A1
Prensip pou yo fè tradiksyon Labib
Yo te ekri Bib la nan lang ebre, nan lang arameyen ak nan lang grèk yo te konn itilize nan tan lontan. Jodi a, Labib disponib ann antye oswa an pati nan anviwon 2 600 lang. Pifò moun k ap li Labib pa konnen lang yo te itilize lè yo te fèk ap ekri Bib la, se sa k fè yo bezwen pou moun tradui l pou yo. Ki prensip moun k ap tradui Labib yo dwe suiv, e ki jan prensip sa yo te itil moun ki te patisipe nan tradui Labib — Tradiksyon monn nouvo a?
Gen moun ki gendwa kwè sa k ap pi byen ede lektè yo konprann sa yo di nan lang orijinal yo se yon tradiksyon mo pou mo, kote yo mete tradiksyon yo fè pou chak mo anba mo sa a. Sepandan, se pa yon tradiksyon konsa ki toujou pi bon. Ann egzamine kèk rezon ki fè nou di sa:
Pa gen de lang ki gen egzakteman menm gramè, menm vokabilè e ki ranje pawòl yo menm jan. Gen yon pwofesè lang ebre ki rele S. R. Driver ki fè konnen lang yo “diferan, nonsèlman nan gramè yo ak nan kote yo soti, men tou [...] nan fason yo ranje mo yo pou yo fè fraz nan lang sa yo”. Moun yo pa panse menm jan nan chak lang. Pwofesè Driver kontinye pou l di: “Se pou rezon sa a, fòm fraz yo pa menm nan yon lang parapò ak yon lòt.”
Pa gen yon lang jodi a ki gen egzakteman menm mo ak menm gramè ak lang ebre, lang arameyen ak lang grèk yo te itilize pou ekri Bib la. Se sa k fè, si yo ta fè yon tradiksyon Labib mo pou mo, gen kote li pa t ap klè, e pafwa li te ka menm bay yon move sans.
Sans yon mo oswa sans yon ekspresyon kapab chanje selon kontèks la.
Gen kèk vèsè yon tradiktè Labib kapab tradui yon fason literal, men, li dwe pran anpil prekosyon lè l ap fè sa.
Men kèk egzanp ki montre kòman moun ka mal konprann yon tradiksyon ki fèt mo pou mo:
Nan Ekriti yo, yo sèvi ak mo “dòmi” an pou pale de moun ki kouche ap dòmi, e yo sèvi avè l tou pou pale de moun k ap dòmi nan lanmò (Matye 28:13; Travay 7:60). Lè mo sa a parèt nan kontèks ki fè wè y ap pale de lanmò, tradiktè Labib yo kapab sèvi ak ekspresyon tankou “dòmi nan lanmò”, sa ki ka ede moun k ap li a byen konprann de ki sa y ap pale. — 1 Tesalonisyen 4:13; 2 Pyè 3:4.
Nan Efezyen 4:14, apot Pòl te sèvi ak yon ekspresyon lè yo tradui l yon fason literal ki bay “moun k ap jwe zo”. Ansyen ekspresyon sa a fè referans ak abitid moun yo te genyen pou yo twonpe moun lè yo t ap jwe zo. Nan pifò lang, si yo ta tradui ekspresyon sa a yon fason literal, moun te ka pa fin konprann sa l vle di. Lè nou mete “moun ki sèvi ak trik” pou tradui ekspresyon sa a, sa fè moun pi byen konprann sans ekspresyon an.
Nan Women 12:11, yo sèvi ak yon ekspresyon grèk lè yo tradui l yon fason literal ki bay “lespri k ap bouyi”. Tradiksyon sa a pa fin bay bon sans lan an kreyòl. Se sa k fè, nan tradiksyon sa a, nou mete “lespri a chofe”.
Nan Diskou Jezi te bay sou mòn nan, yon diskou anpil moun konnen, li te sèvi ak yon ekspresyon souvan lè yo tradui l yo mete “benediksyon pou moun ki pòv nan lespri yo”. (Matye 5:3, King James Version.) Men, nan anpil lang, lè yo tradui ekspresyon sa a yon fason literal, li pa klè. Nan kèk ka, lè yo tradui l yon fason literal, li ka fè moun konprann yon moun ki “pòv nan lespri” l se yon moun ki gen pwoblèm mantal, se yon moun ki manke vivan, ki pa ka pran yon desizyon fèm. Alòske, selon vèsè sa a, Jezi t ap ede moun yo konprann, se pa lè yon moun vin gen bagay materyèl kè l ap kontan, men se lè l rekonèt li bezwen Bondye gide l (Lik 6:20). Kidonk, lè yo mete “moun ki pran konsyans yo bezwen Bondye” oswa “moun ki konnen yo bezwen Bondye” pou ekspresyon sa a, sa pi byen tradui sans ekspresyon orijinal la. — Matye 5:3, The New Testament in Modern English.
