wè lòt moun jan Jewova wè yo?’
LOU AK TI MOUTON
14, 15. Ki defo ki sanble ak konpòtman bèt anpil moun genyen, men, ki chanjman kèk moun te fè pou yo vin bon moun?
14 Lòt defo moun yo demontre nan dènye jou yo bay kretyen yo plis rezon toujou pou yo pran distans yo ak moun sa yo. Moun ki pa renmen Bondye yo pa t ap renmen sa ki byen, oswa, jan kèk tradiksyon Labib tradui ekspresyon sa a, yo t ap “rayi sa ki bon” oswa yo “pa t ap vle wè tout sa ki byen”. Yo t ap san metriz, yo t ap sovaj. Gen kèk moun ki t ap gen tèt di, oswa yo t ap aji san reflechi e yo t ap pouryanis.
15 Gen anpil moun ki te gen yon seri defo ki sanble ak konpòtman bèt e ki te fè chanjman lakay yo pou yo vin bon moun. Labib te sèvi ak yon seri bèl pawòl pou l bay yon pwofesi ki anonse chanjman sa a. (Li Ezayi 11:6, 7.) Nan vèsè sa yo, yo pale konsènan kèk bèt sovaj, tankou lou ak lyon, k ap viv anpè ak kèk bèt, tankou ti mouton ak ti bèf. N ap remake anbyans pezib sa a ki gen ant bèt yo ap rive fèt “paske, san mank, tè a pral plen konesans sou Jewova”. (Eza. 11:9.) Etandone bèt yo pa ka aprann konnen Jewova, akonplisman pwofesi sa a nan domèn espirityèl gen rapò ak lèzòm.
16. Ki jan Bib la ede moun fè chanjman nan pèsonalite yo?
16 Gen anpil moun ki te fewòs menm jan ak lou, men, kounye a y ap viv anpè ak lòt moun. Ou ka li kèk nan eksperyans moun sa yo te fè nan ribrik ki rele “Labib chanje lavi moun” ki sou sit jw.org la. Moun ki vin aprann konnen Jewova e k ap sèvi l yo pa menm jan ak moun ki parèt gen atachman pou Bondye men k ap aji yon fason ki kontrè ak fòs atachman sa a, yon seri moun ki konpòte yo kòmsi y ap adore Bondye, men, konduit yo pa montre sa. Okontrè, moun ki te fewòs yon lè yo vin “abiye [yo] ak nouvo pèsonalite a ki te kreye selon volonte Bondye e ki konfòm ak sa vrè jistis ak vrè fidelite a mande”. (Efe. 4:23, 24.) Toutpandan moun yo ap aprann konn Bondye, yo wè jan l nesesè pou yo suiv prensip li yo. Konsa, sa pouse yo chanje kwayans yo, atitid yo ak konduit yo. Chanjman sa yo pa fasil, men, yo rive fè yo paske lespri Bondye ap ede moun ki vle fè volonte Bondye ak tout kè yo.
“MOUN SA YO, EVITE YO”
17. Ki sa n ka fè pou n pa kite moun ki gen atitid ki pa fè Bondye plezi yo enfliyanse n?
17 Diferans ki genyen ant moun k ap sèvi Bondye ak moun ki pap sèvi l yo vin parèt pi klè toujou. Nou menm k ap sèvi Bondye, nou dwe fè atansyon pou n pa kite move konpòtman lòt moun genyen enfliyanse nou. Nou montre n saj lè n koute konsèy ki mande pou n evite moun yo pale de yo nan 2 Timote 3:2-5 lan. Nòmalman, nou pa ka evite moun ki gen pèsonalite ki pa fè Bondye plezi yo nèt. Nou gendwa oblije travay avèk yo, al lekòl avèk yo oswa viv avèk yo. Men, nou ka evite vin gen menm panse ak yo e n ka evite imite atitid yo. Nou fè sa lè n chèche vin gen yon pi bon relasyon ak Bondye grasa etid nou fè nan Bib la ak lè n gen yon relasyon sere sere ak moun ki detèmine pou yo sèvi Jewova.
18. Ki jan pawòl nou ak konduit nou ka ede lòt moun nan domèn espirityèl?
18 Mete sou sa, nou ta dwe fè efò pou n ede lòt moun nan domèn espirityèl. Chèche jwenn okazyon pou n ba yo temwayaj, mande Jewova ede n di sa ki bon nan bon moman an. Nou dwe fè lòt moun konnen nou se Temwen Jewova. Lè n fè sa, bon konduit nou genyen ap fè Bondye jwenn glwa olye se nou menm ki jwenn glwa. Nou jwenn fòmasyon pou n “rejte konduit ki dezonore Bondye, pou nou rejte dezi ki nan monn nan, e pou nou viv avèk bonsans ak jistis ak atachman pou Bondye nan sistèm sa a”. (Tit 2:11-14.) Si nou konpòte nou fason Bondye renmen an, lòt moun ap wè sa, e kèk nan yo ka menm di: “Nou vle ale avèk nou, paske nou tande yo di Bondye avèk nou.” — Zak. 8:23.
a Mo grèk lè yo tradui l yo met “moun k ap pale moun mal” oswa “moun k ap akize” pou li a se dyabolòs, yon mo yo itilize nan Bib la kòm yon tit pou Satan, mechan k ap pale Bondye mal la.