Nan anpil kontèks, mo ebre lè yo tradui l yo mete “jalouzi” pou li a gen menm sans ak mo jalouzi a an kreyòl, sa ki vle di se lè yon moun fache anpil akoz yon lòt moun ki sanble pa fidèl avè l, oswa se lè yon moun anvye lòt moun akoz sa yo genyen (Pwovèb 6:34; Ezayi 11:13). Men, yo konn itilize menm mo ebre sa a nan yon sans pozitif. Pa egzanp, li ka gen sans chofe Jewova chofe oswa deside li deside pou l pwoteje sèvitè l yo oubyen mande li “mande pou sèvitè l yo atache avè l sèlman”. (Egzòd 34:14; 2 Wa 19:31; Ezekyèl 5:13; Zakari 8:2.) Anplis de sa, yo ka itilize mo sa a tou lè y ap pale de chofe sèvitè fidèl Bondye yo chofe pou yo fè sa li mande oubyen pou yo adore l, oubyen tolere yo “pa [...] tolere okenn moun ki pa fidèl” ak Bondye. — Sòm 69:9; 119:139; Nonb 25:11.
An jeneral, ekspresyon ebre yo itilize pou yo pale de men moun gen plizyè sans. Selon kontèks la, yo ka tradui l ak mo tankou “otorite”, ‘bay’ oswa “pouvwa”. (2 Samyèl 8:3; 1 Wa 10:13; Pwovèb 18:21.) Anfèt, yo tradui mo sa a plizyè fason nan Labib — Tradiksyon monn nouvo a.
Lè nou konsidere tout bagay sa yo, nou vin rann nou kont tradui Labib mande plis pase pran yon mo nan lang orijinal la epi tradui l menm jan an tout kote l parèt. Yon tradiktè dwe gen bon jijman lè l ap chwazi mo ki pi byen bay ide ki nan tèks orijinal la. Mete sou sa, li bezwen ranje fraz yo ann amoni ak gramè lang l ap tradui a yon fason pou moun ka li tèks la san pwoblèm.
Anmenmtan, tradiktè yo dwe evite mete pase genyen lè y ap tradui. Yon tradiktè ki pran libète pou l rezime sa ki nan Bib la, selon jan l konprann ide yo, ka tòde vrè sans lan. Ki jan sa ka fèt? Sa ka rive lè l tradui tèks orijinal la selon jan l konprann li an, ki gendwa pa kòrèk, oswa li ka retire kèk detay enpòtan ki nan tèks orijinal la. Donk, menm lè li ka pi fasil pou yon moun li yon tradiksyon konsa, pafwa, libète yo pran an ka anpeche lektè a byen konprann vrè sans mesaj ki nan tèks la.
Kwayans yon tradiktè ka gen efè sou tradiksyon l ap fè a. Pa egzanp, men sa Matye 7:13 di: “Wout ki mennen nan destriksyon an se yon wout ki gran.” Gen kèk tradiktè, petèt akoz kwayans yo, ki sèvi ak mo “lanfè” a olye yo sèvi ak yon mo ki bay vrè sans mo grèk la ki vle di “destriksyon”.
Anplis de sa, yon tradiktè Labib dwe sonje, lè yo t ap ekri Bib la, yo te ekri l nan lang moun pale chak jou, lang kèlkeswa moun nan te ka konprann, kit se te kiltivatè, bèje oswa pechè pwason (Neyemi 8:8, 12; Travay 4:13). Kidonk, yon bon tradiksyon Labib se yon tradiksyon moun ki sensè a ka konprann mesaj ki ladan l lan, kèlkeswa moun li ye a. Li pi bon pou yon tradiktè Labib sèvi ak mo oswa ekspresyon ki senp e ki klè, ekspresyon tout moun ka konprann, olye l sèvi ak mo oswa ekspresyon se kèk moun sèlman k ap konprann yo.
Gen anpil tradiktè Labib ki pran libète pou yo retire non Bondye, ki se Jewova, nan tradiksyon Labib yo fè yo, menm lè non sa a parèt nan ansyen maniskri Labib yo. (Gade Apendis A4.) Nan anpil tradiksyon Labib, yo mete tit, tankou “Seyè”, pou ranplase non Bondye, e gen kèk tradiksyon ki pa menm kite moun konnen Bondye gen yon non. Pa egzanp, nan kèk tradiksyon Labib, lè y ap tradui priyè Jezi te fè ki parèt nan Jan chapit 17 la, nan vèsè 26 la yo mete: “Mwen fè yo konnen ki moun ou ye.” E nan vèsè 6 la, yo mete: “Mwen fè sila ou te ban mwen yo konnen w.” Men, yon tradiksyon ki fidèl ak tèks orijinal la t ap tradui pati sa yo nan priyè Jezi te fè a konsa: “Mwen fè yo konnen non w”; “Moun ou te [...] ban mwen yo, mwen fè yo konnen non w.”
Men sa nou jwenn nan entwodiksyon premye edisyon Tradiksyon monn nouvo a ann anglè: “Nou pa rezime Ekriti yo. Nou fè efò pou nou tradui tèks orijinal yo yon fason literal depi tradiksyon sa a ann amoni ak fason moun yo pale anglè jodi a, depi li bay sans pawòl ki nan tèks orijinal yo e depi li pa kache ide ki nan tèks orijinal yo.” Nan tradiksyon kreyòl la, nou suiv menm prensip ak moun ki nan komite tradiksyon monn nouvo a. Se sa k fè nou fè efò nonsèlman pou nou sèvi ak mo oswa fraz ki sanble ak sa ki nan tèks orijinal yo, men tou, pou nou evite sèvi ak mo oswa fraz ki sonnen dwòl lè moun li yo oswa ki kache ide ki nan tèks orijinal yo. Konsa, moun yo ap alèz pou yo li sa ki nan Bib la, e y ap gen konfyans nan mesaj Bondye enspire a paske tradiktè yo fidèl ak tèks orijinal yo. — 1 Tesalonisyen 2:13.